TOUDEGAD KI GEN ATIK ETID YO Jen 2019

Nan Toudegad sa a, n ap jwenn atik yo pral etidye soti 5 out rive 1ye septanm 2019.

“Veye pou pèsonn pa pran nou nan pyèj”!

Satan fò anpil nan twonpe moun. Ki jan l eseye enfliyanse nou pou l fè nou vire do bay Jewova?

Ann ranvèse tout rezònman ki kont konesans Bondye

Gen yon seri bagay ki ka gen bon enfliyans oswa move enfliyans sou panse nou, tankou eksperyans nou fè, kote nou soti ak edikasyon nou te resevwa. Ki jan nou ka derasinen yon seri bagay ki “byen anrasinen” nan panse nou?

Annou konte sou Jewova lè nou anba strès

Gwo strès oswa strès ki dire anpil tan ka gen move efè sou kò nou ak lespri nou. Nou ka aprann anpil bagay lè nou gade jan Jewova te ede sèvitè l yo nan tan lontan pou yo fè fas ak strès.

Ann ede moun k ap lite anba strès

Lòt, Jòb ak Nawomi te sèvi Jewova fidèlman, men yo te konn andire sitiyasyon nan lavi yo ki te ba yo strès. Ki sa n ka aprann nan egzanp yo?

Fason n ka jwenn bonjan pwoteksyon kont youn nan pyèj Satan yo

Pònografi fè anpil sèvitè Bondye pran nan pyèj. Ki jan n ka evite vye bagay sal sa a?

Yo te “dewoule” yon ansyen woulo

An 1970, gen yon seri akeyològ ki te detere yon woulo, ki te flanbe nan dife, nan zòn Enngedi, nan peyi Izrayèl. Men, grasa yon teknik kote yo te itilize yon skanè 3-D, se kòmsi yo te dewoule woulo a pou yo li sa k ladan l. Ki sa skanè a te pèmèt yo wè?