Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

FASON N ITILIZE OFRANN NOU YO

N ap pwodui liv ki pi enpòtan an

N ap pwodui liv ki pi enpòtan an

1yeJANVYE 2021

 “M gen 19 an depi m ap tann li!” Ki sa frè nou an t ap tann konsa? Li t ap tann Tradiksyon monn nouvo a — Liv ki te ekri an grèk yo, nan lang Bengali ki se lang li pale a. Anpil moun di menm bagay la tou lè Tradiksyon monn nouvo a parèt nan lang pa yo. Èske w janm reflechi sou sa sa mande pou yo tradui e pou yo pwodui Bib sa yo?

 Toudabò, anba direksyon Komite redaksyon Kolèj santral la, yo asiye travay la bay yon ekip tradiksyon. Konbyen tan sa pran pou ekip la tradui Bib la? Men sa Nicholas Ahladis, yon frè k ap travay nan Sèvis tradiksyon nan Wòwik, Nouyòk fè konnen: “Gen plizyè bagay pou n konsidere. Pa egzanp, kantite tradiktè ki disponib pou pwojè a, difikilte yo ka rankontre avèk lang nan, konesans lektè yo sou jan lavi te ye nan tan biblik yo ak diferans ki ka genyen nan fason yo pale lang lan selon kote lektè yo abite. An jeneral, li pran anviwon ennan jiska twazan pou yon ekip tradui sèlman Liv ki te ekri an grèk yo e nòmalman katran oswa plis pou yo tradui tout Bib la. Sa pran plis tan toujou si se lang siy y ap tradui.”

 Se pa sèlman tradiktè yo ki travay pou rive tradui Bib la. Gen divès kalite moun ki pa fè pati ekip tradiksyon an ki pote tèt yo volontè pou yo li tradiksyon an e pou yo fè kòmantè sou li. Kòmantè sa yo ede tradiktè yo fè yon tradiksyon ki egzak, ki klè e ki touche kè lektè yo. Men sa yon frè ann Afrik disid ki bay tradiktè yo fòmasyon di: “Tradiktè yo santi yon gwo responsablite anvè Jewova ak moun ki li Pawòl li a.”

 Lè tradiksyon an fin fèt, yo enprime e yo relye Bib yo. Pou yo rive fè travay sa a, enprimri yo sèvi ak dis materyèl diferan: papye, lank, materyèl pou fè kouvèti Bib la, materyèl pou ede kouvèti a kenbe fòm li, lakòl, twal pou anndan kouvèti a, ajan pou dekore Bib la, riban, materyèl pou kenbe paj yo anplas, materyèl pou fè do Bib la pi solid. An 2019, yo te depanse plis pase 20 milyon dola ameriken pou yo achte tout materyèl sa yo pou pwodui Bib yo. Frè ak sè yo ki travay nan enprimri nou yo te pase plis pase 300 000 èdtan pou yo pwodui e pou yo voye Bib yo bay kongregasyon yo.

“Bib la se piblikasyon ki pi enpòtan nou fè.”

 Poukisa nou pase tout tan sa a e n fè tout depans sa yo pou n fè travay sa a? Men sa Joel Blue, yon frè k ap travay nan Depatman enprimri entènasyonal la di: “Bib la se piblikasyon ki pi enpòtan nou fè. Donk, nou vle l bèl konsa l ap ka fè louwanj pou Bondye nou an ak mesaj n ap preche a.”

 Nonsèlman nou pwodui Tradiksyon monn nouvo a nan fòma nòmal la, men tou nou fè l nan lòt fòma selon bezwen lektè nou yo. Pa egzanp, Tradiksyon monn nouvo a disponib nan dis lang bray. Li ka pran uit èdtan pou n fè yon Bib konplè an bray, e w ap bezwen yon etajè ki omwen 2.3 mèt pou w mete tout volim yo. Epitou, nou fè yon Bib po mou pou moun ki nan prizon yo, paske yo pa gen dwa gen Bib ki gen po di.

 Tradiksyon monn nouvo a gen yon gwo efè sou moun ki li l yo. Ann pran egzanp yon kongregasyon ki pale lang Kiluba nan vil Tombe ki nan Repiblik demokratik Kongo. Tombe se yon vil ki nan yon distans ki plis pase 1 700 kilomèt parapò ak kapital la. Temwen yo te gen sèlman yon Bib nan lang Kiluba e se yon ansyen tradiksyon. Frè yo te konn pase Bib la bay youn lòt pou yo prepare patisipasyon pou reyinyon yo. Men depi out 2018, tout moun nan kongregasyon an gen yon kopi Tradiksyon monn nouvo a, li ann antye e l itilize yon langaj moun pale jodi a.

 Men sa yon sè ki pale alman di sou Tradiksyon monn nouvo a ki nan lang li: “Kounye a, m pa di mwen dwe li Bib la. Olye de sa, m mande tèt mwen, ‘Ki lè m ka li l plis toujou?’” Men sa yon moun ki nan prizon te ekri: “Yo te ban m yon kopi Tradiksyon monn nouvo a e l ap chanje lavi m. Anvan m te kòmanse li tradiksyon sa a, m pa t janm byen konprann Bib la konsa. Mwen ta renmen konnen plis sou Temwen Jewova yo ak sou fason m ka vin yon Temwen tou.”

 Tout moun ki li Tradiksyon monn nouvo a apresye ofrann moun fè pou soutni travay ki fèt pou yo rive pwodui l la. Ofrann sa yo soutni travay mondyal la e anpil moun fè ofrann yo sou donate.pr418.com. Nou di nou mèsi anpil pou ofrann nou yo.