Al gade sa k anndan l

Kèk videyo sou Bib la — Ansèyman ki nan Bib la

Ti videyo sa yo bay repons pou yon seri kesyon ki enpòtan anpil moun konn poze sou Bib la. Plizyè ladan yo mache avèk leson ki nan bwochi Bon nouvèl Bondye bay la!

Èske se kreye yo te kreye linivè?

Byen souvan, moun mal konprann sa Bib la di sou kreyasyon an oswa yo menm di se lejann yo ye. Èske sa Bib la di yo fè sans?

Èske Bondye egziste vre?

Egzamine prèv ki montre li lojik pou n kwè nan Bondye.

Èske Bondye gen yon non?

Bondye gen anpil tit tankou: Toupisan, Kreyatè ak Seyè. Men, yo itilize non Bondye anviwon 7 000 fwa nan Bib la.

Ki jan l fè posib pou nou zanmi Bondye?

Pandan plizyè syèk, moun te wè li nesesè pou yo konnen Kreyatè yo a. Labib kapab ede nou vin zanmi Bondye. Zanmitay sa a kòmanse lè n aprann konnen non Bondye.

Pawòl kiyès ki nan Bib la?

Si se yon seri gason ki te ekri Bib la, èske l nòmal pou yo rele l “pawòl Bondye”? Pawòl kiyès ki nan Bib la?

Ki jan nou ka sèten sa ki nan Bib la se laverite?

Si Bib la se Pawòl Bondye, pa dwe gen okenn lòt liv ki sanble avè l.

Poukisa Bondye te kreye tè a?

Tè a chaje bèl bagay. Li plase egzakteman nan yon bon distans parapò ak solèy la, nan zòn li dwe ye a menm e li vire nan yon vitès ki egzak. Poukisa Bondye te fè tout bagay sa yo pou tè a lè l t ap kreye l?

Poukisa nou egziste?

Gade ki jan w ka gen yon vi ki gen sans toutbon e w ka jwenn bonjan kè kontan.

Nan ki kondisyon moun ki mouri yo ye?

Labib pwomèt gen yon lè anpil moun mouri pral resisite, menm jan ak Laza.

Èske lanfè se yon kote toutbon kote moun ap soufri?

Labib fè nou konnen “Bondye se lanmou”, li pa t ap janm fè moun soufri pou peche yo te fè anvan yo mouri.

Èske Jezi Kris se Bondye?

Èske se Jezi ki Bondye Toupisan an? Oubyen èske se de moun diferan yo ye?

Poukisa Jezi te mouri?

Bib la bay lanmò Jezi yon kokenn enpòtans. Èske lanmò l te gen yon objektif?

Ki sa Wayòm Bondye a ye?

Nan travay predikasyon an, Jezi te pale sou Wayòm Bondye a plis pase nenpòt lòt sijè. Sa fè plizyè syèk depi disip li yo ap priye pou Wayòm sa a vini.

Wayòm Bondye a kòmanse dirije an 1914

Sa gen plis pase 2500 an, Bondye te fè yon wa, ki gen anpil pisans, fè yon rèv ki te yon pwofesi k ap reyalize kounye a.

Monn nan chanje depi 1914

Sitiyasyon nan monn nan ak fason moun yo ye depi 1914 se prèv ki montre pwofesi Bib la te bay konsènan “dènye jou yo” ap reyalize.

Èske se Bondye ki lakòz katastwòf natirèl yo?

De moun ki te viktim katastwòf natirèl esplike ki sa Bib la te aprann yo.

Poukisa Bondye pèmèt soufrans?

Anpil moun ap mande poukisa monn nan chaje ak lahèn ak soufrans konsa. Bib la bay yon repons ki bay satisfaksyon e ki konsole moun.

Èske Bondye aksepte tout relijyon?

Anpil moun kwè relijyon yo chwazi pa gen enpòtans.

Èske Bondye dakò pou moun sèvi ak imaj nan adorasyon y ap ba li?

Èske yo ka ede nou pi pwòch ak Bondye kòm nou pa ka wè l?

Èske Bondye koute tout priyè?

E si yon moun priye pou yon rezon egoyis? E si yon gason ap maltrete madanm li epi l mande Bondye pou l beni l?

Ki jan Bondye konsidere maryaj?

Bondye vle pou maryaj nou reyisi. Bonjan konsèy ki nan Bib la ede anpil koup.

Ki jan Bondye konsidere pònografi?

Èske mo “pònografi” a menm egziste nan Bib la? Ki jan nou fè konnen ki jan Bondye konsidere pònografi?