TOUDEGAD KI GEN ATIK ETID YO Fevriye 2018

Nan Toudegad sa a, n ap jwenn atik yo pral etidye soti 2 rive 29 avril 2018.

Demontre lafwa ak obeyisans menm jan ak Noye, Dànyèl ak Jòb

Mesye sa yo ki te fidèl te jwenn kèk nan pwoblèm nou genyen yo. Ki sa k te ede yo kenbe entegrite yo?

Èske w konn Jewova menm jan ak Noye, Dànyèl ak Jòb?

Ki jan mesye sa yo te vin konn Toupisan an? Ki jan konesans sa a te pwofitab pou yo? Ki jan n ka vin gen lafwa menm jan ak yo?

BYOGRAFI

Tout bagay posib pou Jewova

Kèk bèl pawòl yon dam te di nan yon bis nan peyi Kigistan te chanje lavi de moun marye.

Ki sa sa mande pou yon moun kite lespri Bondye gide l?

Bib la montre ki lè “yon moun kite lespri Bondye gide l” ak sa ki distenge l ak yon “moun ki kite dezi l mennen l”.

Kontinye fè pwogrè antanke moun ki kite lespri Bondye gide w!

Konesans biblik pa oblije fè w vin moun ki kite lespri Bondye gide w. Ki lòt bagay ki nesesè?

Lajwa: Yon kalite Bondye ban nou

Si w rann ou kont eprèv ou jwenn chak jou yo ap fè w pèdi jwa w, ki sa w ka fè pou w vin gen lajwa ankò?

BAGAY KI NAN ACHIV NOU

Bon nouvèl la gaye nan peyi Ilann grasa diskou piblik yo

Ki sa k te konvenk C. T. Russell peyi sa a se yon jaden ki te “pare e ki t ap tann rekòt”?