Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Li toupre pou li rive

Li toupre pou li rive

Telechaje:

  1. 1. Ou tande zwazo k’ap chante,

    W’ap gade nyaj yo’k prale.

    Nan yon bèl jaden w’ap mache,

    Syèl la bèl e solèy la klere.

    Ou kontan wè zanmi’w yo,

    Ou pa ka kwè sa’w wè yo.

    Wi, paradi sou tè a

    Te toupre pou li rive.

  2. 2. Gen yon bèl ti kay nan plèn nan,

    Gen yon lòt sou tèt mòn nan.

    Bò rivyè a, moun ap chante,

    Moulen ap vire, dlo ap koule.

    Jaden yo gen bèl ekla.

    Yo pare pou rekòt la.

    Te g’on lè bèl monn sila’

    Te toupre pou li rive.

    (YON TI DIPLIS)

    Ala sa bèl! Zanmi fidèl

    K’ap pataje bon ti moman.

    Tout dlo nan je vrèman seche.

    Monn nan tounèf, lavi a bèl.

  3. 3. Tout moun ap viv ak kè kontan,

    Tout ti flè yo santi bon.

    Youn ap bay lòt bon afeksyon

    Pandan n’ap viv nan lapèfeksyon.

    E n’ap di Jewova mèsi

    Pou lanmou’l ak tandrès li.

    Wi, benediksyon sa yo

    Te toupre pou yo rive.

    (YON TI DIPLIS)

    Epi chak jou, nan kè’m m’ap di:

    “Mwen kontan wè ou k’ap souri!”

    Paske yon lè, vlope’w nan bra’m

    Te sèlman ka fèt nan rèv pa’m.

  4. 4. M’ap tann avèk lafwa

    Paradi’k pral sou tè a.

    Sa se pawòl Jewova di.

    E mwen konnen li pap bay manti.

    E mwen pap janm dekouraje

    Lè’m sonje sa’k pral rive.

    Se jou sa’ mwen ret ap tann,

    Se sèten li toupre rive.