Al gade sa k anndan l

3 SEPTANM 2020
NOUVÈL ENTÈNASYONAL

Kongrè 2020 an: Premye kongrè moun toupatou sou tè a suiv sou Entènèt

Kongrè 2020 an: Premye kongrè moun toupatou sou tè a suiv sou Entènèt

Pandan mwa jiyè ak mwa out 2020 an, plizyè milyon frè ak sè ansanm ak moun ki enterese te ini pou yo gade pwogram kongrè 2020 an.

Yo te pwograme pou yo fè kongrè “Se pou nou toujou rejwi”! a nan Sal asanble, nan stad, nan lokal kote yo fè gwo rasanbleman nan 240 peyi. Men, pou pwoteje sante moun ki t ap gen pou asiste yo, Kolèj santral la te deside fè yon kongrè kote moun toupatou sou tè a t ap ka asiste sou Entènèt pito. Se premye fwa, depi 1897, òganizason an pa fè yon kongrè kote moun yo ansanm fizikman.

Men sa frè Kenneth Cook, Jr., yon manm Kolèj santral la, fè konnen: “Lè yo te anile kongrè rejyonal yo, objektif nou se te pou n fè yon sèl kongrè entènasyonal kote tout moun t ap ka asiste nan menm peryòd la. Nou te konnen yo t ap gen pou yo prepare pwogram nan nan plizyè santèn lang nan mwens pase kat mwa. Nòmalman, nou t ap bezwen ennan oswa plis pou yon pwojè konsa. Ala yon benediksyon sa te ye lè premye pati pwogram nan te disponib nan dat 6 jiyè 2020 an nan anviwon 400 lang. Nou atann pou pwogram nan disponib nan 511 lang!”

Men sa yon sè k ap leve twa pitit poukont li e ki te gade pwogram kongrè a fè konnen sou byenfè l jwenn: “Se vre nou regrèt nou pa ka ak frè ak sè nou yo, men fason sa a bon pou timoun yo. Lefètke pati nou te gade yo te kout, sa te ede yo rete konsantre. Si yo te bezwen pran yon ti poz, nou te annik kanpe pwogram nan. Pèsonn pa t pèdi menm yon minit. Sesyon vandredi maten an te montre li enpòtan pou nou bay timoun yo, ki tankou flèch, bon direksyon pou yo ka gen kè kontan ak satisfaksyon nan sèvis y ap bay Jewova a. Pwogram sou Entènèt la ede m fè sa.” — Sòm 127:4.

Kongrè sa a ki fèt sou Entènèt pou premye fwa te atire atansyon medya yo. Pa egzanp, men sa Robert Hendriks, yon frè k ap sipèvize travay k ap fèt nan Biwo enfòmasyon pou piblik la Ozetazini, fè konnen: “Gen yon pakèt jounalis ki ekri oswa ki fè repòtaj sou kongrè sou Entènèt la. Yo rekonèt òganizasyon nou an byen sèvi ak teknoloji pou l reyalize kongrè a toutpandan l bay pwoteksyon moun anpil enpòtans.”

Kongrè 2020 “Se pou nou toujou rejwi”! a ede n wè yon lòt fason estrawòdinè Jewova montre li se Gran Pwofesè nou. — Ezayi 30:20.