Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ou menm jèn, fòtifye lafwa w

Ou menm jèn, fòtifye lafwa w

Lafwa [...] se prèv klè [yon moun] genyen sou yon seri bagay reyèl li pa wè.” — EBRE 11:1.

KANTIK: 41, 69

1, 2. Ki sa jèn k ap sèvi Jewova yo konn mande tèt yo pafwa, e ki konsèy Bib la bay?

MEN sa yon kondisip yon jèn sè nan peyi Grann Bretay te di l: “Ou sanble twò entèlijan pou w kwè nan Bondye!” Men sa yon frè nan peyi Almay te ekri: “Pou pwofesè m yo, istwa kreyasyon ki nan Bib la se yon lejann. Pou yo menm, tout elèv kwè nan teyori evolisyon an.” Men sa yon jèn sè nan peyi Lafrans te di: “Gen pwofesè nan lekòl mwen ki sezi anpil lè yo wè gen elèv ki toujou kwè nan Bib la.”

2 Anpil moun jodi a pa kwè se Bondye ki kreye nou. Si w se yon jèn k ap sèvi Jewova oubyen k ap aprann konnen l, pafwa ou ka mande tèt ou ki jan w ka pwouve li se Kreyatè nou. Bib la ede n byen reflechi sou sa nou tande oubyen sa nou li e pou n rezone sou yo. Men sa Pawòl Bondye a di: “W ap aprann reflechi e sa ap pwoteje w.” Ki jan? Sa ap ede w pou w rejte ide ki pa verite e pou w fòtifye lafwa w nan Jewova. — Li Pwovèb 2:10-12.

3. Sou ki sa n pral pale nan atik sa a?

3 Pou n gen yon lafwa solid nan Jewova, nou dwe aprann byen konnen l (1 Timote 2:4). Se sa k fè, lè w ap li Bib la ak piblikasyon nou yo, li enpòtan anpil pou w pran yon ti tan pou w reflechi sou sa w li yo. Eseye konprann sa w li yo (Matye 13:23). Si w etidye konsa, w ap jwenn plis prèv ki montre Jewova se Kreyatè nou e Bib la se Pawòl li (Ebre 11:1). Ann wè ki jan nou ka fè sa.

FASON POU W FÒTIFYE LAFWA W

4. Nan ki sans yon moun ki kwè nan evolisyon sanble ak yon moun ki kwè nan kreyasyon? Bon, ki sa nou tout dwe fè?

4 Yon moun ta kapab di w: “Mwen kwè nan evolisyon paske syantifik yo di se laverite. Ki jan w fè kwè nan Bondye alòske okenn moun pa janm wè l?” Gen anpil moun ki panse konsa. Se vre, pa gen nou youn ki janm wè Bondye oubyen ki te wè l k ap kreye yon bagay (Jan 1:18). Men, e moun ki kwè nan evolisyon yo? Yo menm tou, yo kwè nan yon bagay yo pa ka wè. Pa gen okenn syantifik oubyen okenn lòt moun ki te janm wè yon fòm lavi k ap chanje pou l vin tounen yon lòt fòm lavi. Pa egzanp, pa gen pèsonn ki te janm wè yon reptil vin tounen yon bèt ki ka bay pitit li tete (Jòb 38:1, 4). Kidonk, nou tout dwe egzamine prèv ki genyen yo, byen reflechi sou yo, epi chèche wè ki sa yo montre toutbonvre. Gen anpil moun ki gade sa ki nan lanati e yo “rive wè” gen yon Bondye. Sa “parèt klè” nan je yo Bondye se Kreyatè a, li gen anpil pisans e li gen anpil bèl kalite. — Women 1:20.

Zouti pou fè rechèch yo kapab ede w jwenn fason pou w esplike lòt moun kwayans ou. (Gade paragraf 5.)

5. Ki zouti pou fè rechèch ki ka ede nou aprann plis bagay sou kreyasyon an?

5 Lè n gade lanati e nou byen reflechi sou sa nou wè yo, nou kapab wè tout bagay fèt yon fason ki estrawòdinè. “Grasa lafwa nou genyen, nou vin konprann” gen yon Kreyatè, byenke nou pa ka wè l. Nou rann nou kont li gen yon bèl pèsonalite ak yon kokenn sajès (Ebre 11:3, 27). Nou ka aprann anpil bagay nan sa l kreye yo lè nou li sa syantifik yo dekouvri. Nou kapab jwenn kèk nan enfòmasyon sa yo nan yon seri zouti pou fè rechèch, tankou videyo Les merveilles de la création révèlent la gloire de Dieu, bwochi La vie a-t-elle été créée?, bwochi Cinq questions à se poser sur l’origine de la vie ak liv Y a-t-il un Créateur qui se soucie de vous? a. Byen souvan, n ap jwenn yon seri atik nan Réveillez-vous! ki gen entèvyou yo fè ak kèk syantifik ansanm ak lòt moun ki esplike rezon ki fè kounye a yo kwè nan Bondye. Epi, seri atik ki rele “Hasard ou conception?” an bay anpil detay sou kèk bèt ak lòt bagay nan lanati ansanm ak kèk egzanp ki montre jan kèk syantifik eseye imite fason bagay sa yo fonksyone.

6. Ki jan zouti pou fè rechèch yo kapab ede w?

6 Men sa yon frè nan peyi Etazini ki gen 19 an te di sou de bwochi nou sot site yo: “Bwochi sa yo gen anpil valè pou mwen. Mwen deja etidye yo plizyè fwa.” Men sa yon sè nan peyi Lafrans te ekri: “Seri atik ki rele ‘Hasard ou conception?’ an fè m ret bouch ouvè! Li montre pi gwo enjenyè yo kapab imite bagay sofistike ki gen nan lanati yo, men yo pap janm kapab fè yo menm jan an.” Men sa paran yon demwazèl ki gen 15 an k ap viv ann Afrik disid te di: “An jeneral, premye bagay pitit fi nou an li nan Réveillez-vous! se ribrik ki rele ‘Interview’ a.” Piblikasyon sa yo kapab ede w tou pou w wè prèv ki montre gen yon Kreyatè, e w ap kapab rekonèt fo ansèyman yo epi rejte yo. Lafwa w ap vin tèlman solid, w ap vin menm jan ak yon pyebwa ki gen rasin li byen fon e ki ret kanpe anba gwo van. — Jeremi 17:5-8.

LAFWA W GEN NAN BIB LA

7. Poukisa Bondye vle w sèvi ak kapasite w genyen pou w rezone a?

7 Èske se yon bagay ki mal pou w mande tèt ou: ‘Poukisa m kwè sa Bib la di?’ Sa pa mal ditou. Jewova pa vle w kwè nan yon bagay senpleman paske lòt moun kwè ladan l. Li vle w sèvi ak “kapasite [w] genyen pou [w] rezone” a pou w aprann konn Bib la e pou w jwenn prèv ki montre li se Pawòl li toutbon. Plis ou konn sa Bib la di, se plis lafwa w gen nan Bib la ap vin pi solid. (Li Women 12:1, 2; 1 Timote 2:4.) Youn nan fason pou w rive konn Bib la se lè w etidye yon seri sijè ou ta renmen pi byen konnen.

8, 9. a) Ki sijè kèk moun renmen etidye? b) Ki byenfè kèk moun te jwenn lè yo te medite sou sa yo li?

8 Gen moun ki renmen etidye pwofesi ki nan Bib la. Oubyen yo konn renmen konpare istwa ki nan Bib la ak sa istoryen yo, syantifik yo ak akeyològ yo di. Ann pran Jenèz 3:15 kòm egzanp. Jewova te bay pwofesi sa a ki enpòtan anpil yon ti tan apre Adan ak Èv te dezobeyi l e yo te vin opoze ak fason l ap dirije a. Se premye nan plizyè pwofesi ki nan Bib la ki ede n konprann ki jan Wayòm Bondye a pral montre se fason Bondye dirije a ki pi bon ak fason Wayòm nan pral elimine tout kalite soufrans. Ki jan w ta kapab etidye Jenèz 3:15? Ou ta ka fè yon lis vèsè ki bay plis detay sou fason pwofesi sa a gen pou l akonpli. Apre sa, ou ta ka chèche konnen ki lè yo te ekri pawòl ki nan vèsè sa yo epi mete yo nan lòd. Ou pap pran tan pou w vin rann ou kont moun sa yo ki te ekri Bib la pa t ap viv nan menm epòk, men, yo chak te ekri yon bagay ki te fè pwofesi sa a vin pi klè chak fwa. Sa ka ede w pwouve se lespri sen Jewova ki te gide yo. — 2 Pyè 1:21.

9 Gen yon frè nan peyi Almay ki te reflechi sou fason chak liv nan Bib la bay detay sou Wayòm nan. Men sa l te di: “Se konsa sa ye aktout se anviwon 40 gason ki te ekri Bib la. Epi, anpil ladan yo pa t viv nan menm epòk e youn pa t konn lòt pèsonèlman.” Pandan yon sè nan peyi Ostrali t ap etidye yon atik Toudegad, li te wè rapò fèt Pak la genyen ak Jenèz 3:15 ansanm ak Mesi a. [1] (Gade nòt la.) Men sa l te ekri: “Etid sa a te ouvri je m pou m wè jan Jewova estrawòdinè. Pou yon moun rive panse ak yon dispozisyon konsa nan ka Izrayelit yo e pou l reyalize nan ka Jezi, sa vrèman enpresyone m. Mwen te oblije fè yon poz literalman pou m reflechi sou jan manje Pak sa a te gen rapò ak yon pwofesi estrawòdinè!” Sa k fè sè sa a te santi l konsa? Li te pran tan pou l reflechi sou sa l te li yo e l te vin konprann yo. Sa te ede l fòtifye lafwa l e sa te ede l vin pi pwòch Jewova. — Matye 13:23.

10. Ki jan senserite moun ki te ekri Labib yo fè n vin gen plis lafwa nan Bib la?

10 Fè yon ti reflechi tou sou jan mesye ki te ekri Labib yo te sensè. Yo te toujou di laverite e yo pa t pè fè sa. Byen souvan, ekriven yo nan epòk sa a te konn ekri sèlman bon bagay sou nasyon pa yo ak dirijan yo. Sepandan, pwofèt Jewova yo pa t sèlman ekri bon bagay sou pèp Izrayèl la ak wa yo te genyen yo, men tou, yo te ekri move bagay yo te fè yo (2 Kwonik 16:9, 10; 24:18-22). Yo te konn menm ekri erè pa yo ak erè lòt sèvitè Bondye yo (2 Samyèl 12:1-14; Mak 14:50). Men sa yon jèn frè nan peyi Grann Bretay te di: “Li pa fasil pou n jwenn moun sensè konsa. Sa fè n vin gen plis konfyans Bib la se Pawòl Jewova toutbon.”

11. Ki jan konsèy nou jwenn nan Bib la konvenk nou Bib la se Pawòl Bondye?

11 Lè moun yo kite Bib la dirije lavi yo, yo wè bon rezilta sa bay. Sa konvenk yo Bib la se Pawòl Bondye. (Li Sòm 19:7-11.) Men sa yon jèn sè nan peyi Japon te ekri: “Lè fanmi m te suiv ansèyman ki nan Bib la, nou te vrèman kontan. Nou te viv anpè, nou te gen tèt ansanm e n te gen lanmou.” Bib la ede anpil moun rann yo kont gen kèk bagay yo te kwè ki pa laverite (Sòm 115:3-8). Li ede moun yo pou yo aprann konte sou Jewova, Bondye Toupisan an, e l pwomèt yo yon pi bon avni. Yon lòt bò, gen kèk moun ki di pa gen Bondye e ki fè lanati tounen yon dye pou yo. Gen lòt moun ki di lèzòm ka fè n gen yon pi bon avni, men, lè n gade sa lèzòm reyalize jiska prezan, yo pa kapab rezoud pwoblèm ki gen nan monn nan. — Sòm 146:3, 4.

FASON POU W REZONE AK LÒT MOUN

12, 13. Ki fason nou ka pale sou kreyasyon an oswa sou Bib la ak lòt moun?

12 Lè w ap pale ak lòt moun sou kreyasyon an oswa sou Bib la, toudabò, chèche konnen nan ki sa yo kwè toutbon. Sonje gen moun ki kwè nan evolisyon e anmenmtan yo kwè Bondye egziste. Yo di Bondye te sèvi ak evolisyon pou l kreye tout sa ki gen vi ladan yo. Gen lòt moun ki kwè, wè pa wè, evolisyon se laverite paske yo anseye l nan lekòl. Epi, gen kèk moun ki sispann kwè nan Bondye paske relijyon desevwa yo. Se poutèt sa, toudabò, ou dwe mande moun nan nan ki sa l kwè ak rezon ki fè se sa l kwè. Epi, byen koute sa l ap di. Si w fè sa, li ka pi dispoze koute sa w ap di. — Tit 3:2.

Avèk respè, mande moun yo nan ki sa yo kwè, epi byen koute sa y ap di.

13 Si yon moun di se paske w egare ki fè w kwè gen yon Kreyatè, ki sa w ka reponn li? Avèk respè, ou ka mande moun nan pou l esplike w ki jan l panse lavi te kòmanse. Ou ta ka di l si lavi te evolye, premye bagay ki te gen vi ladan l lan t ap bezwen gen kapasite pou l fè kopi tèt li. Anfèt, men kèk bagay yon pwofesè chimi te di premye bagay sa a t ap bezwen genyen: 1) yon bagay ki tankou yon po pou pwoteje l, 2) kapasite pou l jwenn enèji e pou l itilize l, 3) enfòmasyon k ap ede l gen kontwòl sou aparans li ak kwasans li, e 4) kapasite pou l kopye enfòmasyon sa a plizyè fwa. Men sa l te ajoute: “Yon moun ka sezi wè jan menm fòm lavi ki pi senp lan konplike anpil.”

14. Ak ki rezònman byen senp ou ka sèvi lè w ap pale de kreyasyon an?

14 Lè w ap pale de kreyasyon an, ou ka sèvi ak rezònman byen senp apot Pòl te itilize a. Men sa l te ekri: “Chak kay gen yon moun ki fè l, men, moun ki fè tout bagay se Bondye.” (Ebre 3:4). Natirèlman, se yon moun ki fè plan yon kay e ki bati l. Se sèten se yon moun ki te fè plan bagay ki gen vi ladan yo ki pi konplike lontan pase yon kay e ki te reyalize yo. Epi, ou ka sèvi ak piblikasyon nou yo tou. Gen yon sè ki te pale ak yon jèn gason ki pa t kwè Bondye egziste. Li te ba l de bwochi nou te pale de yo pi wo a, e anviwon yon semèn apre, jèn gason an te di: “Kounye a mwen kwè nan Bondye.” Jèn gason an te kòmanse etidye Labib e annapre li te vin youn nan frè nou yo.

15, 16. Ki sa n dwe fè anvan n esplike yon moun Bib la se Pawòl Bondye? Ki sa n dwe toujou sonje?

15 Si yon moun gen dout sou Bib la, ki jan w ka rezone avè l? Jan n te di sa pi wo a, toudabò, mande l nan ki sa l kwè. Epi, chèche konn ki sa k enterese l (Pwovèb 18:13). Si l renmen lasyans, ba l egzanp ki soti nan Bib la ki montre lè Bib la ap pale de sijè syantifik, li toujou egzak. Si l renmen listwa, ou ka pale de yon evènman ki nan liv istwa yo, epi montre l fason Labib te anonse evènman sa a plizyè ane alavans. Gen lòt moun ki ka koute w si w montre l yon bagay nan Bib la ki ka amelyore lavi yo, tankou konsèy nou jwenn nan Diskou Jezi te bay sou mòn nan.

16 Sonje nou pa vle fè kont ak moun yo. Nou vle pou yo kontan pale avèk nou e pou yo kontan aprann konn Bib la. Se sa k fè, se pou n poze yo kesyon avèk respè, epi byen koute repons y ap bay. Lè w ap fè yon moun konnen ki sa w kwè, se pou w janti, sitou si moun nan pi gran pase w. Si w respekte lòt moun, sa ka fè yo respekte w tou. Y ap sezi wè jan w reflechi byen sou sa w kwè menm lè w jèn. Byennantandi, si se diskisyon sèlman yon moun vle fè avè w oubyen si se nan rizib li vle pase w, ou pa bezwen reponn li. — Pwovèb 26:4.

CHÈCHE KONNEN VERITE KI NAN BIB LA EPI FÒTIFYE LAFWA W

17, 18. a) Ki sa k ka ede w vin gen plis lafwa nan Bib la? b) Ki kesyon nou pral reponn nan atik ki vin apre a?

17 Nou ka konn ansèyman fondamantal ki nan Bib la, men nou bezwen fè plis pase sa pou n gen yon lafwa ki solid. Nou bezwen fouye pou n ka dekouvri verite ki pi pwofon ki nan Bib la, kòmsi se yon trezò ki kache nou t ap chèche (Pwovèb 2:3-6). Youn nan pi bon fason ou ka fòtifye lafwa w se lè w li tout Bib la. Petèt ou ka eseye li l nan ennan. Sa te ede yon siveyan sikonskripsyon vin pi pwòch Jewova lè l te jèn. Men sa l te di: “Youn nan bagay ki te ede m wè Labib se Pawòl Bondye, se lè m te li tout Bib la nèt. Mwen te resi konprann istwa biblik mwen te aprann lè m te toupiti yo.” Epitou, se pou w sèvi ak zouti pou fè rechèch ki nan lang pa w pou w ka konprann sa w li yo. Ou ka chèche gen Watchtower Library sou DVD, BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower a, Index des publications des Témoins de Jéhovah a oswa Gid pou Temwen Jewova yo fè rechèch la.

18 Ou menm paran, plis pase nenpòt lòt moun, ou kapab anseye pitit ou pou yo aprann konnen Jewova. Ebyen, ki jan w ka ede yo gen yon lafwa solid nan li? Atik ki vin apre a pral montre kèk fason ou ka fè sa.

^ [1] (paragraf 9) Toudegad 15 desanm 2013.