TOUDEGAD Fevriye 2015 | Fason pou w renmen travay ou

Gen anpil moun ki renmen travay yo e yo jwenn anpil satisfaksyon ladan l. Ki sa k ede yo vin gen bon pwennvi sa a sou travay di?

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A

Travay di — Èske sa pase mòd?

Gen moun ki panse li pa bon pou yo travay di. Men, gen anpil lòt moun ki renmen travay di. Ki sa k ede yo jwenn satisfaksyon nan travay yo?

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A

Fason pou w renmen travay di

Egzamine kèk fason Bib la ban nou konsèy ki itil k ap ede n gen lajwa ak satisfaksyon nan travay nou.

A CONVERSATION WITH A NEIGHBOR

Poukisa nou dwe egzamine Bib la?

Byenke yo ekri Bib la depi byen lontan, li itil nan epòk nou an. Ki jan prensip biblik yo ka ede w nan tout domèn nan lavi a?

LABIB CHANJE LAVI MOUN

Mwen te enpresyone devan repons ki klè e ki lojik Bib la bay yo

Ernest Loedi te jwenn repons pou kèk kesyon ki pi enpòtan moun poze sou lavi a. Repons klè bib la bay yo ba li bonjan espwa pou lavni.

ANNOU IMITE LAFWA YO

“Èske se pa Bondye sèl ki ka esplike bagay konsa?”

Ki sa k te ede Jozèf gen kran pou l esplike chèf sèvè bwason an, chèf boulanje a ak Farawon ki te nan peyi Ejip rèv yo te fè yo? Ki jan Jozèf te fè soti nan prizon pou l al nan palè a nan yon sèl jou?

Repons Bib la bay

Imajine jan yon gouvènman mondyal ka fè lèzòm jwenn lapè ak sekirite. Poukisa nou ka kwè pwomès Bondye fè pou l etabli yon gouvènman konsa? Kiyès ki t ap dirijan ideyal la?

Li lòt atik sou Entènèt

Èske Labib se yon liv ki gen sajès lèzòm ladan l?

Remake deklarasyon Labib fè konsènan tèt li.