Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

FASON N ITILIZE OFRANN NOU YO

Tradiskyon pwogram kongrè rejyonal 2020 an ki gen tèm: “Se pou nou toujou rejwi”!

Tradiskyon pwogram kongrè rejyonal 2020 an ki gen tèm: “Se pou nou toujou rejwi”!

10 JIYÈ 2020

 Nan mwa jiyè ak mwa out 2020, pou premye fwa nan listwa, fanmi mondyal nou fòme a ap gade menm pwogram kongrè rejyonal la pandan menm peryòd la. Pou sa rive posib, nou te dwe tradui anrejistreman pwogram kongrè a nan plis pase 500 lang. Nòmalman, yon pwojè konsa ka pran ennan oswa plis pou n planifye l e pou n finalize l. Men akoz sitiyasyon n ap fè fas la ki lye ak pandemi kowonaviris la, tradiktè yo ki t ap travay sou pwogram kongrè rejyonal 2020 an ki gen tèm “Se pou nou toujou rejwi”! te gen mwens pase kat mwa pou yo fini travay la.

 Sèvis tradiksyon ak Sèvis acha ki nan syèj mondyal Temwen Jewova yo te bay èd yo nan kokennchenn pwojè sa a. Sèvis tradiksyon an te rann li kont anpil ekip tradiksyon te bezwen plis ekipman pou yo rive fè travay sa a, pa egzanp yo t ap bezwen mikwo bon kalite. Sèvis acha a te fè planifikasyon pou l achte 1 000 mikwo e pou l fè livre yo nan anviwon 200 kote.

 Pou òganizasyon an te ka depanse mwens, nou te achte mikwo sa yo angwo, nou te fè livre yo nan yon lokal ki te sèvi kòm sant, epi apati lokal sa a nou te fè yo fè plizyè pake pou n voye yo diferan kote sou tè a. Lefètke n te achte angwo, chak mikwo koute anviwon 170 dola ameriken (depans livrezon an tou ladan l), konsa nou te ekonomize anviwon 20 pousan lajan parapò ak si nou t ap achte yo an detay.

 Sèvis acha a te gen pou l achte materyèl sa yo e fè aranjman pou l livre yo nan mwa avril ak mwa me 2020, yon peryòd kote anpil biznis te limite aktivite yo akoz pandemi an. Malgre sa, pou rive fen mwa me a, pifò biwo tradiksyon yo, filyal yo ak lòt lokal kote nou fè tradiksyon yo te jwenn ekipman yo te bezwen yo.

 Men sa Jay Swinney, siveyan Sèvis acha a, fè konnen: “Te gen yon bon kowoperasyon ant depatman nan Betèl yo ak founisè ki deyò yo toutolon pwojè sa a. Se sèlman lespri sen Jewova ki te ka ede n travay byen rapid konsa nan tèt ansanm e yon fason ki ekonomik pou n soutni bezwen ki genyen nan òganizasyon an.”

 E men sa Nicholas Ahladis, yon frè k ap travay nan Sèvis tradiksyon an, di: “Tradiktè yo ki te deja nan konfinman nan moman sa a te santi yo ankouraje anpil lè yo te resevwa ekipman sa yo. Byenke yo pa t ka menm kote ak rès manm nan ekip tradiksyon yo a, yo te ka bay patisipasyon pa yo nan tradui e nan anrejistre diskou yo, dram yo ak chante yo nan plis pase 500 lang.”

 Pwojè sa a se youn nan pakèt pwojè ki te rive reyalize pou n te ka prepare pwogram kongrè rejyonal 2020 an pou tout frè ak sè nou yo nan lemonnantye. Ofrann nou te fè pa mwayen paj entènèt donate.pr418.com la ak lòt fason ankò te pèmèt nou rive achte bagay sa yo nou te bezwen pou reyalize pwogram sa a.