TOUDEGAD KI GEN ATIK ETID YO Mas 2014

Nan Toudegad sa a, aprann kòman nou ka kontinye demontre lespri sakrifis ak fason nou ka rete pozitif. Ki jan nou ka ede kwayan parèy nou yo ki aje, e ki jan nou ka ede manm fanmi nou ki aje?

Chèche touche kè manm fanmi w ki pa kwayan

Ki sa n ka aprann nan fason Jezi te aji ak manm fanmi l yo? Ki jan nou ka pataje kwayans nou ak manm fanmi nou ki pa nan menm relijyon avè n, oswa ki pa nan relijyon ditou?

Fason pou n kontinye demontre lespri sakrifis

N ap fè fas ak yon ènmi ki ka minen detèminasyon n pran pou n demontre lespri sakrifis la san n pa rann nou kont. Atik sa a ap idantifye ènmi sa a e l ap montre kòman nou ka sèvi ak Bib la pou n konbat li.

Fason pou n rete pozitif

Ki sa k fè anpil moun ap goumen kont santiman negatif? Atik sa a montre nou ki jan lè n sèvi ak Bib la sa ka ede n rete pozitif

Adorasyon an fanmi — Èske w ka fè l vin pi enteresan?

Fè yon ti gade fason kèk moun nan plizyè peyi fè adorasyon an fanmi yo yon fason pou w jwenn kèk metòd ou kapab eseye.

Annou montre konsiderasyon pou moun ki aje yo

Egzamine jan Bondye konsidere moun ki aje yo. Ki responsablite timoun ki fin gran yo genyen anvè paran yo ki aje? Ki jan kongregasyon yo ka montre konsiderasyon pou moun ki aje yo?

Pran swen moun ki aje yo

Paran ki aje yo ak timoun ki fin gran yo kapab pale sou preparasyon y ap fè ak desizyon y ap pran alavans anvan ‘vye jou yo rive sou yo’. Ki jan yo ka fè fas ak kèk nan difikilte sa yo

Èske pawòl ou ‘se Wi ki tounen Non’?

Kretyen yo dwe toujou kenbe pawòl yo e yo pa dwe janm kite ‘Wi yo tounen Non’. E si nou oblije anile yon aranjman nou te fè? Aprann nan egzanp apot Pòl.