Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Nou òganize ann amoni ak Liv Bondye a

Nou òganize ann amoni ak Liv Bondye a

“Jewova te fè fondasyon tè a ak sajès. Li te met syèl la nan plas li byen djanm ak entèlijans.” — PWOVÈB 3:19.

KANTIK: 105, 107

1, 2. a) Ki sa kèk moun di sou kesyon Bondye gen yon òganizasyon an? b) Ki sa nou pral egzamine nan atik sa a?

GEN kèk moun ki di: “Nou pa bezwen yon òganizasyon pou dirije nou. Tout sa n bezwen se gen yon relasyon ak Bondye.” Èske se vre? Ki sa reyalite a montre?

2 Nan atik sa a, nou pral wè Jewova fè tout bagay nan lòd e li òganize pèp li a. Anplis de sa, nou pral wè ki sa nou bezwen fè lè òganizasyon Jewova a ban nou enstriksyon (1 Korentyen 14:33, 40). Nan premye syèk la, pèp Jewova a te suiv enstriksyon yo te jwenn nan Ekriti yo, e konsa, yo te kapab preche bon nouvèl la anpil kote. Menm jan ak yo, nou kite Bib la gide nou jodi a. Epitou, nou obeyi enstriksyon òganizasyon Bondye a ban nou yo. Se sa k fè nou kapab preche bon nouvèl la toupatou sou tè a. Nou fè efò tou pou kongregasyon an rete pwòp, pou l anpè e pou l gen tèt ansanm.

JEWOVA SE YON BONDYE KI GEN LÒD

3. Ki sa k konvenk ou Jewova se yon Bondye ki gen lòd?

3 Lè n gade bagay Jewova kreye yo, nou wè aklè li se yon Bondye ki gen lòd. Li te “fè fondasyon tè a ak sajès. Li te met syèl la nan plas li byen djanm ak entèlijans”. (Pwovèb 3:19.) Gen anpil bagay nou pa konnen sou sa Jewova kreye yo. Anfèt, “se sèlman yon ti chwichwichwi nou tande nan vwa l”. (Jòb 26:14.) Men, li klè, ti sa nou konn sou linivè a montre li vrèman byen òganize (Sòm 8:3, 4). Gen plizyè milyon zetwal k ap deplase nan lespas nan lòd. Epi, fè yon ti reflechi sou fason planèt yo ap vire toutotou solèy la. Bèl lòd sa a posib sèlman paske Jewova te òganize fason planèt yo ak zetwal yo t ap gen pou yo deplase. Lè n reflechi sou fason Jewova “te byen fè syèl la” ak tè a, nou vle ba l louwanj, nou vle adore l, e nou vle fidèl ak li. — Sòm 136:1, 5-9.

4. Poukisa gen anpil kesyon enpòtan syantifik yo pa rive reponn?

4 Syantifik yo itilize anpil nan bagay yo aprann sou linivè ak tè a pou yo amelyore lavi nou. Men, yo pa rive reponn anpil kesyon enpòtan. Pa egzanp, astwonòm yo pa ka esplike yon fason ki egzak fason linivè te vin egziste, oswa rezon ki fè moun, bèt ak plant egziste sou tè a. Mete sou sa, pifò moun pa ka esplike poukisa lèzòm gen yon gwo dezi pou yo viv pou toutan konsa (Eklezyas 3:11). Youn nan rezon ki fè moun yo pa gen repons kesyon sa yo se paske syantifik yo ak lòt moun ankò fè konnen pa gen Bondye e y ap fè pwopagann pou evolisyon. Men, Bondye ban nou repons kesyon sa yo nan Liv li a, anpalan de Bib la.

5. Nan ki sans lavi lèzòm depann de lwa ki nan lanati yo?

5 Se Jewova ki te kreye pakèt lwa ki gen nan lanati yo. Lwa sa yo pa chanje. Elektrisyen yo, plonbye yo, enjenyè yo, pilòt yo, chirijyen yo ak lòt moun ankò depann de lwa sa yo pou yo fè travay yo. Pa egzanp, tout moun konnen kè a menm kote nan kò tout moun, se sa k fè chirijyen yo konnen ki kote l ye nan kò chak moun y ap swaye. Anplis de sa, tout moun konnen si yon moun ret yon kote ki wo e li lage kò l anba, l ap tonbe e li ka mouri. Nou obeyi lwa ki gen nan lanati yo, tankou pezantè a, paske nou vle rete an vi.

SE BONDYE KI ÒGANIZE YO

6. Ki jan n fè konnen Jewova vle pou moun adore l yon fason ki òganize?

6 Jewova òganize linivè yon fason ki vrèman estrawòdinè. Se sa k fè nou sèten li vle pou moun k ap adore l yo fè sa yon fason ki òganize. Anfèt, Jewova ban nou Labib pou anseye nou fason pou nou adore l. Se sèlman lè nou suiv konsèy li ban nou pa mwayen Bib la ak òganizasyon l lan n ap kapab viv ak kè kontan e n ap satisfè ak lavi nou.

7. Ki sa n ka aprann sou fason yo te ekri Bib la?

7 Labib se vrèman yon kado san parèy Bondye ban nou. Gen biblis ki fè konnen Bib la se yon konpilasyon liv juif ak liv kretyen. Sepandan, se Bondye ki te deside ki moun ki t ap ekri liv yo, ki lè yo t ap ekri yo e ki sa yo t ap ekri ladan yo. Se sa k fè tout liv ki nan Bib la ede n konprann mesaj Bondye a. Soti nan Jenèz rive nan Revelasyon, Bib la montre t ap gen yon “desandans” k ap gen pou l fè tè a vin yon paradi ankò. Epi, nou vin aprann “desandans” sa a se Kris Jezi e Wayòm li an pral bay prèv se Jewova ki gen dwa pou dirije tout moun. — Li Jenèz 3:15; Matye 6:10; Revelasyon 11:15.

8. Nan ki sans Izrayelit yo te byen òganize?

8 Izrayelit yo te suiv Lwa Bondye te ba yo a e yo te vrèman byen òganize. Pa egzanp, te gen ‘medam ki t ap fè sèvis yo nan antre tant lan dapre aranjman ki te fèt pou sa’. (Egzòd 38:8.) Mete sou sa, Izrayelit yo te resevwa enstriksyon sou fason pou yo leve kan ak fason pou yo deplase tabènak la nan lòd. Annapre, wa David te òganize prèt yo ak Levit yo pou yo fè yon seri travay byen presi nan tanp lan (1 Kwonik 23:1-6; 24:1-3). Lè Izrayelit yo te obeyi Jewova, li te beni yo. Yo te òganize, e yo te gen lapè ak tèt ansanm. — Detewonòm 11:26, 27; 28:1-14.

9. Ki jan kongregasyon yo nan premye syèk la te òganize?

9 Kongregasyon yo nan premye syèk la te òganize tou. Te gen yon kolèj santral, sa vle di, te gen yon gwoup mesye ki te konn bay kongregasyon yo enstriksyon. Okòmansman, se apot yo ki te fè pati gwoup sa a. Annapre, gen lòt ansyen ki te vin fè pati gwoup sa a (Travay 6:1-6; 15:6). Jewova te gide moun ki te fè pati kolèj santral la ak lòt moun ki t ap travay dirèkteman ak yo pou yo ekri lèt ki gen konsèy ak enstriksyon pou kongregasyon yo (1 Timote 3:1-13; Tit 1:5-9). Ki byenfè kongregasyon yo te jwenn lefètke yo te suiv enstriksyon kolèj santral la?

10. Ki sa k te rive lè kongregasyon yo nan premye syèk la te suiv enstriksyon kolèj santral la? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

10 Li Travay 16:4, 5. Nan premye syèk la, gen kèk frè ki te konn vizite kongregasyon yo pou fè yo konnen “desizyon apot yo ak ansyen ki nan Jerizalèm yo te pran”, anpalan de kolèj santral la. Kongregasyon yo te suiv enstriksyon sa yo e yo “te kontinye ap vin pi solid nan lafwa, e de jou an jou, yo te vin gen plis moun”. Ki sa n ka aprann nan egzanp yo k ap ede n nan kongregasyon nou jodi a?

ÈSKE W SUIV ENSTRIKSYON?

11. Ki sa ansyen yo ak sèvitè ministeryèl yo dwe fè lè òganizasyon Bondye a ba yo enstriksyon?

11 Manm Komite filyal yo oswa Komite pou peyi yo, siveyan sikonskripsyon yo ak ansyen yo bezwen obeyi enstriksyon òganizasyon Bondye a ba yo. An reyalite, Liv Jewova a mande pou nou tout obeyi moun k ap dirije nou yo (Detewonòm 30:16; Ebre 13:7, 17). Moun ki fidèl ak Jewova yo pa nan fè rebèl, e yo pa plenyen lè yo ba yo enstriksyon. Nou pa ta renmen vin tankou Dyotrefès ki pa t gen okenn respè pou frè ki t ap dirije yo. (Li 3 Jan 9, 10.) Lè nou suiv enstriksyon yo ban nou, nou kontribye pou gen lapè ak tèt ansanm nan kongregasyon an. Se sa k fè nou ka mande tèt nou: ‘Èske m ankouraje frè m ak sè m yo pou yo fidèl ak Jewova? Èske m suiv enstriksyon òganizasyon Bondye a ban mwen san pèdi tan?’

12. Ki jan yo nome ansyen yo ak sèvitè ministeryèl yo?

12 Sa pa gen lontan depi Kolèj santral la chanje fason yo nome ansyen yo ak sèvitè ministeryèl yo nan kongregasyon an. Nan ribrik “Kesyon lektè yo poze” ki nan Toudegad 15 novanm 2014 la, yo te esplike kolèj santral nan premye syèk la te bay siveyan k ap vizite kongregasyon yo otorite pou yo nome ansyen ak sèvitè ministeryèl. Se sa k fè, depi nan mwa septanm 2014, siveyan sikonskripsyon yo kòmanse fè nominasyon sa yo. Lè ansyen yo rekòmande yon frè pou l sèvi kòm ansyen oswa kòm sèvitè ministeryèl nan yon kongregasyon, siveyan sikonskripsyon an chèche konnen frè sa a ansanm ak fanmi l. Pa egzanp, li ka travay ak frè sa a nan predikasyon (1 Timote 3:4, 5). Apre sa, siveyan sikonskripsyon an reyini ak ansyen yo. Yo egzamine ak anpil atansyon pasaj nan Ekriti yo ki esplike kalite yon ansyen oswa yon sèvitè ministeryèl dwe genyen. — 1 Timote 3:1-10, 12, 13; 1 Pyè 5:1-3.

Ansyen yo ban nou enstriksyon ki soti nan Bib la paske yo vle pwoteje kongregasyon an e yo vle pran swen l.

13. Ki jan nou ka montre nou kolabore ak ansyen yo lè yo ban nou enstriksyon?

13 Ansyen yo ban nou enstriksyon ki soti nan Bib la paske yo vle pwoteje kongregasyon an e yo vle pran swen l. Nou dwe kowopere ak yo paske se pou byen nou yo ban nou enstriksyon sa yo (1 Timote 6:3). Nan premye syèk la, gen kèk moun ki te konpòte yo “yon fason dezòdone”. Yo pa t konn travay ditou, men, yo te gen abitid mele nan bagay ki pa t konsène yo. Ansyen yo te eseye korije yo, men yo te refize chanje. Pòl te fè kongregasyon an konnen fason yo te dwe trete yon moun konsa. Men sa l te di: “Pran prekosyon ak moun sa a, e sispann frekante l.” Yo te dwe sispann frekante moun sa a, men, yo pa t dwe konsidere l tankou ènmi yo (2 Tesalonisyen 3:11-15). Jodi a tou, ansyen yo fè efò pou yo ede moun ki meprize prensip Bondye yo, pa egzanp, yon moun ki renmen ak yon moun ki pa kwayan (1 Korentyen 7:39). Si moun sa a refize chanje konpòtman l, ansyen yo ka deside bay yon diskou ki esplike fason yon konpòtman konsa ka fè moun pale kongregasyon an mal. Si ansyen yo ta bay yon diskou konsa nan kongregasyon w, ki jan w t ap reyaji? Si w ta konn moun sa a, èske w t ap sispann frekante l? Si w fè sa, w ap ka ede moun nan wè konpòtman l lan pap bon pou li, li pa fè Jewova plezi, e moun nan ka menm chanje fason li wè bagay yo. [1] — Gade nòt la.

KENBE KONGREGASYON AN PWÒP, NAN LAPÈ AK NAN TÈT ANSANM

14. Ki sa nou ka fè pou n ede kongregasyon an rete pwòp?

14 Pawòl Bondye a di nou ki sa nou tout dwe fè pou n pa sitire mechanste nan kongregasyon an. Ann egzamine sa k te pase nan vil Korent. Pòl te renmen frè ak sè ki te nan vil sa a. Li te ede anpil nan yo aprann laverite (1 Korentyen 1:1, 2). Donk, imajine jan l te santi l lè l te aprann gen youn ladan yo ki t ap mennen yon vi imoral nan domèn seksyèl epi frè yo te pèmèt moun sa a rete nan kongregasyon an! Pòl te di ansyen yo pou yo “lage yon moun konsa bay Satan”. Yo te dwe retire moun sa a nan kongregasyon an, sa vle di, yo te dwe eskominye l (1 Korentyen 5:1, 5-7, 12). Jodi a, ansyen yo kapab deside yon moun merite eskominye paske l fè yon peche grav e l pa repanti. Nan ka sa a, èske n ap trete moun ki eskominye a fason Ekriti yo mande pou n fè a? Si n fè sa, nou ede kongregasyon an rete pwòp. Konsa, nou ka ede moun nan wè li bezwen repanti e li bezwen mande Jewova padon.

15. Ki sa n ka fè pou kontinye gen lapè nan kongregasyon an?

15 Te gen yon lòt pwoblèm ankò nan Korent. Gen frè ki te konn rele lòt frè nan tribinal. Men ki kesyon Pòl te poze yo: “Poukisa nou pa kite yo fè nou enjistis pito?” (1 Korentyen 6:1-8). Jodi a, gen kèk moun nan kongregasyon an ki fè biznis ansanm ak frè yo, men, apre sa, yo fè defisi oswa yo panse frè yo fè magouy. Se sa k fè yo konn rele frè yo nan tribinal. Men, lè yon sitiyasyon konsa rive, sa ka fè moun pale ni Jewova ni pèp li a mal. Epi, sa ka lakòz pwoblèm nan kongregasyon an. Liv Bondye a ede n konprann nou dwe fè efò pou n viv anpè ak frè nou yo, menm lè sa lakòz nou pèdi lajan. [2] (Gade nòt la.) An reyalite, Jezi te anseye nou fason pou n rezoud pwoblèm ak dezakò ki grav. (Li Matye 5:23, 24; 18:15-17.) Lè n obeyi enstriksyon l ban nou, nou pèmèt kongregasyon an kontinye gen lapè ak tèt ansanm.

16. Poukisa pèp Bondye a gen tèt ansanm?

16 Men sa Liv Jewova a fè nou konnen: “Ala bon sa bon e ala sa bay kè kontan lè frè abite ansanm e yo gen tèt ansanm!” (Sòm 133:1). Lè Izrayelit yo te obeyi Jewova, yo te òganize e yo te gen tèt ansanm. Men sa Bondye te anonse konsènan pèp li a: “M ap fè yo gen inite nan mitan yo, y ap tankou mouton ki nan pak.” (Miche 2:12). Epitou, Jewova te anonse pèp li a t ap aprann verite ki nan Ekriti yo e yo t ap sèvi l nan tèt ansanm. Men sa l te di: “Lè sa a, m ap fè pèp yo pale yon lang ki pwòp, pou yo tout ka louwe non m, ki se Jewova, e pou yo sèvi m kòtakòt.” (Sofoni 3:9). Se pa ti rekonesan nou rekonesan dèske nou kapab adore Jewova nan tèt ansanm!

Ansyen yo ap ede yon moun ki “fè yon fo pa”. (Gade paragraf 17.)

17. Ki sa ansyen yo dwe fè si yon moun nan kongregasyon an fè yon peche grav?

17 Si yon moun fè yon peche grav, avèk lanmou, ansyen yo dwe korije moun sa a san pèdi tan. Yo konnen Jewova vle yo pwoteje kongregasyon an kont kèlkeswa move enfliyans lan, pou yo kenbe l pwòp e pou l gen tèt ansanm (Pwovèb 15:3). Pòl te renmen frè ki te Korent yo anpil anpil e l te korije yo lè yo te merite sa, jan nou li sa nan premye lèt li te ekri yo a. Nou konnen ansyen nan Korent yo te suiv enstriksyon Pòl te ba yo san pèdi tan paske kèk mwa annapre, li te felisite yo nan dezyèm lèt li te ekri yo a. Si yon frè “fè yon fo pa san l pa rann li kont”, ansyen yo dwe korije l avèk jantiyès. — Galat 6:1.

18. a) Nan premye syèk la, ki jan enstriksyon kongregasyon yo te jwenn nan Pawòl Bondye a te ede yo? b) Sou ki sa nou pral pale nan atik ki vin apre a?

18 Sa klè, nan premye syèk la, lè kretyen yo te suiv enstriksyon ki nan Liv Bondye a, kongregasyon yo te pwòp, yo te anpè e yo te gen tèt ansanm (1 Korentyen 1:10; Efezyen 4:11-13; 1 Pyè 3:8). Kòm rezilta, frè ak sè sa yo te rive preche bon nouvèl la “tout kote anba syèl la”. (Kolosyen 1:23.) Jodi a, menm jan an tou, pèp Jewova a gen tèt ansanm, yo òganize, e yo preche bon nouvèl la toupatou sou tè a. Atik ki vin apre a pral bay plis prèv ki montre pi gwo dezi pèp Jewova a genyen se onore Jewova, Seyè ki Souvren an, epi obeyi enstriksyon l bay nan Liv li a, anpalan de Bib la. — Sòm 71:15, 16.

^ [1] (paragraf 13) Gade liv Nou òganize pou nou fè volonte Jewova a, paj 134-136.

^ [2] (paragraf 15) Pou w jwenn plis enfòmasyon sou sitiyasyon ki ka fè yon kretyen deside rele yon lòt kretyen nan tribinal, gade liv “Rete nan lanmou Bondye” a, paj 223, nòt.