Ki sa Labib kapab anseye nou?

Liv sa a ki fèt pou etidye Labib ap ede w konnen sa Labib di sou divès sijè, tankou poukisa nou soufri, sa k rive lè yon moun mouri, fason pou n gen kè kontan nan fanmi nou, ak lòt sijè ankò.

Ki objektif Bondye gen pou nou?

Ou ka ap mande poukisa gen anpil soufrans konsa jodi a. Labib fè konnen, talè konsa, Bondye pral aji pou l retire pwoblèm lèzòm yo, tankou soufrans, maladi ak lanmò.

CHAPIT 1

Kiyès Bondye ye?

Èske w panse Bondye gen sousi pou ou? Aprann konn pèsonalite Bondye ak fason w ka vin zanmi l.

CHAPIT 2

Labib: yon liv Bondye ban nou

Ki jan Labib ka ede w fè fas ak pwoblèm ou yo? Poukisa w ka fè pwofesi l bay yo konfyans?

CHAPIT 3

Ki objektif Bondye gen pou lèzòm?

Ki jan lavi sou tè a pral ye nan monn nouvo a lè tè a vin yon paradi?

CHAPIT 4

Kiyès Jezi Kris ye?

Chèche konn poukisa Jezi se Mesi Bondye te pwomèt la, ki kote l te soti, e poukisa li se sèl Pitit Jewova fè a.

CHAPIT 5

Ranson an: pi gwo kado Bondye bay la

Ki sa ranson an ye? Ki jan l ka fè w jwenn byenfè?

CHAPIT 6

Lè nou mouri, ki kote n ale?

Chèche konn sa Labib di konsènan kote moun mouri yo ye ak rezon ki fè yo mouri.

CHAPIT 7

Pral gen yon rezirèksyon!

Èske w gen yon moun pa w ki mouri? Èske l posib pou w wè l ankò? Chèche konn sa Labib anseye sou rezirèksyon.

CHAPIT 8

Ki sa Wayòm Bondye a ye?

Anpil moun konn Priyè Seyè a. Ki sa fraz sa a vle di: “Se pou Wayòm ou an vini”?

CHAPIT 9

Èske lafendimonn toupre?

Egzamine fason aksyon ak atitid moun ki toutotou n yo montre n ap viv nan epòk ki jis anvan lafendimonn nan rive, jan Labib te anonse sa.

CHAPIT 10

Laverite sou zanj yo

Labib pale de zanj yo ak demon yo. Èske kreyati espirityèl sa yo egziste vre? Èske yo ka ede n oswa fè nou mal?

CHAPIT 11

Poukisa gen anpil soufrans konsa?

Anpil moun panse se Bondye yo dwe blame pou tout soufrans ki gen nan monn nan. Ki sa w panse? Chèche konnen sa Bondye di sou rezon ki fè gen soufrans.

CHAPIT 12

Ki jan w ka vin zanmi Bondye?

Li posib pou w fè Jewova plezi nan fason w ap viv. Anfèt, ou ka vin zanmi l.

CHAPIT 13

Respekte lavi ki se yon kado

Ki sa Bondye panse sou jete pitit, pran san ak lavi yon bèt?

CHAPIT 14

Fanmi w kapab gen kè kontan

Lanmou Jezi te demontre se yon egzanp mari yo, madanm yo, paran yo ak timoun yo kapab imite. Ki sa nou aprann nan egzanp li bay?

CHAPIT 15

Yon sèl fason ki bon pou n adore Bondye

Egzamine sis pwen ki idantifye moun k ap pratike vrè relijyon an.

CHAPIT 16

Chwazi adore Bondye

Ki defi w ka jwenn lè w ap pataje kwayans ou ak lòt moun? Ki jan w ka fè sa san w pa ofanse yo?

CHAPIT 17

Lapriyè se yon privilèj

Èske Bondye koute priye w yo? Pou w jwenn repons kesyon sa a, ou bezwen konprann sa Labib anseye sou lapriyè.

CHAPIT 18

Èske m dwe vwe lavi m bay Bondye epi pou m batize?

Ki etap yon moun bezwen suiv pou l kalifye pou l batize antanke kretyen? Chèche konnen siyifikasyon batèm nan ak fason li dwe fèt.

CHAPIT 19

Rete pwòch ak Jewova

Ki jan n ka demontre lanmou ak rekonesans pou tout sa Bondye fè?

Nòt

Siyifikayon mo ak ekspresyon yo itilize nan liv Ki sa Labib kapab anseye nou? an