Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

TELE JW

Chèche pwogram odyo ak videyo sou Amazon Fire TV

Chèche pwogram odyo ak videyo sou Amazon Fire TV

Itilize opsyon Chèche a pou w fè rechèch sou Tele JW.

Ale nan seksyon Chèche a nan paj akèy la, e klike sou Chwazi pou pati Chèche a parèt, epi klike sou Chwazi ankò pou w kòmanse fè rechèch ou a.

Nan pati Chèche a, ekri mo k ap pèmèt ou jwenn sa w ap chèche a lè w souliye chak lèt ak lè w klike sou Chwazi. Pa egzanp, ekri yon pati nan tit la oswa non pèsonaj prensipal la oubyen yon evènman ki nan pwogram nan. Pandan w ap ekri l, divès pwogram ki mache ak rechèch ou a ap parèt. Itilize rimòt ou a pou w gade pwogram ki mache ak rechèch ou a, lè w itilize flèch Monte, Desann, Agoch ak Adwat la. Souliye imaj oswa tit pwogram ou t ap chèche a, epi klike sou Chwazi.

Pou w chèche yon ekspresyon egzak nan pwogram nan, ekri ekspresyon an ant gimè.

Rezilta rechèch la ap gen pwogram odyo ak videyo ladan l. Pou w filtre rezilta rechèch la, chwazi Videyo pou videyo parèt sèlman, oswa chwazi Odyo pou pwogram odyo parèt sèlman.

W ap wè 24 premye rezilta ki gen rapò ak rechèch ou a k ap afiche sou paj la. E total rezilta rechèch la ap parèt (pa egzanp, “w ap wè 24 sou 28”).

Si w pa wè sa w ap chèche a parèt, ekri mo ki bay plis detay sou rechèch la. Pa egzanp, si w ap chèche yon mwa Tele JW an patikilye, epi mo ou ekri pou fè rechèch la se “tele jw”, ajoute non mwa a ak ane a, non frè ki prezante pwogram nan oubyen sijè prensipal yo te pale nan mwa sa a.