“Rete nan lanmou Bondye”

Liv sa a ap ede w kontinye aplike prensip biblik yo nan lavi w, e sa ap pèmèt ou rete nan lanmou Bondye.

Lèt Kolèj santral la

Kolèj santral Temwen Jewova yo ankouraje tout moun ki renmen Jewova pou yo suiv egzanp Jezi ki te rete nan lanmou Papa l.

CHAPIT 1

“Men sa lanmou pou Bondye vle di”

Nan yon fraz ki byen senp, Labib esplike ki jan nou ka montre nou renmen Bondye.

CHAPIT 2

Ki sa nou ka fè pou konsyans nou rete klè?

Èske li posib pou konsyans nou klè si li pa pwòp nan je Bondye?

CHAPIT 3

Renmen moun Bondye renmen

Jewova pa chwazi nenpòt moun kòm zanmi, nou dwe fè menm jan an.

CHAPIT 4

Poukisa nou dwe respekte otorite?

Labib montre twa domèn enpòtan nan lavi a kote Bondye mande pou n respekte otorite.

CHAPIT 5

Fason pou nou rete separe ak monn nan

Pawòl Bondye a idantifye senk fason nou dwe rete separe ak monn nan.

CHAPIT 6

Fason pou nou chwazi bon divètisman

Twa kesyon ki kapab ede w fè bon chwa.

CHAPIT 7

Èske w bay lavi enpòtans menm jan ak Bondye?

Èske kesyon sa a ale pi fon pase annik pa pran lavi yon lòt moun?

CHAPIT 8

Bondye renmen moun ki pwòp

Bib la ka ede w pa pratike yon seri bagay ki kapab fè w pa pwòp nan je Jewova.

CHAPIT 9

“Kouri pou imoralite seksyèl”

Chak ane, gen plizyè milye kretyen ki fè imoralite seksyèl. Ki sa w ka fè pou w pa pran nan pyèj sa a?

CHAPIT 10

Maryaj se yon kado Bondye ki renmen nou an ban nou

Kòman w ka prepare w pou maryaj ou reyisi? Si w deja marye, ki sa w ka fè pou maryaj ou dire?

CHAPIT 11

“Se pou tout moun onore maryaj”

Sis kesyon ki ka ede w amelyore maryaj ou.

CHAPIT 12

Se pou n di pawòl “ki bon pou fòtifye moun”

Pawòl ou di kapab kraze lòt moun oubyen fòtifye yo. Se pou w aprann itilize kapasite w genyen pou w pale a, ki se yon kado, jan Jewova vle a.

CHAPIT 13

Fèt ki pa fè Bondye plezi

Gen kèk fèt ki gendwa sanble yo onore Bondye, men an reyalite yo pa fè l plezi.

CHAPIT 14

Se pou nou onèt nan tout bagay

Anvan nou onèt ak lòt moun, gen yon bagay pou nou fè anvan.

CHAPIT 15

Se pou nou gen kè kontan pou travay di nou fè

Gen senk kesyon enpòtan ki kapab ede w si w ka aksepte yon travay.

CHAPIT 16

Se pou nou opoze ni ak Dyab la ni ak manèv li yo

Nou rekonèt Satan pisan, men nou pa plede ap reflechi sou sa. Poukisa?

CHAPIT 17

“Fòtifye nou nan lafwa nou ki sen anpil”

Twa bagay ki kapab ede w fòtifye lafwa w pou w ka rete nan lanmou Bondye.

APENDIS

Fason pou nou konpòte nou ak yon moun ki eskominye

Èske li vrèman nesesè pou nou evite tout kontak ak moun sa yo?

APENDIS

Ki lè yon kretyèn dwe kouvri tèt li, e pou ki rezon?

Bib la idantifye twa bagay ki kapab ede w bay yon repons.

APENDIS

Salye drapo, vote, fè sèvis sivil

Ki prensip ki nan Bib la ki kapab ede w pou konsyans ou rete klè anrapò kesyon sa yo?

APENDIS

Fraksyon san ak kèk teknik yo konn itilize lè y ap fè operasyon

Si w fè kèk bagay byen senp, w ap kapab fè fas ak pwoblèm sante w genyen.

APENDIS

Fason pou yon moun venk mastibasyon

Ki jan w ka rive venk pratik sa a ki pa pwòp?

APENDIS

Pwennvi Bib la sou divòs ak separasyon

Selon Labib, ki lè yon moun ki divòse lib pou l remarye?

APENDIS

Fason pou nou rezoud pwoblèm nan kesyon biznis

Èske yon kretyen kapab mennen kretyen parèy li nan tribinal?