Al gade sa k anndan l

Sa Bib la di

Sa Bib la di

Sa Bib la di

Èske w ta dwe pratike “spò ki met lavi w an danje”?

JODI A, GEN ANPIL MOUN KI PA ANNIK CHITA AP GADE MOUN K AP FÈ YON SERI BAGAY TANKOU VOLE SOT NAN AVYON NAN PARACHIT, DESANN NAN GWO FALÈZ, MONTE NAN KANNÒT POU DESANN AK DLO K AP TONBE NAN YON CHITDLO OSWA AL PLONJE ANBA DLO AK REKEN.” — JOUNAL THE WILLOW GLEN RESIDENT.

PAWÒL sa yo montre yon nouvo tandans ki genyen nan spò. Rezon ki fè vin gen plis moun ki enterese nan aktivite tankou vole sot nan avyon nan parachit, al monte sou tèt mòn ki gen glas, vole nan parachit ak vole kote ki wo anpil *, se paske monn nan vin renmen pran gwo risk pi plis toujou. Glise sou nèj, kouri bekàn nan mòn, kouri sou planch ki gen wou epi kouri sou paten se kèk nan lòt aktivite moun konn fè pou bay tèt yo defi nan mòn apik, nan mòn ki wo anpil ak nan gwo falèz. Gen yon jounal (Time magazine) ki fè konnen gen anpil moun ki vin enterese nan “spò ki met lavi moun an danje”. Se yon seri spò kote moun k ap patisipe ladan l yo pran anpil risk. Yo montre detèminasyon plizyè milyon moun genyen pou yo patisipe “nan spò sa yo kote danje, ladrès ak laperèz bay moun k ap patisipe ladan yo nan wikenn ak pwofesyonèl nan spò yo santiman yo ka pouse tèt yo nan dènye limit”.

Sepandan, menmsi kontinye gen plis moun k ap pratike spò sa a, gen anpil moun ki viktim ladan l. Chak jou, gen plis moun ki blese lè yo pratike yon spò ki nòmal nan yon nivo ki ekstrèm. Nan peyi Etazini, pandan ane 1997, kantite moun ki blese ki te nan chanm ijans yo akoz yo t ap kouri sou planch ki gen wou te ogmante plis pase 33 pousan, kantite ki fè patinaj sou nèj te ogmante 31 pousan epi kantite moun ki t al monte sou tèt mòn ki wo anpil te ogmante 20 pousan. Gen kèk lòt spò ki konn bay plis pwoblèm toujou, menm jan gen plis moun k ap mouri nan spò ki met lavi moun an danje yo. Moun k ap fè spò sa yo konnen gen danje ladan yo. Men sa yon dam ki te patisipe nan gwo patinaj sou nèj te di: “Mwen toujou wè lanmò dèyè m.” Gen yon moun ki pwofesyonèl nan kouri sou planch ki gen wou ki te di: “Toutotan ou poko blese, ou poko eseye ase.”

Piske se konsa, ki jan yon kretyen ta dwe konsidere spò sa yo? Ki jan Bib la ka ede n deside si nou ta dwe patisipe nan spò sa yo ki gen danje? Annou egzamine fason Bondye konsidere lavi ki sakre pou nou jwenn repons kesyon sa yo.

Fason Bondye konsidere lavi

Labib fè nou konnen Jewova se “sous lavi a”. (Sòm 36:9.) Bondye pa sèlman kreye lèzòm, men tou li byen pran swen nou lè l ban nou tout sa nou bezwen pou nou byen pwofite lavi a (Sòm 139:14; Travay 14:16, 17; 17:24-28). Se sa k fè, li nòmal pou Bondye atann pou nou byen pran swen sa li ban nou. Lwa ak prensip li te bay nasyon Izrayèl la ede nou konprann sa.

Lwa Bondye te bay pa mwayen Moyiz la te mande pou moun yo pran prekosyon pou yo pwoteje lavi lòt moun. Si yo pa t fè sa, e yon moun ta mouri, yo t ap konsidere yo koupab. Pa egzanp, yo te mande yon moun ki gen yon kay pou l fè yon balistrad toutotou tèt kay la ki te plat. Si l pa t fè sa, li menm ak moun lakay li t ap responsab lavi nenpòt moun ki ta sot tonbe sou tèt kay la e ki ta mouri (Detewonòm 22:8). Si yon towo bèf ta bay yon moun yon kout kòn e moun nan ta mouri, mèt bèf la pa t ap responsab lanmò sa a si se premye fwa towo a fè sa. Men, si mèt bèf la konnen bèf la mechan, li pa fè anyen pou sa, epi bèf la bay yon moun yon kout kòn li touye moun nan, yo t ap konsidere mèt bèf la responsab san moun nan e yo te ka touye l tou (Egzòd 21:28, 29). Lwa Jewova bay pou pwoteje lavi montre jis nan ki pwen lavi gen anpil enpòtans pou Li.

Sèvitè fidèl Bondye yo rive konprann prensip sa yo ede yo tou pou yo pa pran risk ak lavi yo. Nan Bib la, yo rapòte sa k te rive David. Li te fè konnen jan l te anvi “jwenn yon ti dlo ki sot nan sitèn ki toupre pòtay vil Betleyèm nan pou [l] bwè”. Nan epòk la, Betleyèm te sou kontwòl moun Filisti yo. Lè twa nan mesye ki te avèk David yo tande sa, yo pase ak fòs nan mitan kan moun Filisti yo, yo pran dlo nan sitèn ki nan Betleyèm nan epi yo pote l bay David. Ki sa David te fè? Li pa t vle bwè dlo a, li te vide l atè. Men sa l te di: “Akoz respè mwen gen pou Bondye m nan, sa pa t ap janm vin nan lide m pou m fè yon bagay konsa! Èske m te ka bwè san mesye sa yo ki te riske lavi yo? Se lavi yo yo te riske pou yo pote dlo a.” (1 Kwonik 11:17-19). Sa pa t ap janm vin nan lide David pou l ta fè yon moun riske lavi l pou pwòp satisfaksyon l.

Jezi te reyaji prèske menm jan an. Siman se te nan yon vizyon Dyab la te tante l pou l lage kò l anba sot sou tèt tanp lan pou l wè si zanj yo t ap vin pwoteje l. Men sa Jezi te di l: “Nou pa dwe teste Jewova, Bondye nou an.” (Matye 4:5-7). Ni David ni Jezi te byen konprann se yon bagay ki mal nan je Bondye pou yon moun pran risk ki pa nesesè pou mete lavi l an danje.

Lè n ap reflechi ak egzanp sa yo, sa fè n mande tèt nou: ‘Ki lè nou ka konnen yon spò mete lavi moun an danje? Menmsi yon senp detant pa met lavi moun an danje, yon moun kapab pratike l depase limit. Men, ki jan nou ka rive konnen ki limit pou n pa depase?’

Èske sa vo lapèn?

N ap jwenn repons lan lè nou byen egzamine nenpòt nan spò sa yo. Pa egzanp, nou ka mande tèt nou: ‘Ki kantite aksidan ki konn fèt nan spò sa a? Èske m gen fòmasyon oswa ekipman ki nesesè pou anpeche m blese? Ki konsekans k ap genyen si m tonbe, si m mal vole oswa si ekipman m nan gen yon pwoblèm? Èske se ap jis yon ti blese oswa èske gen posiblite pou m blese grav oswa menm mouri?’

Si nou riske lavi nou san rezon nan yon fòm detant, sa ka gen efè sou relasyon nou ak Jewova antanke kretyen e sa ka anpeche nou gen yon seri responsablite nan kongregasyon an (1 Timote 3:2, 8-10; 4:12; Tit 2:6-8). Li klè, menmsi se nan detant kretyen yo ap patisipe, yo dwe egzamine nan ki pwen Kreyatè nou an konsidere lavi sakre.

[Nòt]

^ Nan youn nan spò sa yo, yo konn pale de bilding, antèn, pon ak tèt mòn. Ladan l moun nan ka sèvi ak yon parachit epi li vole sot anlè sou tèt yon bilding, yon pon oswa yon tèt mòn. Spò sa a tèlman gen danje ladan l, nan peyi Etazini, National Park Service entèdi moun pratike spò sa a.