Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Pou yo te kapaqb reyalize dram biblik la, yo te depoze 27 500 kilogram (60 000 lb) gravye nan estidyo ki nan Mt. Ebo a.

FASON N ITILIZE OFRANN NOU YO

Pwodiksyon videyo pou pwogram kongrè rejyonal ane 2020 an ki gen tèm “se pou nou rejwi”!

Pwodiksyon videyo pou pwogram kongrè rejyonal ane 2020 an ki gen tèm “se pou nou rejwi”!

10 OUT 2020

 Videyo yo pase nan kongrè rejyonal yo touche kè nou e yo ede n pi byen konprann ansèyman ki gen nan Bib la. Kongrè rejyonal ane 2020 an, gen tèm “Se pou nou rejwi”!, gen yon total 114 videyo e 43 nan videyo sa yo se videyo diskou manm Kolèj santral la ak moun k ap ede yo bay yo. Èske  w te janm mande tèt ou ki kantite travay ki te fèt e ki kantite kòb ki te depanse pou te kapab reyalize videyo sa yo?

 Te gen anviwon 900 frè ak sè sou tout kò tè a ki te ofri tan yo ak talan yo pou reyalize pwogram sa a. Antou, frè ak sè sa yo te pase prèske 100 000 èdtan ap travay sou pwojè sa a ki te dire dezan. Sa ki gen ladan l 70 000 èdtan ki te nesesè pou yo te reyalize dram biblik ki dire 76 minit la ki gen tit Neyemi: “Lajwa Jewova bay la se fòs nou.”

 Jan w kapab imajine sa, sa te mande anpil kòb pou nou te kapab soutni epi bay frè ak sè sa yo ki te dispoze ofri tèt yo volontèman epi fè yo jwenn sipò teknik, ekipman ak enstalasyon yo t ap bezwen pou fini travay la.

 Men sa Jared Gossman, k ap travay ak sèvis odyo/videyo a fè konnen: “Yon fason pou n kapab montre toutbon fanmi nou fòme a se yon fanmi entènasyonal, Komite pou ansèyman Kolèj santral la vrèman vle pou videyo nou yo montre moun ki gen divès kilti e ki soti nan divès peyi. Pou atenn objektif sa a, te gen 24 ekip nan 11 peyi diferan ki te travay ansanm sou pwojè sa a. Sa te mande anpil kòb, anpil planifikasyon ak òganizasyon pou te kapab pèmèt moun ki gaye sou tout kò tè a travay ansanm.”

 Anpil nan videyo nou yo te mande pou nou te fè yon seri aranjman epi gen yon seri ekipman espesyal. Pa egzanp, pou nou te kapab fè fim Neyemi: “Lajwa Jewova bay la se fòs nou” an nou te oblije fè aranjman yo anndan estidyo nou genyen nan Mt Ebo a toupre Patterson, nan New York, USA. E pou frè yo te kapab byen sèvi ak ofrann nou yo epi anmenmtan bay enfòmasyon sou listwa ki egzak e ki kòrèk, yo te fè yon seri konstriksyon ki sanble ak miray Jerizalèm nan ki fasil pou moun deplase. Konstriksyon sa yo fèt an bwa epi yo mete yon seri eponj sou yo ki pentire pou fè yo sanble ak wòch e yo chak mezire sis mèt wotè (20 pye). Konsa yo te kapab deplase “mi” sa yo selon sèn y ap filme a sa ki pèmèt frè yo limite kantite konstriksyon yo t ap bezwen yo. Aktout sa, pou yo te kapab konstwui sèn pou fim nan sèlman yo te bezwen anviwon 100 000 dola ameriken. a

 Nou gen plis rekonesans toujou pou kongrè rejyonal ane sa a, etandone kounye a nou konnen ki jan li fè fèt. Nou gen konfyans tout efò ki te fèt pou reyalize pwogram sa a pral fè sou tout tè a tout moun pral bay Jewova glwa. Mèsi pou tout ofrann nou te fè sou donate.pr418.com la ak lòt fason ankò.

a Yo te fè konstriksyon sèn pou fim Neyemi: “Lajwa Jewova bay la se fòs nou” an anvan pandemi COVID-19 la. Lè sa a frè ak sè yo pa t bezwen respekte konsiy sou distans sosyal la.