Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

SIT ENTÈNÈT JW.ORG

Jwenn enfòmasyon nan diferan lang

Jwenn enfòmasyon nan diferan lang

Si w ap aprann yon lang oswa ou ta renmen pataje enfòmasyon ki sou sit jw.org la ak yon moun ki pa pale menm lang avè w, itilize youn nan twa metòd ki pi ba yo pou w jwenn enfòmasyon nan lang w ap chèche a.

 Chanje lang sit la

Klike sou Lang pou w ka wè lis lang ki disponib yo.

Gen youn nan ti senbòl ki vin apre a ki parèt sou bò goch chak lang ki nan lis la:

  • Yo tradui sit la, oswa yon pati nan sit la, nan lang sa a. Klike sou lang nan pou sit la ka parèt nan lang sa a.

  • Yo poko tradui sit la nan lang sa a, men gen piblikasyon nan lang sa a ki disponib pou telechaje. Klike sou lang nan pou w ka wè tout piblikasyon ki disponib yo.

  • Se yon lang siy.

    Si yo tradui yon pati nan sit la nan lang siy ou chwazi a, sit la ap parèt nan lang siy sa a.

    Si yo poko tradui sit la nan lang siy ou chwazi a, w ap wè piblikasyon ki disponib nan lang siy sa a.

Etandone gen plizyè santèn lang nan lis la, pou w ka jwenn lang w ap chèche a pi vit, fè sa ki vin annapre yo:

  • Chwazi lang ou vle a: Kat dènye lang ou te chwazi yo ap parèt nan premye liy lan.

  • Tape non lang nan: Kòmanse tape non lang nan, kit ou tape l nan lang pa w, kit ou tape l nan lang w ap chèche a. Pa egzanp si sit lan te ann kreyòl e ou vle mete l ann anglè, ou ka tape “Anglè” oswa “English”. Lè w ap tape lang nan, sèl lang k ap parèt se lang ki mache ak lang w ap chèche a.

 Mete paj Entènèt ou a nan yon lòt lang

Premye metòd: Itilize metòd sa a sou paj ki gen opsyon Li nan an.

Navige sou atik ou ta renmen li a oswa ou ta renmen pataje a. Epi chwazi lang ou ta renmen an nan seksyon Li nan an. (Si w pa wè lang w ap chèche a, ou mèt konnen yo poko soti atik la nan lang sa a.)

Teknik: Nan seksyon Li nan an, si w wè desen yon ti kas sou bò goch yon lang, sa montre anrejistreman odyo pou atik sa a disponib nan lang nan.

Lè w chwazi yon lang nan seksyon Li nan an, se sèl atik la k ap parèt nan lang sa a. Sit la ap rete nan lang li te deja ye a.

Dezyèm metòd: Si seksyon Li nan an pa parèt nan paj ki gen atik w ap li a, al nan seksyon Lang nan, ki parèt pa anlè nan sit la, pou w ka chanje sit la nan lang ou vle a. Si atik sa a disponib nan lang ou chwazi a, l ap tou parèt. Si l pa disponib nan lang ou chwazi a, l ap voye w nan paj akèy pou lang sa a.

 Jwenn yon piblikasyon nan yon lòt lang

Ale nan PIBLIKASYON > SA K GEN SOU SIT LA. Chwazi yon lang epi klike sou Chèche.

Itilize metòd ki pi ba yo pou w ka jwenn yon lang byen fasil:

  • Chwazi lang ou vle a: Kat dènye lang ou te chwazi yo ap parèt nan premye liy lan.

  • Tape non lang nan: Kòmanse tape non lang nan, kit ou tape l nan lang pa w, kit ou tape l nan lang w ap chèche a. Pa egzanp si sit lan te an kreyòl e ou vle jwenn piblikasyon ann anglè, ou ka tape “Anglè” oswa “English”. Lè w ap tape lang nan, sèl lang k ap parèt se lang ki mache ak sa w tape a.

Si gen anpil piblikasyon ki disponib nan lang ou chwazi a, paj ki rele SA K GEN SOU SIT LA ap afiche kèk nan piblikasyon sa yo sèlman . Pou w jwenn plis piblikasyon nan lang ou chwazi a, ou ka ale nan youn nan kategori piblikasyon ki disponib yo (pa egzanp, ale nan LIV & BWOCHI oswa PERYODIK) pou w ka wè piblikasyon ki disponib nan kategori a.

Si pa gen piblikasyon nan kategori ou chwazi a ki disponib nan lang ou vle a, paj la ap afiche kategori piblikasyon ki disponib yo.