TOUDEGAD No 4 2016 | Labib — Yon liv ki chape anba anpil danje

Pandan syèk ki pase yo, Bib la pase anba divès kalite danje ki te ka detwi l oswa mesaj ki ladan l lan. Ki sa k fè chape l chape a gen anpil enpòtans?

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A

Yon istwa ki gen enpòtans

Pa gen okenn lòt liv ki gen tout enfliyans sa a sou kwayans yon kantite moun konsa e pandan yon peryòd ki long konsa. Men, èske n ka kwè nan Bib la?

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A

Labib chape anba degradasyon

Souvan, moun ki t ap ekri Bib la ak moun ki t ap rekopye l yo te sèvi ak papiris ak pachemen pou yo fè sa. Ki jan plizyè milye ansyen maniskri Labib fè chape pou rive jis nan epòk nou an?

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A

Labib chape anba opozisyon

Kèk lidè politik ak chèf relijye te chèche anpeche moun achte Labib, repwodui l ak tradui l. Okenn nan yo pa t reyisi.

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A

Bib la chape anba efò moun fè pou yo chanje mesaj ki ladan l lan

Kèk moun malonèt te chèche chanje mesaj ki nan Bib la. Ki jan yo te dekouvri plan yo a e yo te kontrekare plan sa yo?

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A

Rezon ki fè Bib la chape anba tout danje

Sa k fè liv sa a espesyal konsa?

Èske w te konnen?

Ki sa ki te diferan nan fason Jezi te boule ak moun ki te gen lèp yo? Sou ki baz chèf relijye Juif yo te konn fè divòs?

Èske l posib pou gen yon monn san vyolans?

Gen moun ki jwenn èd pou yo sispann fè vyolans. Sa k te pouse yo a ka pouse lòt moun tou.

LABIB CHANJE LAVI MOUN

Mwen te echwe plizyè fwa anvan m reyisi

Ki jan Josef te rive venk pwoblèm pou l gade pònografi a e l te rive jwenn lapè nan lespri Labib pwomèt la?

Konparezon ki pi enpòtan ou ta ka fè

Plizyè milye gwoup relijye ki rele tèt yo kretyen gen divizyon nan mitan yo akoz doktrin yo genyen e akoz pwennvi yo ki pa menm. Alò, ki jan w ka fè rive konnen kiyès k ap anseye laverite?

Ki sa Bib la di?

Èske Bondye te bezwen sèvi ak òganizasyon relijye pou l fè moun pwoche bò kote l?

Li lòt atik sou Entènèt

Èske se panse Bondye ki nan Bib la?

Poukisa anpil nan moun ki te ekri Bib la di se Bondye ki te di yo sa pou yo ekri?