Al gade sa k anndan l

ESPLIKASYON SOU KÈK VÈSÈ

Jenèz 1:1 — “Okòmansman, Bondye te kreye syèl la ak tè a”

Jenèz 1:1 — “Okòmansman, Bondye te kreye syèl la ak tè a”

 “Okòmansman, Bondye te kreye syèl la ak tè a.” — Jenèz 1:1, Tradiksyon monn nouvo a.

 “Nan konmansman, Bondye kreye syèl la ak latè a.” — Jenèz 1:1, Bib la.

Sa Jenèz 1:1 vle di

 Premye vèsè sa a ki nan Bib la fè konnen de verite enpòtan. Premyèman, li fè konnen “syèl la ak tè a”, oswa linivè fizik la, gen yon kòmansman. Dezyèmman, li fè konnen se Bondye ki kreye yo. — Revelasyon 4:11.

 Bib la pa di depi ki lè Bondye te kreye linivè, ni li pa bay esplikasyon sou fason li te kreye l. Men, Bib la fè konnen Bondye te kreye linivè grasa “pakèt fòs li genyen ak pisans li genyen ki fè moun gen lakrentif pou li”. — Ezayi 40:26.

 Vèb ebre lè yo tradui l yo met “kreye” pou li a gen rapò sèlman ak sa Bondye kapab fè. a Nan Bib la, se sèl Jewova b Dye yo rele Kreyatè. — Ezayi 42:5; 45:18.

Kontèks Jenèz 1:1

 Premye vèsè sa a ki nan liv Jenèz la entwodui istwa kreyasyon an ki parèt nan chapit 1 ak chapit 2 liv Jenèz la. Soti nan Jenèz 1:1 pou rive nan chapit 2:4, Bib la bay yon ide jeneral sou etap Bondye te pase pou l kreye ni tè a ni tout sa k sou li yo, sa ki gen ladan l premye gason an ak premye fi a. Apre sa, Bib la bay plis detay sou fason Bondye te kreye gason an ak fi a. — Jenèz 2:7-25.

 Liv Jenèz la esplike travay kreyasyon Bondye te fè a kòm yon travay li te fè sou yon peryòd sis “jou”. Jou sa yo pa t dire 24 èdtan, an reyalite yo te dire yon kantite tan nou pa konnen. Anfèt, yo konn itilize mo “jou” a pou yo pale de yon peryòd tan ki plis pase 24 èdtan. Se sa nou wè nan Jenèz 2:4, ki sèvi ak mo “jou” a e ak mo “lè” a pou l pale de tout travay kreyasyon Jewova te fè nan sis jou anvan yo kòm yon bagay li te fè nan yon “jou”.

Fason kèk moun konprann Jenèz 1:1

 Sa moun yo panse: Sa gen sèlman kèk milye ane depi Bondye te kreye linivè fizik la.

 Sa ki verite: Bib la pa di ki lè Bondye te kreye linivè a. Deklarasyon nou jwenn nan Jenèz 1:1 pa an kontradiksyon ak sa syantifik yo di, lè yo fè konnen linivè gen plizyè milya ane depi l egziste. c

 Sa moun yo panse: Moun yo panse Jenèz 1:1 fè konnen Bondye fè pati yon trinite, paske mo ebre lè yo tradui l yo mete “Bondye” pou li a nan fòm pliryèl.

 Sa ki verite: Mo ebre Eloyim nan lè yo tradui l yo mete “Bondye” pou li a nan fòm pliryèl, se pa pou montre gen plizyè moun, men se pou montre tout grandè ak tout glwa moun ki pote tit sa a genyen. Men sa yon ansiklopedi (New Catholic Encyclopedia) fè konnen sou mo ebre Eloyim nan ki o pliryèl, jan sa parèt nan Jenèz 1:1 an: “Vèb ki mache ak mo Eloyim nan toujou o sengilye, sa ki montre li pa gen rapò ak kantite men ak grandè [moun ki pot tit sa a], menm jan wa yo te konn itilize nou lè y ap pale de tèt yo.” — Dezyèm edisyon, volim 6, paj 272.

Li Jenèz chapit 1 ansanm ak nòt yo ak referans yo.

a Men sa yon Bib etid anglè fè konnen: “Vèb ebre bara a, ki vle di ‘kreye’, lè li nan fòm aktif li, li pa janm gen rapò ak sa lèzòm ka fè. Kidonk, bara gen rapò sèlman ak travay Bondye kapab fè.” — HCSB Study Bible, paj 7.

b Jewova se non pèsonèl Bondye. — Sòm 83:18.

c Konsènan mo ebre yo mete “okòmansman” pou li a, men ki sa yon liv ki fè kòmantè sou Bib la fè konnen: “Mo sa a pa montre ki kantite tan peryòd sa a dire.” — Expositor’s Bible Commentary, edisyon revize, volim 1, paj 51.