Al gade sa k anndan l

Toudegad — Peryodik yo distribye pi plis nan monn nan

Toudegad — Peryodik yo distribye pi plis nan monn nan

Toudegad se peryodik yo distribye pi plis pase tout lòt peryodik ki gen nan monn nan. Yo enprime plis pase 42 milyon nan chak nimewo. Reveye n! vin nan dezyèm pozisyon, yo enprime 41 milyon nan chak nimewo. Se Temwen Jewova yo ki pibliye de peryodik sa yo e yo distribye yo nan plis pase 236 peyi.

Ki sa k rive pou lòt jounal yo? Selon yon asosyasyon ameriken (The Association of Magazine Media), peryodik yo vann ki pi gaye nan peyi Etazini se AARP (American Association of Retired Persons) ki pibliye l, se yon òganizasyon ki vize moun ki gen plis pase 50 an yo. Yo pibliye plis pase 22,4 milyon ladan l. Gen yon peryodik ann Almay yo rele ADAC Motorwelt, yo pibliye prèske 14 milyon ladan l ak yon peryodik chinwa ki se Gushi Hui (istwa), yo enprime 5,4 milyon ladan l.

Jounal yo plis vann nan se yon jounal japonè ki rele Yomiuri Shimbun. Regilyèman, yo enprime plis pase dis milyon kopi ladan l.

Yon lòt bagay ki fè piblikasyon Temwen Jewova yo remakab se nan domèn tradiksyon. Nou tradui Toudegad la nan plis pase 190 lang e nou tradui Reveye n! nan plis pase 80 lang. An konparezon, gen Reader’s Digest yo pibliye nan 21 lang, men yo varye sa k ladan l soti nan yon peyi al nan yon lòt.

Yon bagay ki fè Toudegad ak Reveye n! diferan ak peryodik ak jounal nou sot site la yo, sèke se ofrann volontè ki fè yo kapab pibliye yo, yo pa gen piblisite ladan yo e yo pa vann yo.

Objektif Toudegad se esplike ansèyman ki nan Bib la, an patikilye, ansèyman Bib la bay sou Wayòm Bondye a. Yo kòmanse pibliye l depi 1879, e li pa janm kanpe. Reveye n! li menm trete yon seri sijè jeneral, tankou lanati ak lasyans nan objektif pou ede moun gen lafwa nan Kreyatè a. Li mete aksan tou sou fason Bib la ka ede nou nan lavi a.