Al gade sa k anndan l

ENTÈVYOU | ANTONIO DELLA GATTA

Rezon ki fè yon prèt te kite legliz li

Rezon ki fè yon prèt te kite legliz li

NAN ane 1969, yo te nome Antonio Della Gatta prèt apre l te fin pase nevan ap etidye nan vil Wòm. Annapre, li te vin responsab yon seminè ki toupre Nap, ann Itali. Pandan l te la, apre l te fin fè anpil tan ap etidye e ap medite, li te rann li kont relijyon katolik pa suiv sa Bib la di. Li te pale ak ekip Reveye n! nan sou efò l te fè pou l vin pi pwòch ak Bondye.

Ki jan sa te ye pou ou lè w t ap grandi?

Mwen fèt ann Itali nan ane 1943. Mwen menm ak frè m ak sè m yo te grandi nan yon ti bouk kote papa m te konn travay kòm kiltivatè e kòm bòs chapant. Paran nou te leve nou yon fason pou n vin bon katolik.

Poukisa w te vle vin prèt?

Lè m te timoun, mwen te renmen koute prèt yo nan legliz la. Mwen te renmen tande vwa yo e m te renmen tout bagay enpresyonan yo te konn fè yo. Donk, mwen te deside pou m vin yon prèt tou. Lè m te gen 13 an, manman m te mennen m nan yon pansyon kote yo prepare tigason pou yo vin prèt.

Èske yo te etidye Labib avè w pandan yo t ap prepare w la?

Pa vrèman. Lè m te gen 15 an, gen youn nan pwofesè m yo ki te ban m yon liv ki gen Evanjil yo sèlman, anpalan de istwa ki esplike lavi Jezi ak travay predikasyon li te konn fè a. Mwen te li liv la plizyè fwa. Lè m te gen 18 an, mwen t al Wòm pou m etidye nan inivèsite ki te anba kontwòl Pap la. Mwen te aprann laten, grèk, istwa, filozofi, sikoloji ak teyoloji. Malgre nou te konn resite yon seri vèsè nan Bib la pakè e nou te konn tande y ap li Bib la nan sèmon yo te konn fè lè dimanch yo, yo pa t konn vrèman etidye Bib la ak nou.

Ou te vin yon responsab. Èske sa vle di ou te konn anseye?

Travay mwen te konn fè a te plis gen rapò ak administrasyon. Men, mwen te fè kou sou dekrè Dezyèm Konsil Vatikan an.

Ki sa k te fè w kòmanse gen dout sou legliz la?

Gen twa bagay ki te konn ban m pwoblèm. Legliz la te konn mele nan politik. Yo te konn tolere move aksyon manm klèje a ak fidèl yo. Mete sou sa, gen kèk ansèyman legliz katolik ki pa t sanble kòrèk. Pa egzanp, ki jan yon Bondye lanmou ka pini moun pou toutan lè yo fin mouri? Epi, èske Bondye vle nou plede resite priyè plizyè santèn fwa avèk yon chaplè nan men nou? a

Ki sa w te fè?

Ak dlo nan je, m te priye Bondye pou l gide m. Epi, mwen te achte Bib Jerizalèm nan, ki se yon Bib katolik, e m te kòmanse li l. Nan epòk la, yo te fèk pibliye l ann italyen. Yon dimanch maten, apre lamès, pandan m fin retire rad prèt ki te sou mwen an e m t ap mete l nan plas li, gen de mesye ki te vin nan seminè a. Yo te fè m konnen yo se Temwen Jewova. Nou te pale sou Bib la pandan plis pase inèdtan e sou sa Bib la di sou fason pou n rekonèt vrè relijyon an.

Ki sa w te panse de Temwen Jewova ki te vizite w yo?

Mwen te renmen konviksyon yo te genyen ak fason yo te alèz pou yo site pasaj nan yon Bib katolik. Apre sa, gen yon lòt Temwen ki rele Mario ki te kòmanse vizite m. Li te pasyan e li te fidèl. Chak samdi, li te konn sonnen sonèt seminè a a nevè dimaten, kit gen lapli kit gen solèy.

Ki sa lòt prèt yo te konn panse de vizit sa yo?

Mwen te konn envite yo vin patisipe nan konvèsasyon sa yo, men pa gen youn ki te pran etid Labib la oserye. Men, mwen menm, mwen te pran plezi ladan l. Mwen t ap aprann yon seri bagay estrawòdinè, tankou rezon ki fè Bondye tolere bagay ki mal ak soufrans, yon kesyon ki te toumante m pandan lontan.

Èske moun ki te alatèt ou yo te eseye dekouraje w etidye Bib la?

An 1975, mwen t al Wòm plizyè fwa pou m esplike fason m te wè bagay yo. Moun ki te alatèt yo te eseye chanje fason m panse, men pa gen youn nan yo ki te sèvi ak Bib la pou yo fè sa. Finalman, nan dat 9 janvye 1976, mwen te ekri Wòm pou m fè yo konnen mwen pa konsidere tèt mwen kòm yon Katolik ankò. De jou apre sa, mwen te kite seminè a e m te pran tren pou m asiste reyinyon Temwen Jewova yo pou premye fwa. Anfèt, se te yon asanble ki gen plizyè kongregasyon ki te reyini ansanm. Tout bagay te diferan nèt ak sa m te abitye wè! Chak Temwen te gen Bib pa l e l t ap suiv sa oratè yo ap di pandan y ap pale sou divès sijè.

Ki sa fanmi w te panse?

Pifò moun nan fanmi m te vrèman opoze avè m. Men, mwen te aprann youn nan frè m yo t ap etidye ak Temwen Jewova yo nan yon zòn nan nò Itali ki rele Lonbadi. Mwen t al jwenn li, e Temwen yo nan zòn nan te ede m jwenn travay ak yon kote pou m rete. Pi devan nan menm ane sa a, mwen te batize antanke Temwen Jewova.

Finalman, mwen santi m pwòch ak Bondye toutbon

Èske gen bagay ou regrèt?

Pa ditou! Finalman, mwen santi m pwòch ak Bondye toutbon, paske sa m konn sou li yo se nan Bib la yo soti, se pa nan filozofi lèzòm oubyen nan tradisyon legliz. Epi, mwen ka fè lòt moun konnen nan ki sa m kwè avèk konviksyon e avèk senserite.

a Bib la bay repons klè pou kesyon sa yo ak anpil lòt. Al nan SA BIB LA ANSEYE>REPONS BIB LA BAY.