TOUDEGAD KI GEN ATIK ETID YO Janvye 2014

Toudegad sa a ban n prèv ki montre Jewova te toujou Wa. L ap fè n vin gen plis apresyasyon tou pou Wayòm Mesi a ak sa Wayòm sa a ap reyalize.

Yo te ofri tèt yo volontèman — Ann Afrik de Lwès

Ki sa k te ankouraje kèk Ewopeyen al viv ann Afrik de Lwès, e ki jan sa te pase pou yo?

Ann adore Jewova, Wa letènite a

Aprann kòman fason Jewova aji antanke Papa nou ak fason li egzèse otorite l antanke Wa ap fè nou vin pi pwòch avè l.

100 an depi Wayòm nan ap dirije — Ki efè sa gen sou ou?

Ki jan nou ka jwenn byenfè grasa dominasyon Wayòm nan? Egzamine fason Wa Mesyanik la rafine, fòme epi òganize moun l ap dirije yo.

Pran desizyon ki saj pandan w jèn

Gen anpil jèn kretyen ki vwe lavi yo bay Bondye k ap fè anpil bèl eksperyans nan ede lòt moun. Ki jan w kapab jwenn plis satisfaksyon nan sèvis w ap bay Jewova a?

Sèvi Jewova anvan vye jou yo rive sou ou

Ki privilèj espesyal kretyen ki aje yo genyen pou yo fè plis nan travay predikasyon an?

“Se pou Wayòm ou an vini” — Men, ki lè?

Ki sa k fè n kapab gen konfyans, talè konsa, Wa Bondye chwazi a pral fè lòt aksyon ankò yon fason pou volonte Bondye fèt sou tout tè a?

Chwa m te fè lè m te timoun

Yon tigason ki soti Columbus, Ohio, Ozetazini te deside aprann lang kanbodjyen. Poukisa? Ki efè chwa sa a te gen sou avni l?