Al gade sa k anndan l

Sa gen 25 an, Temwen Jewova yo te kreye watchtower.org, yon sit Entènèt. JW.ORG te kòmanse fonksyone an 2012 e se sit Entènèt yo plis tradui nan monn nan.

17 OUT 2022
NOUVÈL ENTÈNASYONAL

“Bon nouvèl la sou Entènèt”

Sa fè 25 an depi Temwen Jewova yo gen yon sit Entènèt

“Bon nouvèl la sou Entènèt”

Sa fè 25 an depi Temwen Jewova yo gen yon sit Entènèt ofisyèl. Ministè Wayòm novanm 1997 ann anglè ki te gen tit: “Bon nouvèl la sou Entènèt” te fè konnen nou gen yon sit Entènèt, watchtower.org. Atik la te fè konnen: “Sosyete a mete kèk bonjan enfòmasyon sou Entènèt konsènan kwayans ak travay nou antanke Temwen Jewova […]. Objektif sit sa a se pa pou mete piblikasyon ki fèk parèt yo, men se pou pèmèt moun jwenn enfòmasyon yo sou fòma elektwonik.”

Depi lè sa a, tout moun te gen posiblite telechaje feyè, bwochi, Toudegad ak Reveye n! sou sit watchtower.org la. Sit la te kòmanse fonksyone nan dat 15 janvye 1997. Apre sa, te vin gen jw-media.org an 1999. Li te la pou l bay medya yo enfòmasyon ki egzak anrapò ak sitiyasyon e ak evènman ki gen rapò ak Temwen Jewova yo, san wete nouvèl sou kesyon legal ak aktivite òganizasyon an.

An 2005, jw.org te parèt e rive yon lè, moun te kòmanse sèvi avè l pou yo telechaje piblikasyon ekri ak anrejistreman odyo.

Nan mwa out 2012, yo te fè toule twa sit yo fè yon sèl e yo te rele sit la jw.org. Men sa Ministè Wayòm desanm 2012 di konsènan sit sa a: “Sou chak twa moun k ap viv sou tè a, gen youn nan yo ki sèvi ak Entènèt. Entènèt se prensipal sous enfòmasyon pou anpil moun, sitou jèn yo. […] Sa pèmèt bon nouvèl la rive nan zòn sou tè a kote moun pa gen anpil posiblite pou yo tande mesaj Wayòm nan.”

Yo te vin mete lòt bagay sou sit JW.ORG la, sa ki fè vin gen plis enfòmasyon alekri, anrejistreman odyo ak videyo ki vin disponib pou plis moun. Te gen piblikasyon disponib pou telechaje nan 411 lang. Anviwon setan apre yo te fin fè tout sit yo fè yon sèl an 2012 la, vin gen piblikasyon ki disponib sou sit jw.org la nan 1 000 lang, sa gen ladan l 100 lang siy. Se premye fwa gen yon sit Entènèt ki gen enfòmasyon nan tout lang sa yo.

JW.ORG te vin pi itil toujou lè pandemi COVID-19 la te kòmanse. Lè kongregasyon yo te sispann fè reyinyon an pèsòn e lè l te vin vrèman difisil pou enprime epi fè moun yo jwenn piblikasyon yo, te vin gen plis moun ki vizite sit la. Nan dat 7 avril 2020, jou Memoryal lanmò Jezi a, pou premye fwa, nou te anrejistre yon total plis pase sèt milyon vizit sou sit la. An 2020, te gen plis pase yon milya vizit sou sit la, alòske an 2019 te gen sèlman 800 milyon. Depi janvye 2022, gen anviwon 3 milyon vizit sou sit la chak jou.

Bonjan enfòmasyon ki sou sit jw.org la ede anpil moun pa gen prejije ankò sou Temwen Jewova yo. Pa egzanp, men sa Tenesha Gordon fè konnen: “Mwen renmen jan l fasil pou moun jwenn enfòmasyon sou Temwen Jewova yo sou sit la, tankou kiyès yo ye, ki sa yo kwè, e sou ki sa yo baze kwayans yo. Sa te ede m chanje move pwennvi mwen te genyen sou yo.”

Tenesha te batize an 2017. Kounye a, l ap sèvi kòm yon Betelit ki pa dòmi nan Betèl nan peyi Jamayik.

Bonjan enfòmasyon egzak ki sou sit jw.org la te pouse Tenesha pou l etidye Labib ak Temwen Jewova yo.

Men sa frè Clive Martin, ki se siveyan Depatman ki travay sou sit la, di: “Sa fè nou vrèman kontan lè n wè ki jan Jewova sèvi ak sit jw.org la pou l fè moun ki soti tout kote sou tè a rive jwenn bon nouvèl Wayòm nan.”

Nou gen Jewova rekonans pou zouti sa a ki kontinye ede nou nan travay predikasyon an, ki ede nou jwenn enfòmasyon sou aktivite òganizasyon an e ki pèmèt tout sèvitè Jewova yo sou tè a rete ini, sa ki bay Jewova glwa. — Sòm 145:1, 2.