TOUDEGAD KI GEN ATIK ETID YO Oktòb 2014

Nan Toudegad sa a, n ap jwenn atik yo pral etidye soti semèn 1ye desanm pou rive semèn 28 desanm 2014.

Yo te ofri tèt yo volontèman — Nan peyi Taywann

Gen plis pase 100 Temwen Jewova ki al sèvi yon kote ki gen bezwen plis pwoklamatè Wayòm nan. Pran plezi nan bèl eksperyans yo fè epi chèche wè ki sa k te ede yo reyisi.

Se pou w gen bonjan lafwa nan Wayòm nan!

Jewova te sèvi ak sis alyans pou l te bay yon garanti Wayòm li an pral reyalize objektif li. Ki jan alyans sa yo ka ede n vin gen yon lafwa ki solid?

N ap tounen “yon wayòm prèt”

Twa dènye alyans ki nan sis alyans yo ka fè n gen konfyans nan Wayòm Bondye a epi l ka pouse n fè lòt moun konnen bon nouvèl la.

BYOGRAFI

Bèl moman m te pase nan sèvis Wayòm nan

Mildred Olson te sèvi Jewova pandan plis pase 75 an, e l te sèvi kòm misyonè pandan prèske 29 an nan peyi Salvadò. Ki sa k te fè l santi l jèn toujou?

Ancheri privilèj ou genyen pou w travay ak Jewova a!

Ki sa k pouse moun k ap adore Jewova yo pou yo sispann kouri dèyè enterè pèsonèl yo?

“Kontinye fikse lespri nou sou bagay ki anwo yo”

Ki sa k fè moun ki gen esperans pou yo viv sou tè a fikse lespri yo sou bagay ki nan syèl la? Ki jan yo ka fè sa?