Al gade sa k anndan l

LABIB CHANJE LAVI MOUN

Yo te jwenn “pèl ki gen anpil valè” a

Yo te jwenn “pèl ki gen anpil valè” a

 Jezi te fè konnen Wayòm Bondye a pral rezoud tout pwoblèm lèzòm yo (Matye 6:10). Nan Matye 13:44-46, li te bay de egzanp ki pi ba yo pou l montre enpòtans verite sou Wayòm Bondye a genyen:

  •   Yon mesye ki t ap travay nan yon jaden te jwenn yon trezò ki kache san l pa t ap chèche sa.

  •   Yon komèsan ki t ap vwayaje pou l chèche bèl pèl te jwenn yon pèl ki gen anpil valè.

 Toule de mesye yo te byen kontan vann tout sa yo te posede pou yo te ka achte trezò yo te jwenn yo. Mesye sa yo reprezante moun ki tèlman bay Wayòm nan valè, yo fè gwo sakrifis pou yo jwenn benediksyon li pote yo (Lik 18:29, 30). Nan videyo sa a, gade istwa de moun ki sanble ak de mesye ki nan egzanp Jezi a.