Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“Se pou youn kontinye ankouraje lòt chak jou”

“Se pou youn kontinye ankouraje lòt chak jou”

“Si nou gen yon pawòl nou vle di pou nou ankouraje pèp la, nou mèt pale.” — TRAVAY 13:15.

KANTIK: 121, 45

1, 2. Poukisa l enpòtan pou n ankouraje lòt moun?

MEN sa Cristina ki gen 18 an di: “Paran m yo prèske pa janm ankouraje m, men yo kritike m anpil. E pawòl yo di m yo konn fè m mal anpil. Yo di m pa gen matirite, m pap janm konn anyen, e mwen gwo anpil. Byen souvan, sa fè m kriye anpil e m prefere pa pale avèk yo. Mwen santi m pa vo anyen.” [1] (Gade nòt la.) Lavi a ka difisil anpil lè lòt moun pa ankouraje nou!

2 Yon lòt bò, fè yon ti reflechi sou fason nou kapab ede lòt moun lè n ankouraje yo. Men sa Rubén di: “Mwen fè plizyè ane ap lite ak yon seri santiman ki fè m kwè mwen pa vo anyen. Men, yon lè, pandan m t ap preche ak yon ansyen, li te rann li kont mwen pa anfòm. Li te pran san l pou l koute m toutpandan m t ap di l sa m santi. Apre sa, li te fè m sonje bon bagay mwen t ap fè. Li te fè m sonje pawòl Jezi yo tou ki fè konnen nou chak gen plis valè pase yon bann tikit. Mwen sonje vèsè sa a souvan, e li toujou touche kè m. Pawòl ansyen an te di m yo te vrèman ede m.” — Matye 10:31.

3. a) Ki sa apot Pòl te di sou kesyon ankouraje lòt moun nan? b) Sou ki sa nou pral pale nan atik sa a?

3 Bib la fè nou konnen youn bezwen ankouraje lòt regilyèman. Men sa apot Pòl te ekri kretyen ebre yo: “Fè atansyon, frè m yo, yon fason pou okenn nan nou pa vin gen yon kè ki mechan, yon kè ki manke lafwa, poutèt li kite Bondye vivan an. Men, se pou youn kontinye ankouraje lòt chak jou.” Pòl te esplike rezon an lè l te di: “Dekwa pou pouvwa peche genyen pou l twonpe moun pa fè okenn nan nou ap fè tèt di.” (Ebre 3:12, 13). Fè yon ti reflechi sou jan w te santi w byen lè yon moun te ankouraje w. Bon, ki rezon nou genyen pou n ankouraje frè ak sè n yo? Ki sa n ka aprann nan fason Jewova, Jezi ak Pòl te ankouraje lòt moun? Epi, ki kèk fason youn kapab ankouraje lòt? Ann egzamine kesyon sa yo.

NOU TOUT BEZWEN ANKOURAJMAN

4. Ki moun ki bezwen ankourajman? Poukisa pifò moun jodi a pa ankouraje lòt moun?

4 Nou tout bezwen ankourajman. Paran yo sitou bezwen ankouraje pitit yo. Gen yon pwofesè ki rele Timothy Evans ki fè konnen timoun “bezwen ankourajman tankou plant ki bezwen dlo”. Men sa l ajoute: “Lè yon timoun jwenn ankourajman, li santi l gen valè e l santi yo apresye l.” Men, piske n ap viv nan “dènye jou yo”, anpil moun egoyis e yo pa gen “afeksyon” youn pou lòt (2 Timote 3:1-5). Gen paran ki pa ankouraje pitit yo paske paran pa yo pa t janm ankouraje yo. Granmoun bezwen ankourajman tou, men, byen souvan, yo pa jwenn li. Pa egzanp, gen anpil moun k ap plenyen yo pa janm jwenn moun felisite yo pou travay yo fè.

Felisite lòt moun pou yon bagay yo te byen fè.

5. Ki jan n ka ankouraje lòt moun?

5 Nou ka ankouraje lòt moun lè n felisite yo pou yon bagay yo te byen fè. Nou ka ankouraje lòt moun tou lè n fè yo konnen yo gen bèl kalite e lè n konsole yo lè yo tris oubyen lè yo dekouraje (1 Tesalonisyen 5:14). Piske nou ak frè ak sè n yo souvan, nou gen anpil okazyon pou n di yo kèk pawòl ankourajan. (Li Eklezyas 4:9, 10.) Se sa k fè w bezwen mande tèt ou: ‘Èske m fè lòt moun konnen rezon ki fè yo gen valè pou mwen ak rezon ki fè m renmen yo? Èske m fè sa chak fwa sa posib?’ Men sa Bib la di nou ka reflechi sou li: “Lè yon moun di yon pawòl nan moman l dwe di l la, se pa ti bon sa bon!” — Pwovèb 15:23.

6. Poukisa Satan vle dekouraje pèp Bondye a? Bay yon egzanp ki montre ki jan li te eseye fè sa.

6 Pwovèb 24:10 di: “Si w dekouraje nan jou malè a, w ap prèske san fòs.” Satan konnen si l fè n dekouraje, li ka rive febli relasyon nou ak Jewova. Li te eseye dekouraje Jòb lè l te fè l soufri anpil. Men, plan malveyan Satan an pa t mache. Jòb te ret fidèl ak Jewova (Jòb 2:3; 22:3; 27:5). Nou menm tou, nou ka lite ak Satan e nou bezwen fè tout sa n kapab pou l pa dekouraje n. Si n kontinye ankouraje moun nan fanmi nou ansanm ak frè ak sè n yo nan kongregasyon an, youn ka ede lòt gen kè kontan epi ret pwòch ak Jewova.

EGZANP NOU KAPAB IMITE

7, 8. a) Ki jan Jewova ankouraje moun? b) Ki jan paran yo ka suiv egzanp Jewova? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

7 Jewova konn ankouraje moun. Men sa yon moun ki te patisipe nan ekri sòm yo te ekri: “Jewova toupre moun kè yo ap fann yo, li sove moun ki dekouraje yo.” (Sòm 34:18, nòt). Lè pwofèt Jeremi te pè e l te dekouraje, Jewova te pwomèt li l ap ede l (Jeremi 1:6-10). Jewova te voye yon zanj vin ankouraje pwofèt Dànyèl ki te granmoun. Zanj lan te di Dànyèl li “gen anpil valè”. (Dànyèl 10:8, 11, 18, 19.) Èske w ta ka ankouraje frè ak sè w yo menm jan an tou, san wete pyonye yo ak moun ki aje ki pa ka fè tout sa yo te konn abitye fè?

Ou menm paran, ede pitit ou andire eprèv li jwenn nan lekòl li.

8 Byenke Jewova ak Jezi te fè anpil ane ap viv ansanm, Jewova te konnen li t ap toujou bezwen ankouraje Jezi, Pitit li a, lè Jezi te sou tè a. Jezi te tande vwa Papa l k ap pale detan l nan syèl la lè l te kòmanse travay predikasyon l lan ak nan dènye ane li te pase sou tè a. Nan de okazyon, Jewova te di: “Men Pitit Gason m nan, pitit mwen renmen anpil la, li menm mwen pran plezi nan li a.” (Matye 3:17; 17:5). Se sèten, Jezi te santi l jwenn bonjan ankourajman lè l te tande Papa l k ap di li renmen l e li fyè de li. Annapre, jou swa anvan Jezi te mouri a, Jezi te santi l boulvèse anpil. Jewova te ankouraje l lè l te voye yon zanj vin ba l fòs epi konsole l (Lik 22:43). Paran, ou kapab imite egzanp Jewova lè w ankouraje pitit ou regilyèman. Felisite yo lè yo fè yon bon bagay. Epi, lè yo jwenn eprèv nan lekòl yo, fè tout sa w kapab pou w ba yo fòs e pou w ede yo andire.

9. Ki sa n ka aprann nan fason Jezi te boule ak apot li yo?

9 Jezi kite yon bon egzanp pou n imite tou. Jou swa anvan Jezi te mouri a, li te lave pye apot li yo e l te esplike yo jan sa enpòtan pou yo gen imilite. Men, yo te gen ògèy lakay yo, yo t ap diskite pou yo konnen kiyès ki pi gran pami yo, e Pyè te vante tèt li lè l te di li pa t ap janm abandone Jezi (Lik 22:24, 33, 34). Sepandan, Jezi pa t ret sou erè yo te fè yo. Olye de sa, li te felisite yo dèske yo te ret fidèl avè l. Li te pwomèt yo y ap rive fè pi gwo bagay pase l, e l te ba yo asirans Jewova renmen yo (Lik 22:28; Jan 14:12; 16:27). Nou kapab mande tèt nou: ‘Èske m suiv egzanp Jezi e m felisite lòt moun pou bèl kalite yo genyen olye m ret sou erè yo fè?’

10, 11. Ki jan Pòl te ankouraje frè ak sè yo, e ki sa l te dispoze fè?

10 Apot Pòl te konn di bon bagay sou frè ak sè yo. Li te pase anpil ane ap vwayaje ansanm ak kèk ladan yo e l te vin aprann konnen yo byen, men li pa t ekri sou erè yo te fè. Okontrè, li te fè lwanj pou yo. Pa egzanp, Pòl te di Timote se ‘pitit li nan Seyè a, yon pitit li renmen e ki fidèl’, e li te gen konfyans Timote t ap pran swen lòt moun (1 Korentyen 4:17; Filipyen 2:19, 20). Pòl te di kretyen nan Korent yo Tit se “konpayon [l] li ye e l ap travay ansanm avè [l] nan enterè [yo]”. (2 Korentyen 8:23.) Se sèten sa te ankouraje Timote ak Tit lè yo te aprann sa Pòl te panse de yo!

11 Pòl ak Banabas, konpayon l, te riske lavi yo pou y al ankouraje frè ak sè yo. Pa egzanp, yo toule de te konnen gen anpil moun nan vil Lis ki te vle touye yo. Malgre sa, yo te retounen nan vil sa a pou y al ankouraje nouvo disip yo e pou yo ede yo rete fidèl ak Jewova (Travay 14:19-22). Kèk tan apre, nan vil Efèz, Pòl te vin an danje akoz yon foul ki te an kòlè, men li te ret nan vil sa a pandan yon bon bout tan pou l ankouraje frè ak sè yo. Men sa Travay 20:1, 2 di: “Pòl fè rele disip yo, li ankouraje yo, li di yo orevwa, epi li pati l al Masedwàn. Apre li fin pase nan tout zòn nan e li fin di disip ki la yo anpil pawòl pou l ankouraje yo, li rive nan peyi Lagrès.”

SE POU YOUN ANKOURAJE LÒT

12. Poukisa l bon pou n al nan reyinyon yo?

12 Jewova vle sa k pi bon an pou nou. Se sa k fè l di nou pou n reyini ansanm regilyèman. Nan reyinyon yo, nou aprann konnen l e nou ankouraje youn lòt. (1 Korentyen 14:31; li Ebre 10:24, 25.) Men sa Cristina, nou te pale de li nan kòmansman atik la, fè konnen: “Sa m pi renmen nan reyinyon yo se lanmou ak ankourajman mwen jwenn. Pafwa, mwen konn santi m dekouraje lè m rive nan Sal Wayòm nan. Men, apre sa, sè yo vin kote m, yo ban m akolad, epi yo di m bèl. Yo di m yo renmen m e yo kontan wè pwogrè mwen fè nan domèn espirityèl. Ankourajman yo ban m yo fè m santi m byen anpil!” Se pa ti enpòtan sa enpòtan pou nou chak ankouraje youn lòt! — Women 1:11, 12.

13. Poukisa menm moun ki gen lontan depi y ap sèvi Jewova yo bezwen ankourajman?

13 Menm moun ki gen lontan depi y ap sèvi Jewova yo bezwen ankourajman. Ann pran egzanp Jozye. Lè Izrayelit yo te prèske antre nan peyi Jewova te pwomèt yo a, Jewova te chwazi Jozye pou gide yo. Malgre sa, Jewova te di Moyiz pou l ankouraje Jozye byenke Jozye te gen anpil ane depi l t ap sèvi Jewova. Men sa Jewova te di: “Mete Jozye chèf nan plas ou, ankouraje l epi ba l fòs. Paske, se li menm k ap travèse ak pèp la e k ap fè yo pran peyi ou pral wè a.” (Detewonòm 3:27, 28). Jozye te bezwen ankourajman paske nasyon an t ap gen pou l fè anpil gè annapre e yo t ap menm pèdi youn pou pi piti (Jozye 7:1-9). Jodi a, nou kapab ankouraje ansyen yo ak siveyan sikonskripsyon yo k ap travay di pou pran swen pèp Bondye a. (Li 1 Tesalonisyen 5:12, 13.) Men sa yon siveyan sikonskripsyon te di: “Pafwa frè yo ban nou yon lèt remèsiman pou yo di nou jan yo te renmen vizit nou an. Nou kenbe lèt sa yo e nou li yo lè nou santi n dekouraje. Yo se yon bon sous ankourajman pou nou.”

Nou ede pitit nou vin pi pwòch ak Jewova lè nou ba yo bonjan ankourajman. (Gade paragraf 14.)

14. Ki egzanp ki montre li bon pou n felisite moun lè n ap ba yo konsèy?

14 Yon lè, apot Pòl te oblije bay Korentyen yo yon konsèy. Lè yo te aplike konsèy sa a, Pòl te felisite yo (2 Korentyen 7:8-11). Se sèten, pawòl li yo te ankouraje Korentyen yo kontinye fè sa ki byen. Jodi a, ansyen yo ak paran yo kapab suiv egzanp Pòl. Men sa Andreas, yon frè ki gen de timoun, di: “Lè timoun yo jwenn ankourajman, sa ede yo grandi nan domèn espirityèl ak nan domèn afektif. Lè w bay ankourajman, se kore w kore konsèy ou bay. Menmsi timoun nou yo konnen sa ki byen, y ap vin pran abitid sa ki byen lè n toujou ankouraje yo.”

KI SA K KA EDE N ANKOURAJE LÒT MOUN?

15. Ki youn nan fason nou kapab ankouraje lòt moun?

15 Fè frè ak sè w yo konnen jis nan ki pwen ou bay efò yo fè ak bèl kalite yo genyen yo valè (2 Kwonik 16:9; Jòb 1:8). Si n fè sa, n ap imite Jewova ak Jezi. Yo bay tout sa nou fè pou yo valè, menmsi nou pa kapab fè tout sa n ta vle fè. (Li Lik 21:1-4; 2 Korentyen 8:12.) Pa egzanp, nou konnen sa mande anpil efò pou frè ak sè nou yo ki aje vin nan reyinyon epi patisipe nan travay predikasyon an regilyèman. Èske nou ankouraje yo e nou felisite yo pou tout sa yo fè?

16. Ki lè nou kapab ankouraje lòt moun?

16 Ankouraje lòt moun otank posib. Nenpòt lè w wè yon moun fè yon bon bagay, asire w ou felisite l. Lè Pòl ak Banabas te nan vil Antyòch ki nan Pizidi a, men sa responsab nan sinagòg nan vil sa a te di yo: “Frè nou yo, si nou gen yon pawòl nou vle di pou nou ankouraje pèp la, nou mèt pale.” Pòl te pwofite okazyon sa a pou l ankouraje moun yo (Travay 13:13-16, 42-44). Lè n ankouraje lòt moun, moun kapab ankouraje n tou. — Lik 6:38.

17. Ki pi bèl fason pou n ankouraje lòt moun?

17 Fè moun yo konnen poukisa n felisite yo. Lè Jezi te felisite kretyen nan vil Tiyati yo, li te fè yo konnen poukisa li felisite yo e li te esplike yo ki sa yo te fè ki byen. (Li Revelasyon 2:18, 19.) Ki jan nou ka imite Jezi? Petèt ou ka felisite yon manman ki selibatè pou fason l ap leve pitit li malgre bagay yo difisil pou li. Oubyen si w se yon paran, ou ka felisite pitit ou pou efò y ap fè pou yo sèvi Jewova. Esplike yo ki bon bagay ou remake yo te fè. Si nou fè moun yo konnen poukisa n ap ankouraje yo, y ap wè nou sensè.

18, 19. Ki jan youn ka ede lòt ret pwòch ak Jewova?

18 Jewova te di Moyiz pou l ankouraje Jozye e pou l ba l fòs. Se vre, jodi a, Jewova pap pale avèk nou pou l di n al ankouraje yon moun an patikilye. Men, li kontan lè l wè efò nou fè pou n ankouraje lòt moun (Pwovèb 19:17; Ebre 12:12). Pa egzanp, lè yon frè bay yon diskou piblik nan kongregasyon nou, nou ka di l ki sa nou te renmen nan diskou a. Petèt gen yon bagay li te di ki te ede n andire yon pwoblèm oubyen ki te ede n konprann yon vèsè. Men sa yon sè te ekri yon frè ki te bay yon diskou: “Byenke se sèlman pandan kèk minit nou te pale, ou te wè lapenn ki nan kè m, e w te konsole m, ou te ankouraje m. M ta renmen fè w konnen lè w pale yon fason ki janti konsa, kit se lè w te sou estrad la, kit se lè w t ap pale avè m nan, m te santi se yon kado Jewova ban mwen.”

19 N ap kapab ede youn lòt rete pwòch ak Jewova lè nou suiv konsèy Pòl te bay la ki di: “Se pou youn kontinye ankouraje lòt e se pou youn kontinye fòtifye lòt, menm jan nou deja ap fè sa.” (1 Tesalonisyen 5:11). Si nou “youn kontinye ankouraje lòt chak jou”, n ap fè Jewova kontan anpil!

^ [1] (paragraf 1) Gen kèk non yo chanje.