Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Mwen ba ou tout lavi m

Mwen ba ou tout lavi m

Telechaje:

  1. 1. Leswa lè m’ap admire

    Zetwal yo ki nan syèl la,

    Mwen panse avè’w, se kòmsi‘m te wè’w.

    Ak tout kè’m m’ap ba’w glwa.

  2. 2. Si mwen ba ou tout lavi’m,

    W’ap toujou ret bò kote’m.

    Tank jou ap pase, w’ap wè’m deside

    Pou’m kite ou dirije’m.

    (REFREN)

    Paske’w chanje lavi’m

    E’w ban’m espwa,

    Ak fòs pou’m andire,

    Paske Pitit ou a

    Mouri pou mwen,

    Mwen ba ou tout lavi’m.

    Mwen ba ou tout lavi’m.

  3. 3. Lè solèy la byen klere,

    Mwen ka wè jan’w gen pisans,

    Mwen wè’w gen sajès ak anpil tandrès,

    Sa fè’m gen rekonesans.

    (REFREN)

    Paske’w chanje lavi’m

    E’w ban’m espwa,

    Ak fòs pou’m andire,

    Paske Pitit ou a

    Mouri pou mwen,

    Mwen ba ou tout lavi’m.

    Mwen ba ou tout lavi’m.

    (REFREN)

    Paske’w chanje lavi’m

    E’w ban’m espwa,

    Ak fòs pou’m andire,

    Paske Pitit ou a

    Mouri pou mwen,

    Mwen ba ou tout lavi’m.

    Mwen ba ou tout lavi’m.