Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a?

Temwen Jewova yo soti nan tout ras, nan tout kouch sosyal e yo pa gen menm kilti. Ki sa k fè tout moun diferan sa yo rive ini konsa?

Ki sa Bondye vle?

Bondye vle pou moun toupatou sou tè a konn volonte l. Ki sa volonte l ye, e ki moun k ap ede lòt moun konnen ki sa l ye?

LESON 1

Ki kalite moun Temwen Jewova yo ye?

Konbyen Temwen Jewova ou konnen? Ki sa ou konnen toutbon sou nou?

LESON 2

Poukisa nou pote non Temwen Jewova?

Aprann twa rezon ki fè n pote non sa a.

LESON 3

Ki jan n te rive dekouvri verite ki nan Bib la ankò?

Ki jan n ka sèten nou gen konesans egzak sou sa Bib la anseye?

LESON 4

Poukisa nou fè Tradiksyon monn nouvo a?

Ki sa k fè tradiksyon Labib sa a san parèy?

LESON 5

Ki sa w ap jwenn lè w vin asiste reyinyon nou yo?

Nou reyini pou n etidye Labib e pou youn ankouraje lòt. N ap byen kontan resevwa w.

LESON 6

Ki byenfè nou jwenn lè nou reyini ak kretyen parèy nou?

Pawòl Bondye a ankouraje sèvitè Bondye yo pou yo reyini ansanm. Aprann konnen byenfè w ap jwenn lè w reyini ansanm avè yo.

LESON 7

Ki sa yo fè nan reyinyon nou yo?

Èske w janm mande tèt ou sa nou fè nan reyinyon nou yo? W ap sezi wè bon kalite enstriksyon biblik w ap jwenn.

LESON 8

Poukisa nou byen abiye lè n ap vin nan reyinyon?

Èske sa n met sou nou gen valè nan je Bondye? Aprann ki prensip nan Bib la nou suiv ki ede n byen abiye.

LESON 9

Ki pi bon fason pou n prepare reyinyon yo?

Lè w prepare reyinyon yo w ap jwenn pi bon rezilta.

LESON 10

Ki sa adorasyon an fanmi an ye?

Aprann kòman dispozisyon sa a ka ede w pwoche bò kote Bondye e ede fanmi w vin pi ini.

LESON 11

Poukisa n al asiste kongrè?

Chak ane, nou rasanble ansanm pou twa evènman espesyal. Ki byenfè w ka jwenn lè w asiste asanble sa yo?

LESON 12

Kòman nou òganize travay predikasyon an?

Nou suiv egzanp Jezi te kite pou nou lè l te sou tè a. Èske nou konnen kèk nan metòd li te konn itilize pou l preche?

LESON 13

Ki sa yon pyonye ye?

Gen Temwen ki pase 30 èdtan, 50 èdtan oswa plis toujou ap preche chak mwa. Ki sa k pouse yo fè sa?

LESON 14

Ki fòmasyon pyonye yo resevwa?

Ki sa sa mande pou yon moun vin misyonè? Ki fòmasyon espesyal moun ki pase tout tan yo nan travay predikasyon an resevwa?

LESON 15

Ki jan ansyen yo ede n nan kongregasyon an?

Ansyen yo se moun ki gen matirite nan domèn espirityèl e yo pran latèt nan kongregasyon an. Ki èd yo bay?

LESON 16

Ki wòl sèvitè ministeryèl yo?

Sèvitè ministeryèl yo ede kongregasyon an byen fonksyone. Aprann kòman travay yo fè ede nou nan kongregasyon an.

LESON 17

Kòman siveyan sikonskripsyon yo ede nou?

Nan ki objektif siveyan sikonskripsyon yo vizite kongregasyon yo? Ki sa n ka fè pou n byen pwofite vizit sa yo

LESON 18

Ki sa n fè pou n ede frè nou yo lè gen katastwòf?

Lè gen katastwòf, san pèdi tan, nou bay èd materyèl ak espirityèl e nou bay konsolasyon. Ki fason n fè sa?

LESON 19

Kiyès ki esklav fidèl ki prevwayan an?

Jezi te pwomèt li t ap chwazi yon esklav ki pou bay manje espirityèl nan bon moman an. Ki jan l te fè sa?

LESON 20

Ki jan Kolèj santral la fonksyone jodi a?

Nan premye syèk la, se yon ti gwoup ansyen ak apot yo ki te fòme kolèj santral kongregasyon kretyèn nan. E jodi a?

LESON 21

Ki sa Betèl la ye?

Betèl se yon kote espesyal ki gen yon objektif ki vrèman enpòtan. Aprann pi byen konnen moun k ap travay nan Betèl yo.

LESON 22

Ki sa yo fè nan biwo filyal la?

N ap byen kontan akeyi moun k ap vin vizite nenpòt nan biwo filyal nou yo. Nou envite w fè sa.

LESON 23

Ki fason yo ekri epi piblikasyon n yo e ki fason yo rive tradui yo?

Nou pwodui piblikasyon nan plis pase 750 lang. Poukisa nou fè tout efò sa yo?

LESON 24

Ki kote n jwenn lajan pou n fè tout depans nou genyen yo?

Nan kesyon lajan, ki sa k fè òganizasyon nou an pa menm ak lòt relijyon yo?

LESON 25

Poukisa n konstwi Sal Wayòm e ki jan n rive konstwi yo?

Poukisa Temwen Jewova yo rele kote y ap adore Bondye a Sal Wayòm? Aprann konn plis bagay sou fason kote sa yo ki byen senp ede kongregasyon nou yo.

LESON 26

Ki sa n ka fè pou n ede yo fè antretyen nan Sal Wayòm nan?

Yon Sal Wayòm ki pwòp e ki gen bon antretyen bay Bondye nou an glwa. Ki dispozisyon yo pran pou Sal Wayòm nan ka toujou pwòp?

LESON 27

Ki jan bibliyotèk ki nan Sal Wayòm nan ka itil nou?

Èske w ta renmen fè kèk rechèch pou w ka vin gen plis konesans sou Bib la? Vizite bibliyotèk ki nan Sal Wayòm nan.

LESON 28

Ki sa n ap jwenn sou sit Entènèt nou an?

Ou ka aprann plis sou sa nou kwè e ou ka jwenn repons pou kesyon ou genyen sou Bib la.

Èske w ap fè volonte Jewova?

Jewova renmen w toutbon. Ki jan w ka montre anvi fè l plezi nan lavi w chak jou?