Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

BAGAY KI NAN ACHIV NOU

N ap aprann moun li ak ekri toupatou nan monn nan

N ap aprann moun li ak ekri toupatou nan monn nan

 Men sa Agostinho k ap viv nan peyi Brezil fè konnen: “Mwen te leve nan yon fèm nan peyi a. Nou te pòv anpil. Mwen te oblije kite lekòl pou m te ka travay, pou m te ka ede nan pran swen fanmi an.” Se jis lè Agostinho te gen 33 an li te aprann li ak ekri. Men sa l di: “Lefètke mwen te aprann li ak ekri, sa ede m gen plis estim pou tèt mwen.”

 Agostinho se youn pami plis pase 250 000 moun Temwen Jewova yo te aprann li ak ekri nan espas 70 an ki sot pase yo. Poukisa Temwen Jewova yo fè lekòl alfabetizasyon? Ki byenfè moun yo jwenn grasa fòmasyon sa yo?

Li pi difisil pou w aprann yon bagay si w pa konn li ak ekri

 Ozanviwon ane 1935, Temwen Jewova yo t ap preche bon nouvèl la nan 115 peyi. Pou misyonè yo te kapab touche kè moun yo nan diferan lang, yo te konn pase yon seri diskou biblik ki anrejistre nan lang moun yo rankontre yo pale. Nan kèk ka, yo te menm konn ofri moun yo piblikasyon nan lang yo. Byenke anpil moun te vrèman enterese aprann plis sou Bib la, anpil nan yo pa t ka fè sa paske yo pa t konn ni li ni ekri.

 Lè yon moun pa ka li Bib la poukont li, li difisil pou li pou l aprann aplike prensip ki nan Bib la nan lavi l (Jozye 1:8; Sòm 1:2, 3). Li vin difisil tou pou l ranpli responsablite l genyen antanke kretyen. Pa egzanp, si yon paran pa konn li, sa ap mande plis efò pou l rive anseye pitit li sa Bib la di (Detewonòm 6:6, 7). Mete sou sa, yon moun ki pa Temwen Jewova lontan e ki pa konn li ap limite nan fason l sèvi ak Bib la pou l anseye lòt moun.

Yo lanse yon kanpay alfabetizasyon

 Nan ane 1940 ak 1950 yo, Nathan H. Knorr ak Milton G. Henschel, de nan moun ki te pran latèt nan òganizasyon Temwen Jewova yo, te vwayaje nan divès peyi pou yo te kapab òganize travay predikasyon an. Nan peyi kote anpil moun pa t konn li ak ekri, yo te ankouraje biwo filyal peyi sa yo òganize lekòl alfabetizasyon nan chak kongregasyon.

Yon liv pou ede moun aprann li nan lang sinyannja te parèt nan yon asanble ki te fèt nan vil Chingola, nan peyi Zanbi nan ane 1954.

 Biwo filyal yo te voye enstriksyon bay kongregasyon yo pou di yo ki jan klas yo dwe fèt. Nan kèk peyi, gouvènman yo te deja gen yon seri pwogram filyal yo te kapab itilize. Pa egzanp, nan peyi Brezil, gouvènman an te fè biwo filyal la jwenn materyèl ak liv pou yo te ka fè lekòl la, e biwo filyal la bò kote pa l te voye bagay sa yo nan chak kongregasyon. Alòske nan kèk lòt peyi, se Temwen Jewova yo ki te oblije prepare pwòp pwogram alfabetizasyon pa yo.

 Tout kalite moun te ka vin nan lekòl sa yo, gason kou fi, jèn kou granmoun. Objektif la se te aprann yo li nan lang pa yo, menmsi pafwa sa te mande pou yon kongregasyon òganize plizyè klas nan diferan lang moun yo pale yo.

Yon pwogram ki ede moun yo

 Ki byenfè moun yo jwenn grasa pwogram alfabetizasyon sa a? Yon sè Temwen Jewova k ap viv nan peyi Meksik fè konnen: “Kounye a m kapab konprann Bib la, e sa pèmèt li touche kè m. Lefètke m konn li ak ekri, m vin ka pale ak vwazen m yo san m pa pè, e m ka pale ak plis moun konsènan mesaj ki nan Bib la.”

 Pwogram alfabetizasyon an pa sèlman ede moun yo aprann sa Bib la anseye. Men sa Isaac, k ap viv nan peyi Bouwoundi, fè konnen: “Lefètke m aprann li ak ekri, sa te ede m ogmante konesans mwen nan domèn konstriksyon. Mwen te kapab fè karyè nan domèn sa a, e kounye a, m ap sipèvize yon seri gwo pwojè konstriksyon.”

Yon klas kote y ap aprann kèk moun lang chichewa, nan peyi Malawi, nan ane 2014.

 Jesusa, k ap viv Pewou, te gen 49 an lè l te kòmanse ale nan lekòl alfabetizasyon an. Men sa l di: “Pou m rive pran swen fanmi m, mwen dwe anmezi pou m li non bagay m al achte yo ak pri ki make sou yo a. Lontan, se te yon gwo defi pou mwen. Men grasa lekòl alfabetizasyon an, m santi m pi alèz lè m al fè mache pou fanmi an.”

 Pandan ane ki pase yo, otorite nan gouvènman nan plizyè peyi te felisite Temwen Jewova yo pou travay yo te fè pou ede plis moun aprann li ak ekri nan peyi yo. Jodi a, Temwen Jewova yo toujou kontinye òganize lekòl alfabetizasyon. Yo itilize yon seri pwogram ak zouti yo kontinye ap amelyore tank ane yo ap pase. Yo te prepare e yo te enprime anviwon 224 milyon bwochi nan 720 lang pou yo ede moun aprann li ak ekri oswa pou yo ede moun ki pa twò fò nan li ak ekri. a

a Pa egzanp, bwochi ki gen tit Fè jefò pou w konn li ak ekri a disponib nan 123 lang, e bwochi ki gen tit Koute Bondye a disponib nan 610 lang.