Wayòm Bondye a ap dirije!

Gen plizyè milyon moun k ap viv an sekirite e ki gen kè kontan anba gouvènman Bondye a. Èske w ta renmen viv anba gouvènman Bondye a?

Lèt Kolèj santral la

Ki fason gwo deklarasyon Charles T. Russell te fè nan dat 2 oktòb 1914 la te yon verite?

CHAPIT 1

“Se pou wayòm ou an vini”

Jezi te plis pale sou Wayòm Bondye a. Ki fason e ki lè Wayòm nan ap vini?

CHAPIT 2

Wayòm nan tabli nan syèl la

Ki moun ki te prepare pèp Kris gen sou tè a pou Wayòm nan? Ki bagay ki montre Wayòm nan se yon gouvènman toutbon?

CHAPIT 3

Jewova fè konnen objektif li

Èske Wayòm nan te fè pati objektif Bondye te genyen okòmansman an? Ki fason Jezi te ede moun yo pi byen konprann Wayòm nan?

CHAPIT 4

Jewova glorifye non l

Ki sa Wayòm nan akonpli grasa non Bondye? Ki sa ou menm ou fè pou w patisipe nan fè non Bondye, ki se Jewova, vin sen?

CHAPIT 5

Wa a fè limyè klere sou Wayòm nan

Li atik sa a pou w pi byen konnen sa w dwe fè pou w viv anba gouvènman Bondye a.

CHAPIT 6

Moun k ap preche yo — Sèvitè Bondye yo ofri tèt yo volontèman

Ki sa k fè Jezi te gen konfyans li t ap jwenn yon lame moun ki ofri tèt yo volontèman pou preche nan dènye jou yo? Ki jan w montre w ap chèche Wayòm nan an premye?

CHAPIT 7

Metòd yo itilize pou yo preche: Yo itilize tout mwayen pou yo jwenn moun

Aprann kòman pèp Bondye a te sèvi ak teknoloji ki fèk parèt yo pou yo rive fè plis moun posib tande bon nouvèl la anvan lafen an vini.

CHAPIT 8

Zouti pou yo preche: Yo fè piblikasyon pou nou preche sou tout tè a

Ki jan travay tradiksyon an montre Jezi ap dirije nou? Ki jan fason piblikasyon nou yo touche moun yo fè w kwè wayòm nan egziste toutbon?

CHAPIT 9

Rezilta travay predikasyon an: “Jaden yo [...] blanch pou rekòt la”

Jezi te anseye disip li yo de leson enpòtan konsènan gwo rekòt espirityèl la. Ki efè leson sa yo gen sou nou jodi a?

CHAPIT 10

Wa a rafine pèp li a nan domèn espirityèl

Ki kote kwa a ak fèt Nwèl la soti?

CHAPIT 11

Amelyorasyon ki montre jan Bondye sen

Depi 1914, chanm gad ki nan vizyon Ezekyèl te fè konsènan tanp lan ansanm ak pòt antre yo gen yon siyifikasyon espesyal pou pèp Bondye a.

CHAPIT 12

Nou òganize pou n sèvi “Bondye lapè a”

Bib la pa fè konnen kontrè dezòd se lòd, men li fè konnen kontrè dezòd se lapè. Poukisa? Ki efè repons lan gen sou kretyen yo jodi a?

CHAPIT 13

Pwoklamatè Wayòm nan prezante ka yo devan tribinal

Nan epòk nou an, gen kèk jij nan gwo tribinal ki gen menm pwennvi ak Gamalyèl, yon ansyen pwofesè Lalwa.

CHAPIT 14

Yo kontinye soutni gouvènman Bondye a sèlman

Temwen Jewova yo te jwenn èd, yon kote yo pa t panse, kont pèsekisyon ki tankou “rivyè dlo” yo te lage sou do yo paske yo pa mele nan zafè politik.

CHAPIT 15

Yo goumen pou dwa yo genyen pou yo adore

Pèp Bondye a goumen pou dwa yo genyen pou yo obeyi prensip Wayòm nan.

CHAPIT 16

Nou reyini pou nou adore

Kòman nou ka pi byen pwofite reyinyon nou fè pou nou adore Jewova yo?

CHAPIT 17

Fason yo fòme moun k ap preche Wayòm nan

Ki jan lekòl teyokratik yo ede moun k ap preche Wayòm nan fè travay yo?

CHAPIT 18

Fason nou jwenn kòb pou travay Wayòm nan

Ki kote yo jwenn lajan? Ki fason yo sèvi ak kòb yo?

CHAPIT 19

Travay konstriksyon ki bay Jewova glwa

Lokal pou adore Bondye yo fè moun louwe Bondye, men se pa lokal la ki gen plis valè nan je l.

CHAPIT 20

Travay pote sekou a

Ki jan nou fè konnen travay pote sekou a fè pati sèvis sakre n ap bay Jewova a?

CHAPIT 21

Wayòm Bondye a pral detwi tout ènmi l yo

Ou ka prepare w kounye a pou batay Amagedòn nan.

CHAPIT 22

Wayòm nan fè volonte Bondye fèt sou tè a

Ki jan w ka gen konfyans pwomès Jewova yo ap reyalize?