Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Monn nouvo n ap tann nan

Monn nouvo n ap tann nan

Telechaje:

  1. 1. Pr’on ti tan kouny’a pou’w imajine.

    Si’w byen gade w’ap wè, wi la’, devan’w lan,

    Timoun k’ap ri, k’ap jwe.

    Nan yon monn kote okenn moun pa pè,

    Nou met ansanm pou’n byen pran swen tè a.

    Antanke moun k’ap suiv sa Jewova di,

    Nou tout nèt ap viv anpè

    “Jiskaske lalin nan pa la ankò.”

    N’ap wè jan’l renmen’n,

    Lè Jezi Kris ap dirije

    Monn nouvo n’ap tann nan.

    (REFREN)

    Esperans lan chofe kè’n,

    Li se yon lank ki fè’n rete fèm.

    Esperans nou an tankou solèy,

    Li ede’n rive wè

    Monn nouvo n’ap tann nan.

  2. 2. Pr’on ti tan kouny’a pou’w imajine

    Ou menm k’ap viv yon kote’k gen mòn ak bèl plèn.

    E se la ou rete.

    Gade! G’on moun k’ap mache jwenn ou!

    Se yon moun ou byen konnen.

    Li ouvè bra’l byen laj, l’ap ret tann

    Pou li sere’w nan bra’l.

    Sa fè tèlman lontan nou pa’t kapab wè.

    Lanmò pa’t ka fè

    Bondye pa ban nou

    Monn nouvo’n t’ap tann nan.

    (REFREN)

    Esperans lan chofe kè’n,

    Li se yon lank ki fè’n rete fèm.

    Esperans nou an tankou solèy,

    Li ede’n rive wè

    Monn nouvo n’ap tann nan.

    (YON TI DIPLIS)

    Kèlkeswa sa’l te pwomèt,

    L’ap fè’l reyalize, jan’l te vle’l la.

    Jewova pral ouvri men li,

    E l’ap bay tout moun tout sa yo bezwen.

    (REFREN)

    Esperans lan chofe kè’n,

    Li se yon lank ki fè’n rete fèm.

    Esperans nou an tankou solèy,

    Li ede’n rive wè

    Monn nouvo n’ap tann nan,

    Monn nouvo n’ap tann nan,

    Monn nouvo n’ap tann nan,

    Monn nouvo n’ap tann nan.