Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

TOUDEGAD No 2 2017 | Èske w ap aksepte pi gwo kado Bondye bay la?

KI SA W PANSE?

Ki pi gwo kado Bondye ban nou?

Men sa Bib la di: “Bondye tèlman renmen monn nan, li bay sèl Pitit Gason li fè a pou li.” — Jan 3:16.

Toudegad sa a pale sou rezon ki fè Bondye te voye Jezi sou tè a pou l mouri pou nou e ki jan nou ka demontre rekonesans nou pou kado sa a.

 

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A

Yon kado ki pa gen parèy

Labib pale de yon kado ki gen yon pakèt enpòtans ki ka fè moun ki resevwa l yo jwenn lavi ki pap janm fini an. Èske ka gen yon kado ki gen plis enpòtans pase l?

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A

Ki sa k fè kado Bondye bay la gen tout valè sa a?

Ki sa k fè yon kado gen plis valè pase yon lòt? Lè n reflechi sou sa, nou ka vin gen plis rekonesans pou ranson an.

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A

Ki jan w ap reyaji devan gwo kado sa a?

Lanmou pou Kris la oblije nou fè ki sa?

Èske kèk kretyen oblije rete san yo pa marye?

Gen relijyon ki mande pou moun ki chèf nan relijyon sa yo ak moun ki alatèt yo rete san yo pa marye. Men, ki sa Bib la di sou sa?

Yo delivre anba esklavaj: Lontan ak jodi a

Nan tan lontan, pèp Bondye a te delivre anba esklavaj. Malerezman, plizyè milyon moun toujou ap soufri anba enjistis sa yo.

Lè w bay, ou jwenn byenfè

Lè w bay, sa bon pou ou e pou lòt moun. Sa pèmèt moun kolabore youn ak lòt e sa fè yo vin zanmi. Ki jan w ka rive bay ak kè kontan?

Ki sa Bib la di?

Bib la di nan dènye jou yo, “tan yo pral di, yo pral difisil pou moun sipòte”. Èske deskripsyon sa a mache ak epòk n ap viv ladan l lan?

Li lòt atik sou Entènèt

Nan ki sans sakrifis Jezi a se yon “ranson pou anpil moun”?

Nan ki sans ranson an se pri yo peye pou rachte n anba peche?