Al gade sa k anndan l

Y ap sèvi ak Bib la pou ankouraje frè ak sè ki te kite zòn yo.

23 ME 2022
IKRÈN

MIZAJOU #8 | Frè ak sè yo kontinye demontre lanmou pandan gwo pwoblèm ki gen ann Ikrèn yo

Ansyen yo ap pran swen frè ak sè yo pi plis toujou pandan gè a ap vale tèren

MIZAJOU #8 | Frè ak sè yo kontinye demontre lanmou pandan gwo pwoblèm ki gen ann Ikrèn yo

Toutpandan bagay yo ap vin pi difisil nan peyi Ikrèn, filyal Ikrèn nan fè gwo efò pou bay frè ak sè yo plis ankourajman nan peyi a. Gen frè yo nome nan tout peyi a k ap travay san pran souf pou yo soutni epi ankouraje plizyè milye pwoklamatè ki deplase yo. Vizit frè ak sè yo jwenn yo ede yo anpil pou yo kenbe relasyon yo ak Jewova. Apre yon manm komite filyal la te fin vizite kèk frè ak sè ki te deplase al nan lwès peyi Ikrèn, gen yon sè ki te pran refij nan yon Sal Wayòm ki nan vil Oujgoròd ak 30 lòt frè ak sè ki te di: “M te santi se kòmsi Jewova te pran m nan bra l e l te ban m yon bèl akolad.”

Frè yo ap travay di tou pou yo ankouraje anviwon 100 frè ki fè pati 27 komite sekou yo. Men sa Ihor, yon manm komite sekou a, di: “Lè m te jwenn asiyasyon pou m fè pati komite sekou a, mwen menm ak madanm mwen te gentan kouri kite kay nou pou nou t al viv yon lòt kote. Nan moman nou te santi nou pa t kapab ankò, gen yon manm komite filyal la, ki okipe anpil, ki te pran tan l pou l vizite nou e pou l koute nou ak atansyon. Nou te vrèman santi jan li gen sousi pou nou.” Men sa Ihor di ankò: “Lè nou nan sitiyasyon kote nou santi nou san fòs, nou pa gen okenn kontwòl sou sitiyasyon an, nou pa wè ki jan n ap rive chape anba sitiyasyon an, e nou wè sèl solisyon ki genyen se priye Jewova, nou toujou wè fason li aji pou pran swen nou.”

Nan zòn kote gè a ap fèt la, gen 4 Sal Wayòm ki kraze nèt, gen 8 ki sibi gwo domaj, e gen 33 ki sibi ti domaj.

Foto yon Sal Wayòm ki andeyò Kyèv, foto l an 2019 (agoch) ak foto l jodi a (adwat)

Rive 17 me 2022 a, men rapò frè yo nan peyi Ikrèn voye pou nou. Chif sa yo baze sou rapò frè lokal yo te rive verifye. Sepandan, chif sa yo ka pi wo, paske li difisil pou nou kenbe bonjan kominikasyon ak tout zòn ki nan peyi a.

Sitiyasyon frè ak sè nou yo

  • 37 pwoklamatè mouri.

  • 74 pwoklamatè blese.

  • 45 253 pwoklamatè kite kay yo pou y al nan lòt zòn nan peyi a kote y ap plis an sekirite.

  • 418 kay kraze.

  • 466 kay sibi gwo domaj.

  • 1 213 kay sibi ti domaj.

  • 4 Sal Wayòm kraze.

  • 8 Sal Wayòm sibi gwo domaj.

  • 33 Sal Wayòm sibi ti domaj.

Dispozisyon pou pote èd

  • Gen 27 komite sekou k ap travay pou ede frè ak sè yo ann Ikrèn.

  • Komite sekou yo deja ede 48 806 pwoklamatè jwenn kote ki an sekirite pou yo rete.

  • Gen 21 786 pwoklamatè ki deplase al nan lòt peyi, e frè ak sè nou yo nan peyi sa yo ap ede yo.