Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KONTINYE VEYE!

Plizyè milyon moun kouri kite peyi Ikrèn

Plizyè milyon moun kouri kite peyi Ikrèn

 Larisi te kòmanse anvayi peyi Ikrèn nan dat 24 fevriye 2022, sa ki te lakòz anpil moun kouri kite peyi a a.

 “Te gen bonm ki t ap eksploze. Bagay yo te tèlman rèd, m pa gen mo pou m esplike sa. Lè nou te aprann gen tren ki disponib pou moun chape poul yo, nou te deside ale. Nou te dwe mete tout lavi nou nan yon ti bèg, e se youn sèlman chak moun te ka pote. Sèl sa nou te ka pran se te dokiman enpòtan, medikaman, dlo ak yon ti bagay pou n pase nan bouch nou. Nou te kite tout sa n posede dèyè e nou t al nan estasyon tren an toutpandan bonm t ap tonbe.” — Natalia, Kharkiv, Ikrèn.

 “Jis nan dènye moman yo, nou pa t panse gè a t ap fèt vre. Mwen te tande eksplozyon ki t ap fèt plizyè kote nan peyi a e fenèt yo t ap tranble. Mwen te deside deplase, mwen te pran sa k nesesè sèlman. Mwen te kite kay mwen a 8:00 nan maten epi m te pran yon tren ki t apral nan vil Lviv e apre sa, m te pran yon bis ki t apral nan peyi Polòy.” — Nadija, Kharkiv.

Nan atik sa a

 Ki vrè rezon ki fè moun ap kouri kite peyi Ikrèn?

 Se vre, moun te kòmanse kite peyi Ikrèn akoz lame peyi Larisi te anvayi peyi a. Men, Labib montre se pa pou rezon sa a sèlman, gen rezon ki pi pwofon, ki pa parèt aklè.

  •   Gouvènman lèzòm yo pa reyisi bay lèzòm sa yo bezwen. Men, byen souvan, otorite yo sèvi ak pouvwa yo genyen pou yo toupizi moun. — Eklezyas 4:1; 8:9.

  •   Satan Ledyab, “chèf monn nan”, tèlman gen move enfliyans sou lèzòm, Bib la di: “Lemonnantye anba pouvwa Mechan an.” — Jan 14:30; 1 Jan 5:19.

  •   Lèzòm ap soufri depi plizyè syèk akoz yon seri pwoblèm, men tou y ap soufri jodi a paske n ap viv nan yon epòk kote Bib la te anonse: “Nan dènye jou yo, tan yo pral di, yo pral difisil pou moun sipòte.” (2 Timote 3:1.) Mete sou sa, nan jou sa yo t ap gen lagè, katastwòf natirèl ak epidemi, yon seri evènman ki lakòz moun chape poul yo. — Lik 21:10, 11.

 Ki kote refijye yo ka jwenn espwa?

 Bib la fè konnen Jewova b, Kreyatè nou an, se yon Bondye ki gen lanmou ak konpasyon pou refijye yo e pou moun ki oblije kite kay yo (Detewonòm 10:18). Li pwomèt li pral rezoud pwoblèm refijye yo pa mwayen Wayòm Bondye a, yon gouvènman ki nan syèl la, ki pral ranplase gouvènman lèzòm yo (Dànyèl 2:44; Matye 6:10). Jewova pral sèvi ak Wayòm li an pou l elimine Satan Ledyab (Women 16:20). Wayòm sa a pral gouvène tout tè a. Donk, pap gen divizyon ki gen ant nasyon yo jodi a akoz fwontyè yo. Lèzòm ap vin yon sèl fanmi ki gen tèt ansanm sou tout tè a. Moun pap janm bezwen kouri kite kay yo ankò, paske Bib la pwomèt nou: “Chak moun ap chita anba pye rezen yo ak pye fig frans yo, e pa gen pèsonn k ap vin fè yo pè. Se Jewova, Chèf lame yo, ki di sa ak bouch li.” — Miche 4:4.

 Se sèl Wayòm Bondye a ki ka pèmèt moun sispann kouri kite kay yo toutbon. Jewova pral sèvi ak Wayòm li an pou l retire pwoblèm ki fè moun oblije kite kay yo pou y al refijye nan lòt zòn. Ann gad kèk nan pwoblèm Jewova pral rezoud yo:

 Èske Bib la ka ede refijye yo jodi a?

 Wi. Nonsèlman Bib la bay refijye yo yon bèl espwa pou lavni, men tou li ka ede yo fè fas ak pwoblèm yo jwenn jodi a.

 Prensip Bib la bay: “Moun ki pa konprann anyen an kwè tout sa moun di, men, moun ki gen lespri a veye chak pa l fè.” — Pwovèb 14:15.

 Sa l vle di: Eseye reflechi sou danje w ka rankontre ak fason w ka pwoteje tèt ou. Fè atansyon ak yon seri moun k ap pwofite sitiyasyon moun ki refijye yo, ki poko konn zòn nan, pou yo eksplwate yo oubyen pou yo fè kòb sou yo.

 Prensip Bib la bay: “Si nou gen manje ak rad, n ap kontante nou ak bagay sa yo.” — 1 Timote 6:8.

 Sa l vle di: Evite konsantre sou bagay materyèl. Lè w satisfè ak sa w bezwen pou w viv, w ap gen kè kontan.

 Prensip Bib la bay: “Tout sa nou ta renmen moun fè pou nou, nou menm tou, nou dwe fè l pou yo.” — Matye 7:12.

 Sa l vle di: Se pou w gen pasyans ak bonte. Kalite sa yo ap pèmèt moun nan zòn nan respekte w epi aksepte w.

 Prensip Bib la bay: “Pa rann pèsonn mal pou mal.” — Women 12:17.

 Sa l vle di: Pa kite kòlè fè w chèche tire revanj lè moun maltrete w. Si w fè sa, se kòmsi w ap met luil sou dife.

 Prensip Bib la bay: “Mwen gen fòs pou tout bagay grasa Sila a ki ban m pisans lan.” — Filipyen 4:13.

 Sa l vle di: Chèche bay Bondye yon plas enpòtan nan lavi w epi priye l. Li ka ba w fòs pou w andire pwoblèm ou yo.

 Prensip Bib la bay: “Pa enkyete nou pou anyen, men fè Bondye konnen demann nou yo nan tout bagay, pa mwayen lapriyè ak siplikasyon toutpandan n ap di l mèsi. E lapè Bondye, ki depase tout sa moun ka konprann, ap pwoteje kè nou ak lespri nou.” — Filipyen 4:6, 7.

 Sa l ve di: Mande Jewova pou l fè kè w poze e pou lespri w anpè kèlkeswa sitiyasyon w ladan l lan. Gade atik ki gen tit: “Filipyen 4:6, 7 — ‘Pa enkyete nou pou anyen’”.

a Yon jou apre yo te fin anvayi peyi a, Wo Komisarya Nasyonzini pou refijye yo (UNHCR) te fè konnen kriz sa a se youn nan pi gwo ijans ki gen nan tout ijans y ap jere yo. Nan 12 jou sèlman, gen plis pase de milyon refijye ki te kite Ikrèn pou y al nan peyi ki toupre yo, e gen yon milyon lòt moun ki te oblije kite zòn kote yo rete pou y al nan yon lòt zòn nan peyi a.

b Jewova se non Bondye (Sòm 83:18). Gade atik “Kiyès Jewova ye?” a.