Konsantre w sou lekti w ap fè ak ansèyman w ap bay

Yo fè bwochi sa a pou ede w amelyore kapasite w genyen pou w fè lekti an piblik, pou w aprann byen pale ak anseye.

Lèt Kolèj santral la

N ap anseye mesaj ki pi enpòtan lèzòm potko janm tande a.

LESON 1

Fè yon bon entwodiksyon

Yon bon entwodiksyon gen twa objektif.

LESON 2

Pale tankou lè w ap fè konvèsasyon

Si w pale tankou lè w ap fè konvèsasyon, w ap met moun k ap koute w yo alèz e w ap ede yo konprann mesaj w ap bay la.

LESON 3

Sèvi ak kesyon

Poze kèk kesyon avèk tak pou w kapte atansyon moun yo e pou w met aksan sou pwen enpòtan yo.

LESON 4

Byen entwodui vèsè yo

Chèche konn fason pou w prepare lespri moun k ap koute w yo anvan w li yon vèsè.

LESON 5

Li yon fason ki egzak

Li yon fason ki egzak se yon aspè enpòtan pou n fè moun yo gen konesans sou Jewova.

LESON 6

Aplike vèsè yo yon fason ki klè

Ede moun k ap koute w yo wè rapò ki genyen ant vèsè w li a ak pwen w vle fè parèt la.

LESON 7

Bay enfòmasyon ki egzak e ki konvenk moun

Lè w bay prèv ki egzak e ki konvenk moun sa ap ede yo fè konklizyon ki kòrèk la.

LESON 8

Sèvi ak egzanp ki touche kè moun

Amelyore ansèyman w grasa kèk egzanp tou senp k ap touche kè moun k ap koute w yo e k ap anseye yo pwen enpòtan yo.

LESON 9

Byen sèvi ak bagay moun yo ka wè

Sèvi ak bagay moun yo ka wè pou w ede yo pi byen sonje sa w ap di a.

LESON 10

Fè varyasyon nan son vwa w

Varye vitès, ton ak volim vwa w pou w montre sa w santi e pou w pouse moun yo aji.

LESON 11

Mete vi nan sa w ap di

Lè w mete vi nan sa w ap di sa montre tout sa w santi e sa ede w kapte atansyon moun k ap koute w yo.

LESON 12

Pale ak tout kè w epi mete w nan plas moun yo

Si w pale ak bonjan santiman, ou montre moun k ap koute w yo ou gen sousi pou yo.

LESON 13

Montre moun yo aklè ki jan sa yo aprann nan ap itil yo

Ede moun k ap koute w yo konprann ki efè sijè w ap prezante a gen sou lavi yo, epi montre yo ki sa pou yo fè ak sa yo aprann nan.

LESON 14

Fè pwen prensipal yo parèt byen klè

Ede moun yo suiv diskou w ap fè a, epi montre aklè ki jan chak pwen prensipal gen rapò ak objektif ou fikse a ansanm ak tèm nan.

LESON 15

Pale ak konviksyon

Pale ak konviksyon. Montre w kwè toutbon sa w ap di a enpòtan.

LESON 16

Se pou w ankourajan e se pou w pozitif

Se pou w pozitif olye w ap kritike. Atire atansyon moun yo sou verite ankourajan ki nan Pawòl Bondye a.

LESON 17

Sa w ap di yo dwe fasil pou moun konprann

Ede moun k ap koute w yo konprann sans mesaj ou a. Prezante pwen prensipal yo yon fason ki klè.

LESON 18

Enstwi moun k ap koute w yo

Ankouraje moun k ap koute w yo pou yo reflechi epi ede yo aprann yon bagay ki gen anpil valè.

LESON 19

Fè efò pou w touche kè moun yo

Ankouraje moun k ap koute w yo pou yo renmen Bondye ak Pawòl li a, Labib.

LESON 20

Fè yon bon konklizyon

Yon bon konklizyon ap ede moun k ap koute w yo pou yo aksepte sa yo aprann yo e pou yo aplike yo.

Note pwogrè w fè

Note pwogrè w fè toutpandan w ap fè efò pou w amelyore lekti w ap fè ak ansèyman w ap bay.

Lòt sijè ki enteresan

SERI VIDEYO

Konsantre w sou lekti w ap fè ak ansèyman w ap bay — Videyo

Devlope kalite k ap ede w fè lekti epi anseye devan anpil moun.