Al gade sa k anndan l

ESPLIKASYON SOU KÈK VÈSÈ

Matye 6:33 — “Chèche Wayòm nan an premye”

Matye 6:33 — “Chèche Wayòm nan an premye”

 “Kidonk, kontinye chèche Wayòm nan an premye e kontinye chèche fè sa ki jis nan je Bondye an premye, e l ap ajoute tout lòt bagay sa yo pou nou.” — Matye 6:33, Tradiksyon monn nouvo a.

 “Pito nou chache bay bagay peyi Wa ki nan syèl la premye plas nan lavi nou, chache viv jan Bondye vle l’ la anvan. Lè sa a, Bondye va ban nou tout lòt bagay sa yo tou.” — Matye 6:33, Bib la.

Sa Matye 6:33 vle di

 Wayòm Bondye a se yon gouvènman nan syèl la ki pral reyalize objektif Bondye sou tè a (Matye 6:9, 10). Yon moun chèche Wayòm Bondye a an premye lè l montre se sa ki pi enpòtan nan lavi l a. Sa vle di nonsèlman moun sa a ap kontan aprann plis sou Wayòm Bondye a, men tou l ap vle anseye lòt moun sa Wayòm nan pral akonpli (Matye 24:14). Epitou, l ap priye pou Wayòm nan vini. — Lik 11:2.

 Sa ki jis nan je Bondye gen ladan l prensip li yo konsènan sa ki byen ak sa ki mal (Sòm 119:172). Donk, moun sa a chèche fè sa ki jis nan je Bondye lè l viv ann amoni ak prensip moral Bondye yo ki toujou pote byenfè. — Ezayi 48:17.

 Ekspresyon l ap ajoute tout lòt bagay sa yo pou nou se yon pwomès fè Bondye pou l pran swen tout moun ki mete Wayòm nan ak prensip li yo an premye nan lavi yo. — Matye 6:31, 32.

Kontèks Matye 6:33

 Jezi te di pawòl sa yo nan Diskou li te bay sou mòn nan nou jwenn nan Matye chapit 5-7 la. Sandout, anpil moun ki t ap koute pawòl Jezi yo te pòv. Petèt yo te panse yo te dwe konsantre plis sou chèche jwenn sa yo bezwen pou yo viv, sa ki t ap fè yo pa gen anpil tan pou yo chèche Wayòm nan. Men, Jezi te ankouraje yo pou yo gade jan Bondye pran swen plant ak bèt li kreye yo. Bondye pwomèt l ap fè menm bagay la tou pou moun ki chèche Wayòm nan an premye. — Matye 6:25-30.

Fason kèk moun konprann Matye 6:33

 Sa moun yo panse: Yon moun ki chèche Wayòm nan ap vin rich.

 Sa ki verite: Jezi te di yon moun ki mete Wayòm Bondye a an premye ap jwenn sa li bezwen, sa ki gen ladan l manje ak rad (Matye 6:25, 31, 32). Men, li pa t pwomèt moun sa a t ap rich, ni li pa t di se kantite bagay materyèl moun sa a genyen ki t ap montre li jwenn benediksyon Bondye. Anfèt, Jezi te avèti moun ki t ap koute l yo pou yo pa chèche vin rich, paske sa t ap fè li pi difisil pou yo chèche Wayòm nan an premye (Matye 6:19, 20, 24). Apot Pòl te travay di pou l preche mesaj Wayòm Bondye a menm lè li pa t toujou gen anpil nan domèn materyèl. Menm jan ak Jezi, li te avèti lòt moun kont danje ki genyen nan chèche vin rich. — Filipyen 4:11, 12; 1 Timote 6:6-10.

 Sa moun yo panse: Yon kretyen pa bezwen travay pou l pran swen tèt li.

 Sa ki verite: Bib la fè konnen yon kretyen dwe travay pou l pran swen tèt li ak fanmi l (1 Tesalonisyen 4:11, 12; 2 Tesalonisyen 3:10; 1 Timote 5:8). Jezi pa t di se Wayòm nan sèlman disip li yo dwe chèche, men li te di yo dwe chèche Wayòm nan an premye.

 Moun ki chèche Wayòm Bondye a an premye dakò travay pou yo pran swen tèt yo, e yo gen asirans Bondye ap ede yo jwenn sa yo bezwen. — 1 Timote 6:17-19.

a Ekspresyon grèk lè yo tradui l yo mete “kontinye chèche” pou li a vle di yon aksyon k ap kontinye fèt, yon lòt fason yo ka tradui l se “chèche san rete”. Donk, nou dwe toujou bay Wayòm nan priyorite nan lavi n olye nou fè sa yon lè konsa oswa pou yon ti tan.