Al gade sa k anndan l

Pwojè Wòlkil ak Wòwik yo ap vanse

Pwojè Wòlkil ak Wòwik yo ap vanse

Temwen Jewova yo gen de gwo pwojè nan peyi Etazini ki kontinye ap vanse grasa volontè ki soti toupatou nan peyi a e k ap travay di sou yo.

Wòlkil, Nouyòk: Gen plis pase 1 600 Temwen k ap viv nan bilding sa yo e se la yo pwodui piblikasyon pou Temwen Jewova nan peyi Etazini yo. Pou plis travay ka rive fèt nan Wòlkil, moun k ap travay sou chantye a, pifò nan yo se volontè, ap konstwi yon bilding twa etaj pou biwo, yon pakin ak yon bilding twa etaj pou apatman. Rive nan ane 2012, volontè yo te gentan fini yon bilding kote yo met materyèl teknik e yo te agrandi salamanje a pou l pran 200 plas ankò.

Nan plizyè peyi tankou Brezil, Almay ak Meksik, Temwen Jewova yo gen plizyè bilding, yo rele filyal, kote yo fè travay administrasyon. Nan peyi Etazini, nan bilding Temwen Jewova yo itilize yo gen yon Sant ansèyman nan Patèsonn, Nouyòk e gen plizyè biwo nan Bwouklin, Nouyòk. Lè agrandisman Wòlkil la fini, konstriksyon sa a ap vin tounen pi gwo lokal Temwen Jewova yo ap itilize nan lemonnantye.

Wòwik, Nouyòk: Bilding sa a pral sèvi kòm nouvo syèj mondyal Temwen Jewova yo. Yo gentan retire bilding vid ki te sou chantye a. Temwen yo te achte yon teren nan vil Tuxedo, Nouyòk, ki nan yon distans anviwon 10 kilomèt parapò ak Wòwik, e yo sèvi ak teren sa a pou yo met gwo ekipman ak materyèl konstriksyon yo. Otorite konpetan ki nan zòn nan te aksepte dokiman Temwen yo te bay pou montre efè pwojè a ap gen sou anviwònman an. Yonfwa yo fin apwouve plan an, y ap ranpli yon fòm pou pèmèt yo konstwi. Annatandan, syèj mondyal Temwen Jewova yo ap kontinye fonksyone nan Bwouklin, Nouyòk.