TOUDEGAD KI GEN ATIK ETID YO Desanm 2017

Nan Toudegad sa a, n ap jwenn atik yo pral etidye soti 29 janvye rive 25 fevriye 2018.

“Mwen konnen l ap leve”

Ki jan n ka gen asirans gen yon rezirèksyon ki pral fèt alavni?

“Men espwa mwen gen nan Bondye”

Poukisa ansèyman sou rezirèksyon an enpòtan pou lafwa yon kretyen?

Èske nou sonje?

Èske w te li dènye Toudegad ki te parèt yo? Gade pou w wè konbyen kesyon ki baze sou Bib la ou ka reponn.

Kesyon lektè yo poze

Nan Izrayèl tan lontan an, èske liy fanmi ki mennen nan Mesi a te gen rapò ak dwa premye pitit la?

Kesyon lektè yo poze

Èske kretyen ki marye yo ka konsidere sterilè kòm yon metòd planing ki ann amoni ak Ekriti yo?

Paran: Ede pitit nou vin gen ‘sajès k ap pèmèt yo delivre’

Gen anpil paran ki kretyen ki enkyete lè pitit gason yo oswa pitit fi yo vle vwe Bondye lavi yo epi batize. Ki jan yo ka ede pitit yo grandi pou delivrans lan?

Jèn: “Kontinye travay pou pwòp delivrans nou”

Batèm se yon etap ki enpòtan anpil, men yon jèn pa dwe ni pè l ni kouri pou li.

BYOGRAFI

Mwen kite tout bagay dèyè pou m suiv Mèt la

Felix Fajardo te gen 16 sèlman lè l te deside vin yon kretyen. Plis pase 70 an annapre, li pa regrèt anyen dèske l t ale kèlkeswa kote Mèt la te voye l.

Endèks Toudegad pou ane 2017

Lis sa a ap ede w jwenn divès sijè ki te parèt nan Toudegad pandan ane 2017.