Al gade sa k anndan l

Soti agoch al adwat: Frè Vladimir Bukin, frè Mikhail Burkov, frè Valeriy Slashchev ak frè Sergey Yuferov.

26 JANVYE 2022
LARISI

Frè yo ki nan Tinda rive andire paske yo ede lòt moun epi yo konte sou Jewova

Frè yo ki nan Tinda rive andire paske yo ede lòt moun epi yo konte sou Jewova

Tribinal rejyonal Amou nan distri Tindinski gen pou fè konnen desizyon li pran nan ka ki konsène frè Vladimir Bukin, frè Mikhail Burkov, frè Valeriy Slashchev, ak frè Sergey Yuferov. Komisè a poko fè konnen ki santans li ta renmen yo ba yo.

Dat ak evènman ki te pase

 
  1. 17 novanm 2019

    Lapolis fouye kay uit fanmi Temwen Jewova nan zòn nan, sa gen ladan l kay kat frè yo.

  2. 18 novanm 2019

    Anketè yo lage akizasyon sou do toule kat frè yo kòmkwa yo se ekstremis. Yo entèdi yo kite zòn nan.

  3. 26 jiyè 2021

    Pwosè a kòmanse.

Enfòmasyon pèsonèl

Nou gen konfyans Jewova ap kontinye “montre lanmou ki fidèl” pou frè nou yo e pou tout sèvitè fidèl li yo. — Jenèz 39:21.