Ki sa Labib anseye toutbonvre?

Yo fè liv sa a pou ede w aprann sa Bib la di sou yon seri sijè tankou poukisa n ap soufri, ki sa k rive lè yon moun mouri, ki jan nou ka gen yon lavi fanmi ki bay kè kontan.

Èske se sa ki te objektif Bondye?

Petèt w ap mande poukisa gen tout pwoblèm sa yo jounen jodi a. Èske w te konnen Labib di pral gen yon bonjan chanjman e ou ka pwofite yo?

CHAPIT 1

Ki sa ki verite konsènan Bondye?

Èske w panse Bondye gen sousi pou ou pèsonèlman? Aprann konn pèsonalite l ak fason w ka vin pwòch avè l.

CHAPIT 2

Labib: yon liv Bondye ban nou

Ki jan Bib la ka ede w fè fas ak pwoblèm ou yo? Sa k fè w ka fè pwofesi ki ladan l yo konfyans?

CHAPIT 3

Ki objektif Bondye gen pou tè a?

Èske objektif Bondye pou tè a ap janm reyalize? Si se wi, ki lè?

CHAPIT 4

Kiyès Jezi Kris ye?

Aprann poukisa Jezi se Mesi yo te pwomèt la, kote l soti e sa k fè li se sèl Pitit Gason Jewova fè.

CHAPIT 5

Ranson an: pi gwo kado Bondye bay

Ki sa ranson an ye? Ki jan w ka tire pwofi ladan l?

CHAPIT 6

Ki kote mò yo ye?

Aprann ki sa Labib di sou kote mò yo ye ak rezon ki fè moun mouri.

CHAPIT 7

Yon espwa reyèl pou moun pa nou yo ki mouri

Èske w gen moun pa w ki mouri? Èske l posib pou w wè yo ankò? Ann wè ki sa Labib anseye sou rezirèksyon an.

CHAPIT 8

Ki sa Wayòm Bondye a ye?

Gen anpil moun ki konn priyè Notrepè a. Ki sa sa vle di: “Se pou Wayòm ou an vini”?

CHAPIT 9

Èske n ap viv nan “dènye jou yo”?

Gade pou n wè ki jan aksyon moun yo ak fason yo panse montre n ap viv nan “dènye jou” Labib te anonse yo.

CHAPIT 10

Kreyati espirityèl yo: enfliyans yo gen sou nou

Labib pale de zanj yo ak demon yo. Èske kreyati espirityèl sa yo reyèl? Èske yo ka gen enfliyans sou nou?

CHAPIT 11

Poukisa Bondye pèmèt soufrans?

Anpil moun panse se Bondye ki lakòz soufrans ki gen nan monn nan. Ki sa ou panse? Ann wè sa Bondye di sou rezon ki fè n ap soufri.

CHAPIT 12

Annou viv yon fason ki fè Bondye plezi

Li posib pou n viv yon fason ki fè Jewova plezi. Anfèt, ou ka vin zanmi l.

CHAPIT 13

Chèche gen menm pwennvi ak Bondye sou lavi

Ki jan Bondye konsidere avòtman, pran san ak lavi bèt?

CHAPIT 14

Fason pou nou rann lavi fanmi nou agreyab

Lanmou Jezi te genyen an se yon egzanp pou mari, madanm, paran ak timoun. Ki sa nou ka aprann nan men l?

CHAPIT 15

Adorasyon Bondye apwouve

Ann konsidere sis bagay ki idantifye moun k ap pratike vrè relijyon an.

CHAPIT 16

Pran pozisyon pou vrè adorasyon an

Ki difikilte ou ka jwenn lè w ap pataje kwayans ou ak lòt moun? Kòman w ka fè sa san ou pa fè yo fache?

CHAPIT 17

Pwoche bò kote Bondye nan lapriyè

Èske Bondye koute lè w ap priye? Pou reponn kesyon sa a fòk ou konprann ki sa Bib la anseye sou lapriyè.

CHAPIT 18

Batèm ak relasyon w avèk Bondye

Ki etap yon moun dwe suiv pou l batize antanke kretyen? Aprann ki sa batèm nan senbolize e kòman li ta dwe fèt.

CHAPIT 19

Rete nan lanmou Bondye

Kòman nou ka montre lanmou ak rekonesans pou tout sa Bondye fè?

APENDIS

Non Bondye: fason yo itilize l epi siyifikasyon l

Anpil tradiksyon Labib retire non Jewova a. Poukisa? Èske sa enpòtan pou nou itilize non Bondye?

APENDIS

Pwofesi Danyèl la predi Mesi a ta gen pou vini

Plis pase 500 ane alavans, Bondye te di ki lè egzak Mesi a tap vini. Aprann plis bagay sou bèl pwofesi sa a!

APENDIS

Jezi Kris: Mesi yo te pwomèt la

Tout pwofesi bibik konsènan Mesi a akonpli sou Jezi. Verifye nan bib ou jan pwofesi sa yo akonpli an detay.

APENDIS

Laverite sou Papa a, Pitit la ak lespri sen an

Anpil moun panse se Labib ki anseye doktrin Trinite a. Èske se vre?

APENDIS

Rezon ki fè vrè kretyen yo pa sèvi ak kwa nan adorasyon yo

Èske Jezi te mouri sou yon kwa toutbonvre? Li repons Bib la bay.

APENDIS

Soupe Seyè a: yon selebrasyon ki onore Bondye

Kretyen yo resevwa lòd pou yo selebre Memoryal lanmò Kris. Chak ki lè yo dwe selebre l e ki jan?

APENDIS

“Nanm” ak “espri”: ki sa mo sa yo vle di an reyalite?

Anpil moun panse lè yon moun mouri, gen yon pati envisib ki kite kò a ki al viv yon lòt kote. Ki sa pawòl Bondye a di nou sou sa?

APENDIS

Cheyòl ak adès: ki sa yo ye?

Gen kèk tradiksyon Labib ki itilize mo “tonm” oswa “lanfè” pou cheyòl ak adès. Ki sa mo sa yo vle di toutbonvre?

APENDIS

Jou Jijman an: sa l ye?

Aprann kòman jou jijman an pral yon benediksyon pou tout moun ki fidèl.

APENDIS

1914: yon ane ki gen anpil enpòtans nan pwofesi biblik yo

Ki prèv biblik nou genyen ki fè n di 1914 te yon ane enpòtan?

APENDIS

Kiyès ki Mikayèl akanj lan?

Labib idantifye akanj sa a ki gen anpil pouvwa. Aprann plis bagay sou li ak sou sa l ap fè kounye a.

APENDIS

Annou idantifye “Gran Babilòn nan”

Liv Revelasyon an pale de yon fi ki rele “Gran babilòn”. Eske se yon fi toutbon? Ki sa Bib la di sou li?

APENDIS

Èske Jezi te fèt an desanm?

Ki sa sa montre lè nou gade tanperati ki te gen nan epòk Jezi te fèt nan ane a?

APENDIS

Èske nou dwe selebre fèt?

Ki orijin pifò nan fèt yo selebre nan zòn ou abite a? Repons lan ka fè w sezi.