Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske w bay Liv Jewova a tout valè l genyen?

Èske w bay Liv Jewova a tout valè l genyen?

“Lè nou te resevwa pawòl Bondye [a], [...] nou te aksepte l pou sa li ye vrèman, kòm pawòl Bondye.” — 1 TESALONISYEN 2:13.

KANTIK: 114, 113

1-3. Ki sa petèt ki te genyen ant Evodi ak Sentich? Ki jan n ka evite jan de pwoblèm sa yo? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

NOU bay Bib la tout valè l genyen paske nou konnen li se Liv Bondye a. Bib la gen konsèy ki ka ede nou evite pwoblèm, e li ka korije nou lè n fè erè. Kidonk, ki jan n reyaji devan konsèy li yo? Fè yon ti reflechi ak de medam nan premye syèk la Bondye te chwazi pou al nan syèl, anpalan de Evodi ak Sentich. Bib la di yo te fè kont, men li pa di pou ki rezon. Annou imajine ki sa petèt ki te pase.

2 Petèt Evodi te envite kèk frè ak sè vin manje lakay li. Men, li pa t envite Sentich. Annapre, lè Sentich te tande lòt moun k ap di jan yo te renmen manje a, sa te fè l fache anpil. Petèt Sentich te di tèt li: ‘Mwen pa ka kwè Evodi pa t envite m! M te panse nou te bon zanmi.’ Sentich te santi Evodi pa t renmen l toutbon e li t ap evite l. Se sa k fè Sentich te envite menm moun yo vin manje lakay li, men l pa t envite Evodi! Sitiyasyon sa a te ka menm fè lòt moun nan kongregasyon an fache. Bib la montre Pòl te korije de sè yo e li te ankouraje yo fè lapè. Sanble yo te suiv konsèy Pòl la e yo te kontinye sèvi Jewova ak kè kontan. — Filipyen 4:2, 3.

3 Jodi a, nan kongregasyon nou yo, pafwa nou menm tou nou kapab gen yon pwoblèm ak yon frè oswa yon sè. Men, si n suiv konsèy ki nan Bib la, n ap rive rezoud pwoblèm sa yo. An reyalite, nou ka menm evite yo. Epi, lè n obeyi sa Bib la di, nou montre nou vrèman bay Liv Jewova a tout valè l genyen. — Sòm 27:11.

BIB LA APRANN NOU KONTWOLE SANTIMAN NOU

4, 5. Ki konsèy Pawòl Bondye a ban nou sou fason pou n kontwole santiman nou?

4 Li pa toujou fasil pou n kontwole santiman nou. Nou ka santi nou tris anpil oubyen nou fache anpil si yon moun di yon bagay pou l manke n dega oubyen li trete nou yon fason ki enjis, petèt akoz kilti nou, koulè po nou, oubyen aparans nou. Epi, sa ka menm blese nou plis toujou si moun ki manke nou dega a oubyen ki mal boule ak nou an se yon frè oswa yon sè nou. Ki konsèy nou jwenn nan Pawòl Bondye a ki kapab ede nou?

5 Jewova konnen sa k ka rive lè moun pa kontwole santiman yo. Lè n fache oubyen nou an kòlè, nou ka di oubyen fè kèk bagay nou regrèt annapre. Nan Bib la, Jewova ban nou fòmasyon k ap ede n kontwole emosyon nou, e li di nou: “Pa kouri fache.” Annik fè yon ti reflechi sou kantite pwoblèm nou evite lè n suiv konsèy sa a e nou pa fache fasil! (Li Eklezyas 7:9; Pwovèb 16:32.) Mete sou sa, Bib la di nou dwe padone lòt moun. Anfèt, Jezi te di si nou pa padone lòt moun, Jewova pap padone nou (Matye 6:14, 15). Èske w bezwen gen plis pasyans e w bezwen pi dispoze padone lòt moun?

6. Ki sa k ka rive si nou pa kontwole santiman nou?

6 Si n pa kontwole santiman nou, nou ka ret an kòlè e nou ka menm kòmanse rayi moun. Oubyen nou ka lakòz kèk moun nan kongregasyon an santi yo menm jan ak nou. Menmsi n eseye kache kòlè nou oubyen rayisman ki lakay nou, alafen, lòt moun ap rive wè jan n santi nou. Lè konsa, sa ka fè frè ak sè n yo rete lwen nou (Pwovèb 26:24-26). Ansyen yo ap itilize Bib la pou yo eseye ede n rejte kòlè ak rayisman ki lakay nou e pou n aprann padone lòt moun (Levitik 19:17, 18; Women 3:11-18). Lè yo fè sa, èske n ap suiv enstriksyon ki sot nan Liv Jewova a?

JEWOVA AP GIDE NOU

7, 8. a) Ki jan Jewova gide pèp li a? b) Site kèk enstriksyon nou jwenn nan Bib la, e poukisa nou dwe suiv enstriksyon sa yo?

7 Jodi a, Jewova gide moun ki nan pati òganizasyon l lan ki sou tè a e li anseye yo. Ki jan l fè sa? Li met Kris “chèf kongregasyon an”, e Kris bay “esklav fidèl ki prevwayan an” responsablite pou l anseye pèp Bondye a e pou l dirije l (Efezyen 5:23; Matye 24:45-47). Menm jan ak kolèj santral nan premye syèk la, vrèmanvre, esklav sa a bay Bib la anpil valè paske l se Pawòl Bondye. (Li 1 Tesalonisyen 2:13.) Ann gade kèk enstriksyon nou jwenn nan Bib la.

8 Bib la mande pou n asiste reyinyon yo regilyèman (Ebre 10:24, 25). Li ankouraje nou tout pou n kwè nan menm ansèyman ki soti nan Bib la (1 Korentyen 1:10). Mete sou sa, li di nou pou n kontinye “chèche Wayòm nan an premye”. (Matye 6:33.) Bib la ban nou enstriksyon pou n preche kay an kay, sou plas piblik ak nenpòt kote nou ka jwenn moun (Matye 28:19, 20; Travay 5:42; 17:17; 20:20). Li bay ansyen yo enstriksyon pou yo kenbe kongregasyon an pwòp (1 Korentyen 5:1-5, 13; 1 Timote 5:19-21). Mete sou sa, li di nou dwe kenbe kò nou pwòp e nou dwe evite gen panse ak abitid Jewova rayi. — 2 Korentyen 7:1.

‘Èske m ap fidèl ak Jezi lè m suiv enstriksyon esklav fidèl la bay?’

9. Kiyès Jezi te bay responsablite pou ede n konprann Pawòl Bondye a?

9 Gen moun ki ka panse yo pa bezwen pèsonn pou esplike yo sa ki nan Bib la. Men, depi 1919, Jezi ap itilize “esklav fidèl ki prevwayan an” pou ede pèp Bondye a konprann sa Bib la anseye epi obeyi sa l di. Lè n obeyi Bib la, nou pèmèt kongregasyon an rete pwòp, pou l gen lapè ak tèt ansanm. Mande tèt ou: ‘Èske m ap fidèl ak Jezi lè m suiv enstriksyon esklav fidèl la bay?’

CHA JEWOVA A AP AVANSE BYEN VIT!

10. Ki esplikasyon liv Ezekyèl la bay sou pati òganizasyon Jewova a ki nan syèl la?

10 Grasa Bib la, nou aprann sèvitè Jewova yo ki nan syèl la òganize tou. Pa egzanp, Ezekyèl te fè yon vizyon kote l te wè Jewova ki sou yon cha ki te kapab avanse byen vit nan nenpòt direksyon Jewova vle l ale (Ezekyèl 1:4-28). Cha a reprezante pati òganizasyon Bondye a ki nan syèl la k ap suiv enstriksyon l yo byen vit. Yon lòt bò, li gen gwo enfliyans sou pati òganizasyon Jewova a ki sou tè a. Fè yon ti reflechi sou pakèt chanjman ki fèt nan òganizasyon Jewova a pandan dizan ki sot pase yo. Sonje se Jewova ki fè chanjman sa yo fèt. Talè konsa, Kris ak zanj li yo pral detwi monn mechan sa a. Pèsonn pap dezonore Jewova ak non Jewova ankò, oubyen kritike fason l ap dirije a!

Se pa ti kontan nou kontan wè gen yon pakèt frè ak sè k ap travay di anpil kòm volontè nan konstriksyon! (Gade paragraf 11.)

11, 12. Ki sa òganizasyon Jewova a te rive fè pandan dènye jou sa yo?

11 Fè yon ti reflechi sou sa òganizasyon Jewova te gen posiblite reyalize pandan dènye jou sa yo. Konstriksyon. Plizyè santèn frè ak sè te travay di pou yo bati nouvo syèj Temwen Jewova yo nan Wòwik, Nouyòk, Ozetazini. Gen plizyè milye volontè sou tout tè a k ap konstwi Sal Wayòm ak biwo filyal. Volontè sa yo suiv enstriksyon Biwo mondyal pou plan ak konstriksyon bay yo. Se pa ti rekonesans nou genyen pou tout moun k ap travay di anpil nan konstriksyon sa yo! Anplis de sa, sèvitè Jewova yo toupatou sou tè a bay sa yo kapab pou depans k ap fèt pou konstriksyon sa yo. Jewova beni pèp li a pou imilite ak fidelite yo demontre. — Lik 21:1-4.

12 Fòmasyon. Jewova renmen bay pèp li fòmasyon (Ezayi 2:2, 3). Reflechi ak pakèt lekòl nou genyen yo. Gen Lekòl pyonye, Lekòl pou evanjelizatè Wayòm nan, Lekòl Galaad, Lekòl pou nouvo Betelit, Lekòl pou siveyan sikonskripsyon yo ak madanm yo, Lekòl pou ansyen yo, Lekòl ministè Wayòm ak Lekòl pou manm Komite filyal yo ak madanm yo. Epi, sou sit Entènèt nou an, jw.org, nou ka jwenn Labib ak lòt piblikasyon nan plizyè santèn lang. Sit Entènèt la gen seksyon espesyal pou timoun ak fanmi ansanm ak yon seksyon pou nouvèl. Èske w itilize sit jw.org la nan travay predikasyon an ak lè w ap fè adorasyon an fanmi?

MONTRE W FIDÈL AK JEWOVA EPI SOUTNI ÒGANIZASYON L LAN

13. Ki responsablite pèp Jewova a genyen?

13 Se pa ti onè sa ye pou n fè pati òganizasyon Jewova a e pou n konnen sa l mande nou fè! Byennantandi, depi nou konnen sa k fè Bondye plezi, nou gen responsablite pou n obeyi l e pou n fè sa k byen. E malgre gen anpil moun ki renmen fè sa k mal, nou dwe “rayi sa ki mal” menm jan ak Jewova (Sòm 97:10). Nou pa dwe janm sanble ak moun ki panse “sa k bon an pa bon e [...] sa k pa bon an bon”. (Ezayi 5:20.) Nou vle fè Jewova plezi, se sa k fè nou pran detèminasyon pou n pwòp nan tout domèn (1 Korentyen 6:9-11). Sa Jewova di nou nan Bib la se pou byen nou. Nou renmen l e nou vle fidèl avè l. Se sa k fè nou suiv sa l di nou lè nou lakay nou, nan kongregasyon an, nan travay nou, nan lekòl nou oswa nenpòt kote nou ta ye (Pwovèb 15:3). Fè yon ti reflechi pou n wè nan ki domèn nou bezwen montre n fidèl ak Bondye.

Papa ak manman ki renmen Jewova yo vle pou pitit yo gen yon relasyon sere avè l.

14. Ki jan paran yo ka montre yo fidèl ak Jewova?

14 Fason nou bay pitit nou fòmasyon. Nan Bib la, Jewova bay paran yo enstriksyon sou fason pou yo bay pitit yo fòmasyon. Kretyen yo bezwen pran prekosyon pou yo pa kite fason pifò moun nan monn nan panse enfliyanse yo (Efezyen 2:2). Pa egzanp, gen zòn kote papa yo kapab panse: ‘Bon, bò isit la, se medam yo ki anseye timoun.’ Men, Bib la bay papa yo lòd byen klè pou yo anseye pitit yo pou yo aprann konnen Jewova (Efezyen 6:4). Papa ak manman ki renmen Jewova yo vle pou pitit yo gen yon relasyon sere ak Jewova, menm jan Samyèl te gen yon relasyon sere ak Jewova lè l te timoun. — 1 Samyèl 3:19.

15. Ki jan nou ka montre nou fidèl ak Jewova lè n gen gwo desizyon pou n pran?

15 Fason nou pran desizyon. Anvan nou pran gwo desizyon nan lavi nou, nou vle chèche konn sa Jewova panse yon fason pou n ka ret fidèl avè l. Bib la ak òganizasyon l lan kapab ede nou. Pa egzanp, jodi a, gen kèk paran k ap viv aletranje ki deside voye pitit yo ki tibebe al viv ak fanmi yo nan peyi yo. Konsa, papa a ak manman an ka kontinye travay epi fè lajan. Se vre, se yon desizyon pèsonèl, men de moun marye dwe mande tèt yo: ‘Ki sa Jewova ap panse de desizyon nou an?’ (Li Women 14:12.) Li t ap saj pou n reflechi sou sa Bib la di anvan n pran desizyon enpòtan ki gen rapò ak fanmi nou ansanm ak travay nou. Nou bezwen èd Papa nou paske nou pa ka deside ki kote n ap met pye nou. — Jeremi 10:23.

16. Ki desizyon yon manman te gen pou l pran apre l te fin fè yon pitit gason? Ki sa k te ede l pran bon desizyon an?

16 Apre yon mari ak madanm li te fin demenaje al nan yon lòt peyi, yo te vin gen yon pitit gason, e yo te planifye pou yo voye l al viv ak granparan l yo nan peyi yo. Men, nan menm epòk la, madanm nan te kòmanse etidye Labib ak yon Temwen Jewova. Li te aprann se responsablite pa l pou l aprann pitit gason l lan konn Jewova (Sòm 127:3; Pwovèb 22:6). Jèn dam nan te priye Jewova, jan Bib la mande nou fè sa, e l te sipliye l pou l ede l fè sa ki byen (Sòm 62:7, 8). Li te pale de pwoblèm nan tou ak sè ki t ap etidye Labib avè l la e l te pale de sa ak lòt moun nan kongregasyon an. Malgre moun nan fanmi l te kontinye ap di l li dwe voye timoun nan bay granparan l, li te deside li pa bon pou l fè sa. Mari a te wè jan frè ak sè yo te ede madanm li ak pitit la. Sa te tèlman enpresyone l, li te kòmanse etidye Labib e l te asiste reyinyon yo ak fanmi l. Imajine jan manman sa a te kontan lè l te wè Jewova reponn priyè l!

17. Lè n ap etidye Labib ak yon moun, ki enstriksyon nou dwe suiv?

17 Fason nou suiv enstriksyon. Si nou fidèl ak Bondye, n ap suiv enstriksyon òganizasyon l lan ban nou. Pa egzanp, ann wè ki sa n dwe fè tousuit apre nou kòmanse etidye liv Ki sa Labib kapab anseye nou? an ak yon moun. Nou jwenn enstriksyon pou n pran kèk minit apre chak etid pou n ede etidyan an aprann plis bagay sou òganizasyon Jewova a. Nou kapab itilize videyo Ki sa yo fè nan yon Sal Wayòm? nan ak bwochi Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a? Lè n fini liv Anseye nou an ak etidyan an, nou ka ede l vin pi “fèm nan lafwa” lè n etidye liv “Rete nan lanmou Bondye” a avè l, menmsi l gentan batize (Kolosyen 2:7). Èske w suiv enstriksyon sa a òganizasyon Jewova a ban nou an?

18, 19. Bay kèk rezon ki fè n dwe gen Jewova rekonesans.

18 Gen anpil rezon ki fè n dwe gen Jewova rekonesans! Youn ladan yo se paske “se grasa li nou gen lavi, nou fè mouvman ak kò nou e nou egziste”. (Travay 17:27, 28.) Epitou, li ban nou Liv li a, anpalan de Bib la. Menm jan ak kretyen Tesalonik yo, nou bay kado sa a anpil valè paske se yon mesaj li voye pou nou. — 1 Tesalonisyen 2:13.

19 Bib la ede n pwoche bò kote Jewova, e li menm li pwoche bò kote nou (Jak 4:8). Nou gen anpil rekonesans dèske Papa nou envite n vin fè pati òganizasyon l lan! Nou santi nou menm jan ak youn nan moun ki te patisipe nan ekri sòm yo ki te di: “Di Jewova mèsi paske li bon. Lanmou fidèl li genyen an ap la pou toutan.” (Sòm 136:1). Nan chak vèsè nan sòm sa a, li te repete ekspresyon “lanmou fidèl li genyen an ap la pou toutan”. Vrèmanvre, si nou fidèl ak Jewova e nou suiv enstriksyon li ban nou yo pa mwayen òganizasyon l lan, l ap ban nou lavi ki pap janm fini an e l ap fidèl avè n nètale!