Al gade sa k anndan l

Mwen aksepte pwennvi Jewova sou san

Mwen aksepte pwennvi Jewova sou san

Mwen aksepte pwennvi Jewova sou san

YON SYANTIFIK AP RAKONTE ISTWA L

MWEN te nan oditoryòm lopital la, mwen t ap pataje rezilta yon otopsi ak yon gwoup doktè. Pasyan ki mouri a te gen yon kansè. Men sa m te di: “Nou ka di sa k lakòz lanmò pasyan an se yon emoliz (lè globil wouj yo detwi) ak yon gwo pwoblèm ren paske yo te ba l san.”

Gen yon pwofesè ki kanpe byen move ki di: “Èske w vle di nou te bay pasyan yon san ki pa t bon pou li?” Mwen reponn: “Se pa sa m vle di.” Pandan m ap montre yo foto kèk pati nan ren pasyan an, mwen di: “Nou ka wè jan plizyè globil wouj nan ren an te fini e nou ka di se sa ki lakòz ren an te sispann fonksyon byen vit.” * Tout moun te sou tansyon e bouch mwen te vin sèch. Malgre m te yon jèn doktè e li menm li te yon pwofesè, mwen te santi m pa ka rale kò m dèyè.

Lè ensidan sa a te pase, mwen pa t Temwen Jewova. Mwen fèt an 1943, nan yon vil ki rele Senday, nan nò Japon. Kòm papa m se te yon doktè ki etidye maladi e l te yon sikyat, mwen te chwazi fè medsin. Mwen te marye ak yon jèn fi ki rele Masuko an 1970, pandan m te nan dezyèm ane medsin.

Mwen vin kòmanse fè etid sou maladi

Masuko te travay pou l te ka pran swen nou pandan m t ap fini lekòl medsin nan. Lamedsin te enterese m anpil. Fason kò lèzòm fèt byen te fè m ret bouch ouvè! Menm lè sa, mwen pa t janm panse ak yon Kreyatè. M te panse fè rechèch nan domèn medsin t ap bay lavi m yon sans. Se sa k fè, apre m te vin doktè, mwen te chwazi kontinye etid mwen nan domèn patoloji, etid yo fè pou konnen ki jan yon maladi ye, sa k lakòz li ak efè li gen sou moun.

Pandan m t ap fè otopsi sou moun ki te mouri akoz kansè, mwen te kòmanse gen dout sou itilite transfizyon san. Pasyan ki gen yon kansè nan stad avanse kapab vin anemi paske y ap senyen. Kòm chimyoterapi fè moun anemi tou, byen souvan, doktè yo mande pou pasyan sa yo pran san. Men, mwen te vin sispèk lè yo bay pasyan sa yo san, sa lakòz kansè a gaye plis. Antouka, jodi a, yo rann yo kont lè moun ki gen kansè pran san, sa lakòz sistèm iminitè l febli, kansè a vin pi fasil tounen e konsa moun nan gen mwens chans pou l viv. *

An 1975, mwen te fè eksperyans ki nan kòmansman atik la. Pwofesè ki te responsab ka a se yon espesyalis nan kesyon san. Se sa k fè I te fache konsa lè m te di se paske yo te bay pasyan an san ki fè l mouri. Men, mwen te kontinye prezantasyon m nan, e finalman, li te vin kalme l.

Pap gen ni maladi ni lanmò

Se apeprè nan menm epòk sa a, madanm mwen te resevwa vizit yon dam aje ki Temwen Jewova. Pandan dam nan t ap pale, li te sèvi ak mo “Jewova” a e madanm mwen te mande l ki sa mo a vle di. Dam nan te di l: “Jewova se non vrè Dye a.” Masuko te konn li Labib depi lè l te piti, men Bib li te genyen an te mete SEYÈ nan plas non Bondye. Donk, kounye a, li vin konnen Bondye se yon moun ki gen yon non.

Masuko te aksepte etidye Labib ak dam nan tousuit. Lè m te rantre sot lopital la vè inè dimaten, madanm mwen te kontan anpil, li di m: “Labib fè konnen maladi ak lanmò pap la ankò!” Mwen di l: “Sa t ap bèl!” Li di: “Kòm monn nouvo a pa lwen, m pa ta renmen w pèdi tan w.” Pou mwen, sa te vle di li te vle m kite travay mwen antanke doktè. Sa te fè m fache e sa te gen efè sou relasyon nou.

Men, madanm mwen pa t dekouraje avè m. Li te priye, li te chèche vèsè ki te ka ede m e l te montre m yo. Pawòl ki nan Eklezyas 2:22, 23 te touche kè m anpil: Ki sa yon moun ap jwenn vre pou tout travay di li fè ak tout anbisyon ki te pouse l travay di anba solèy la? [...] Menm lannuit, kè l pa poze. Sa a tou ap pase.” Se egzakteman sa m t ap fè. Mwen te bay lamedsin tout tan m, lajounen kou lannuit, san m pa t jwenn bonjan satisfaksyon.

Nan mwa jiyè ane 1975, yon dimanch maten, madanm mwen te fin deplase pou l al nan Sal Wayòm Temwen Jewova yo, mwen te vin deside ale tou. Madanm mwen te sezi anpil lè l te wè m, e Temwen yo te byen akeyi m. Depi lè sa a, mwen te asiste tout reyinyon dimanch yo. Anviwon yon mwa apre sa, gen yon Temwen ki te kòmanse fè etid Labib avè m. Madanm mwen te batize twa mwa apre premye rankont li te genyen ak Temwen yo.

Mwen te dakò ak fason Bondye konsidere san

Byen vit, mwen te vin aprann Bib la mande kretyen yo pou yo ‘evite san’. (Travay 15:28, 29; Jenèz 9:4.) Kòm mwen te deja pa fin kwè transfizyon san te bay bon rezilta, li pa t difisil pou m dakò ak fason Bondye konsidere san *. Mwen te panse: “Si gen yon kreyatè e l di san pa bon, li dwe gen rezon.”

Mwen te aprann tou se peche nou eritye nan men Adan an ki lakòz moun malad e yo mouri (Women 5:12). Nan moman mwen te aprann sa a, mwen t ap fè yon etid sou ateryosklewoz. Plis n ap granmoun se plis gwo venn ki nan kò nou ki rele atè yo ap vin di e yo vin sere, sa ki lakòz yon seri pwoblèm tankou pwoblèm kè, pwoblèm nan sèvo, pwoblèm nan venn ak pwoblèm ren. Li te fè sans pou se enpèfeksyon nou eritye a ki lakòz sa. Apre sa, mwen te vin kòmanse pa chofe pou zafè lamedsin ankò. Se sèl Jewova Dye ki ka retire maladi ak lanmò!

An mas 1976, sèt mwa apre m te kòmanse etidye Labib, mwen te kite etid mwen t ap fè nan inivèsite lopital la. Mwen te pè pou m pa t ka travay kòm doktè ankò, men m te jwenn travay nan yon lòt lopital. Mwen te batize an me 1976. Mwen te vin wè pi bon fason pou m sèvi ak lavi m se sèvi kòm pyonye, oswa evanjelizatè aplentan, e se sa m te fè an jiyè 1977.

Mwen defann fason Bondye konsidere san

An novanm 1979, Masuko avè m te ale nan yon kongregasyon ki nan prefekti Chiba, kote yo te bezwen plis pwoklamatè. Mwen te jwenn yon travay amitan nan yon lopital. Premye jou a, gen yon gwoup chirijyen ki vin kote m. Yo t ap plede mande m: “Antanke Temwen Jewova, ki sa w ap fè si yo vin ak yon pasyan ki bezwen yo ba l san?”

Avèk respè, mwen te fè yo konnen mwen t ap suiv sa Bondye di konsènan san an. Mwen te di yo gen lòt solisyon nan plas transfizyon san e m ap fè tout posib mwen pou m ede pasyan m yo. Apre inèdtan nou te fè ap pale, chirijyen an chèf la di: “M konprann. Men, si yo vin ak yon pasyan k ap pèdi anpil san, nou menm n ap jere sa.” Tout moun te konnen chirijyen an chèf la se yon moun ki pa fasil, men apre ti pale sa a, mwen menm avè l te vin gen bon relasyon e l te toujou respekte kwayans mwen.

Pwennvi nou gen sou san an te pase anba eprèv

Pandan nou t ap sèvi nan kongregasyon Chiba, yo te kòmanse bati yon nouvo filyal Temwen Jewova nan Ebina, nan peyi Japon. Mwen menm ak madanm mwen te konn kondui machin ale kote konstriksyon sa a t ap fèt la yon fwa pa semèn pou n pran swen sante moun ki te vin travay kòm volontè yo. Yo rele bilding sa a Betèl. Apre kèk mwa, nou te jwenn envitasyon pou n sèvi aplentan nan Betèl Ebina a. Se konsa, an mas 1981, nou te kòmanse viv nan bilding tanporè yo te fè ki te konn sèvi pou loje plis pase 500 volontè ki te konn travay nan konstriksyon an. Nan maten, mwen te konn ede nan netwayaj twalèt ak saldeben yo, e nan aprèmidi mwen te konn fè konsiltasyon.

Youn nan pasyan m yo se te sè Ilma Iszlaub. Li te soti Ostrali e l te vin sèvi o Japon kòm misyonè an 1949. Li te gen lesemi, e doktè te di l li gen sèlman kèk mwa pou l viv. Sè Ilma pa t dakò pran san pou l te ka viv pi lontan e l te chwazi viv rès tan ki rete l la nan Betèl. Nan epòk sa a, potko gen medikaman tankou eritwopoyetin pou ede kò moun yo pwodui globil wouj. Se sa k fè, pafwa, emoglobin li te konn desann rive 3 oswa 4 gram (kantite nòmal la se 12 rive 15). Mwen te fè sa m te kapab pou m trete l. Sè Ilma te kontinye demontre yon lafwa san fay nan Pawòl Bondye a pou jis li mouri an janvye 1988, anviwon setan apre!

Pandan tout ane ki pase yo, te gen plizyè frè ak sè ki te travay nan biwo Temwen Jewova yo ki te bezwen fè operasyon. Fò m di, doktè nan lopital nan zòn nan te kolabore avèk nou nan fè operasyon san transfizyon san. Byen souvan, yo konn envite m nan sal operasyon an pou m wè fason y ap fè e pafwa, mwen te menm ede pandan operasyon yo. Mwen gen doktè sa yo rekonesans dèske yo demontre respè pou pozisyon Temwen Jewova yo anrapò ak san. Lefètke m te travay avèk yo, sa te ban m anpil posiblite pou m fè yo konnen kwayans mwen. Pa gen lontan, gen youn nan doktè yo ki vin Temwen Jewova.

Yon bagay ki vrèman enteresan pou n note, sèke lefètke doktè yo te fè efò pou yo trete Temwen Jewova yo san yo pa ba yo san, sa te ede anpil nan avansman ki fèt nan domèn lamedsin. Operasyon yo fè san transfizyon san montre aklè byenfè ki genyen nan evite transfizyon san. Etid ki fèt yo montre pasyan yo pa t bay san yo refè pi vit e yo gen mwens pwoblèm apre operasyon yo.

M kontinye aprann nan men pi gwo Doktè a

Mwen eseye rete ajou ak dènye pwogrè ki fèt nan domèn lamedsin yo. Men tou, mwen kontinye aprann nan men Jewova, pi gwo Doktè a. Li pa sèlman wè sa k parèt, men li wè tout nou menm (1 Samyèl 16:7). Antanke doktè, mwen eseye trete chak pasyan antanke moun, mwen pa jis konsantre sou maladi yo. Sa pèmèt mwen bay pasyan an pi bon swen.

Mwen kontinye sèvi nan Betèl la, e youn nan bagay ki ban m plis kè kontan se ede lòt moun aprann konn Jewova ak fason l konsidere san. Mwen priye pou Jewova Dye, pi gwo doktè a, mete yon fen talè konsa nan tout maladi ak lanmò. — Dapre Yasushi Aizawa.

[Nòt]

^ Selon yon liv etid (textbook Modern Blood Banking and Transfusion Practices) doktè Denise M. Harmening ekri, yon pasyan kapab “fè yon emoliz kèk tan apre yo fin ba l san, akoz li te ansent oswa yo te ba li yon lòt ògàn”. Nan ka sa yo, “yo ka pa rive detekte antikò ki lakòz reyaksyon pasyan an fè ak transfizyon an grasa tès nòmal yo konn fè anvan yo bay moun san an”. Selon yon lòt liv (Dailey’s Notes on Blood), yon pasyan ka fè yon emoliz “menmsi se yon ti kantite san toupiti ki pa ale ak san pa l yo ba li. Lè ren yon pasyan sispann fonksyone, se kòmsi pasyan an vin anpwazonnen, paske ren l pa ka retire salte ki nan san an”.

^ Men sa yon jounal nan domèn nan fè konnen: “Pasyan ki gen kansè yo te bay san anvan oswa pandan yon operasyon gen mwens chans pou yo geri oswa pou yo viv pase pasyan ki pa t pran san.” — Journal of Clinical Oncology, out 1988.

^ Pou plis enfòmasyon sou sa Bib la anseye sou sa, gade bwochi Comment le sang peut-il vous sauver la vie?. Se Temwen Jewova yo ki pibliye l.

[Antrefilè]

“Mwen te di yo gen lòt solisyon nan plas transfizyon san e m ap fè tout posib mwen pou m ede pasyan m yo.”

[Antrefilè]

“Operasyon yo fè san transfizyon san montre aklè byenfè ki genyen nan evite transfizyon san.”

[Antrefilè]

Anwo: Pandan m ap bay yon diskou.

Adwat: Mwen menm ak Masuko, madanm mwen.