Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CAMILLA ROSAM | BYOGRAFI

Mwen te fikse tèt mwen objektif pou m toujou obeyi Jewova

Mwen te fikse tèt mwen objektif pou m toujou obeyi Jewova

 Granparan m yo te aprann verite konsènan Wayòm Jewova a an 1906 tousuit apre yo te fin pèdi yon pitit gason yo ki te gen difteri. Doktè a se te yon Etidyan Labib, jan yo te rele Temwen Jewova yo nan epòk la. Li te konsole yo lè l te pale yo de esperans Bib la bay, sitou esperans rezirèksyon an. Se konsa, granparan m yo, manman m ansanm ak sè manman m nan te vin Etidyan Labib tou.

 Pandan anpil ane, yo tout te chofe pou laverite. Medam yo te menm gen privilèj ede moun jwenn plas pou yo chita lè yo te pase “Foto dram kreyasyon” an Chicago, nan Ilinwa, Ozetazini. Malerezman, se sèl manman m ki te kontinye sèvi Jewova. Sa pa t fasil pou li paske fanmi an te pwòch anpil, e yo te sèvi Jewova ansanm rive jis nan ane 1930 yo. Fason manman m te fidèl ak Jewova ak fason li te obeyi l te gen yon gwo efè sou mwen. Egzanp papa m te ede m tou, paske li menm tou, li te yon Etidyan Labib ki fidèl.

Foto fanmi m, 1948

 Mwen fèt an 1927, e se mwen ki premye pitit nan sis pitit paran m yo. Nou tout te rete nan laverite. Papa nou te yon bòs chapant, e nou te viv nan yon kay ki konfòtab nan yon ti zòn tousuit apre vil Chicago. Nou te gen yon gwo moso tè kote nou te plante legim e nou te konn gade poul ak kana.

 M te renman travay. Youn nan travay mwen nan kay la se te pyese chosèt ki chire yo. Jounen jodi a moun prèske pa pyese rad ankò, men nan epòk la, nou pa t konn jete chosèt ki gen twou yo. Nou te konn pyese yo ak egui ak fil. Se te yon bon bagay lefètke m te aprann fè sa, paske pi devan nan lavi m mwen te koud anpil.

Paran m yo te bay bon egzanp

 Papa m te asire l fanmi an pa t janm neglije bagay espirityèl yo. Nou te asiste tout reyinyon yo, nou te patisipe regilyèman nan travay predikasyon an e nou te konn egzamine yon vèsè chak jou. Samdi swa, nou te konn sèvi ak Toudegad pou etid Labib fanmi an.

 Pou papa m te ka bay vwazen yo temwayaj, li te mete yon ensiy elektrik nan fenèt salon an. Se frè yo ki te fè l e l te konn fè konnen ki diskou n ap genyen oswa li te konn pale sou youn nan piblikasyon nou yo. Limyè nan ensiy lan te konn flache, sa ki te atire atansyon moun k ap pase yo. Papa m te mete de gwo siy sou machin nou an tou.

Manman m k ap mennen nou preche ak fonograf.

 Papa m te anseye nou menm timoun enpòtans pou n obeyi Jewova e li te fè sa ni nan pawòl li ni nan aksyon l. Manman m te toujou soutni papa m e lè dènye ti sè m nan te gen senkan, manman m te vin kòmanse sèvi kòm pyonye. Li te rete nan sèvis la pandan tout rès tan li te fè ap viv e l te viv lontan. M ka di mwen te vrèman gen bon paran.

 Nan epòk la, fason nou te konn viv diferan nèt ak fason moun viv jodi a. Nou pa t gen televizyon, donk, mwen menm ak frè ak sè m yo te konn chita atè a [nan salon an] pou n koute yon seri emisyon enteresan yo te pase nan radyo. Men, sa fanmi an te pi renmen se te pwogram ki baze sou Bib la òganizasyon Jewova a te konn pase nan radyo.

Kongrè, fonograf ak pankat ki make ni devan ni dèyè

 Nou te renmen asiste kongrè yo. Nan kongrè ki te fèt an 1935 lan, nou te vin aprann “gwo foul moun” ki pase “gwo tribilasyon an” vivan yo pale de li nan Revelasyon 7:9, 14 la gen espwa pou viv nan Paradi a sou tè a pou toutan. Anvan 1935, toude paran m yo te konn manje nan anblèm yo nan Memoryal. Apre kongrè sa a, se sèl Papa m ki te kontinye manje ladan yo. Manman m te vin konprann esperans pa l se pa t pou l al dirije ak Kris nan syèl la, men pou l viv sou tè a pou toutan.

 An 1941, nan yon kongrè ki te fèt nan vil Senlwi, nan Misouri, frè Joseph Rutherford, ki te alatèt travay predikasyon an nan epòk la, te fè konnen gen yon nouvo liv ki rele Enfants ki disponib. Moun yo te bat gwo bravo pandan anpil tan. Mwen te gen 14 an e m te batize ane anvan an. Mwen sonje mwen te kanpe nan liy ak lòt timoun yo e m t ap mache pou m al pran liv pa m nan sou estrad la.

Mwen menm ak Lorraine, 1944.

 Nan epòk sa yo, fason nou te preche te diferan ak fason nou preche jodi a. Nan ane 1930 yo, nou te konn sèvi ak fonograf pou n pase diskou ki te deja anrejistre pou moun nou rankontre lakay yo. Anvan n al frape nan yon pòt, nou te konn asire nou plak la ak egui ki te sou li a te nan bon pozisyon. Lè mèt kay la soti vin ouvè pòt la, nou te konn fè yon prezantasyon tou kout epi nou te pase diskou biblik la ki te dire kat minit edmi, apre sa nou te ofri yon piblikasyon. Moun yo nan zòn nou an te konn koute avèk respè. M pa sonje okenn moun te janm fè malelve ak nou. Lè m te kòmanse sèvis pyonye a mwen te gen 16 an, papa m te ban pwòp fonograf pa m e m te kontan sèvi avè l nan predikasyon. Sè ki te patnè predikasyon m nan se te yon bon sè ki rele Lorraine.

 Yon lòt fason nou te konn preche se te yon gwoup frè ak sè ki t ap mache nan lari e ki t ap bay moun temwayaj. Pandan yon tan, yo te rele temwayaj sa a parad ak pankat, paske nou te gen de pankat: youn devan, youn dèyè. Pankat yo te konn gen yon seri pawòl sou yo tankou: “Relijyon se yon pyèj e se yon biznis”, “Sèvi Bondye ak Kris, Wa a”.

Yon foto ki montre lè nou te konn preche ak pankat.

 Reyinyon nou yo te prepare nou pou opozisyon e yo te fè nou konnen sa pou n di pou n defann laverite. E nou te vin jwenn opozisyon vre. Pa egzanp, premye fwa nou t al ofri piblikasyon nan yon zòn kote anpil moun al achte, lapolis te pran nou mete nan yon machin epi mennen nou nan pòs polis la. Yo te lage nou plizyè èdtan apre sa, nou te kontan paske yo te pèsekite nou dèske nou te obeyi Jewova.

Maryaj, Galaad ak sèvis militè

Mwen menm ak Eugene jou maryaj nou.

 Yon lè, Lorraine te prezante m yon frè ki rele Eugene Rosam li te rankontre nan yon asanble nan Mineyapolis, Minesota. Eugene te grandi Kiwès, nan Florid. Lè l te nan 2yèm ane klas segondè, yo te mete l deyò nan lekòl li paske l pa t dakò patisipe nan yon fèt patriyotik. Li te kòmanse sèvis pyonye menm kote a. Yon jou, li te rankontre ak yon ansyen kamarad klas li. Demwazèl la pa t ka konprann sa k fè yo te mete Eugene deyò, paske l te yon trè bon elèv. Repons ki baze sou Bib la li te bay te ankouraje demwazèl la pou l etidye Labib. Demwazèl la te pran laverite e l te vin yon sè ki fidèl.

Nan Kiwès, 1951.

 Mwen menm ak Eugene te marye an 1948. Nou te kòmanse sèvis pyonye nou antanke koup nan Kiwès. Annapre, yo te envite nou asiste 18yèm klas Lekòl Galaad la e nou te gradye nan kòmansman 1952. Kòm yo te anseye espayòl nan youn nan klas yo, nou te panse yo t ap voye nou kòm misyonè nan yon peyi ki pale espayòl. Men, se pa sa k te rive. Pandan nou te Galaad, gè Kore a te eklate e yo te rele Eugene pou l antre nan lame. Nou te sezi paske yo te deja ba li posiblite pou l pa antre nan lame lè Dezyèm Gè mondyal la. Men, akoz yo te rele l kounye a, nou te oblije rete Ozetazini. Mwen te kriye tèlman mwen te desi. Dezan apre, finalman, yo te bay Eugene posiblite pou l pa antre nan lame. Nou te aprann yon leson enpòtan lefètke nou pa t al sèvi kòm misyonè tousuit. Sa te aprann nou lè yon pòt fèmen devan w, Jewova ka ouvè yon lòt pou ou e se sa l te fè. Nou te jis bezwen pran pasyans.

Klas Galaad nou te asiste a.

Sèvis sikonskripsyon ak vwayaj pou Kanada!

 An 1953, alòske nou te pyonye nan yon kongregasyon espayòl nan Touksonn, nan Arizona, yo te asiyen nou pou n travay nan sèvis sikonskripsyon an. Tank ane yo t ap pase, nou te sèvi nan sikonskripsyon Owayo, Kalifòni ak vil Nouyòk. An 1958, nou te kòmanse sèvis distri a a nan Kalifòni ak Oregon. Nou te konn rete nan kay frè ak sè yo. Epi, an 1960, nou te ale Kanada kote Eugene te sèvi kòm enstriktè nan Lekòl ministè Wayòm pou ansyen nan kongregasyon yo. Nou te rete Kanada pou jis ane 1988.

 Youn nan pi bèl souvni mwen genyen pandan tan nou te fè Kanada a gen rapò ak yon fanmi mwen menm ak yon sè te rankontre nan predikasyon kay an kay. Nou te rankontre manman an, ki rele Gail. Li te di nou pitit gason l yo te fache paske granpapa yo te mouri. Yo t ap plede mande l: “Poukisa l mouri? Ki kote l ale?” Gail pa t gen repons kesyon sa yo. Se sa k fè, nou te li kèk vèsè Labib avè l pou ankouraje l e konsa, li te jwenn repons li t ap chèche yo.

 Nan epòk sa a, kòm Eugene t ap vizite kongregasyon an antanke siveyan sikonskripsyon, nou te sèlman pase yon semèn avèk yo. Men, sè ki te avè m nan te retounen vizite Gail. Ki rezilta sa te bay? Gail ak mari l te aksepte laverite ansanm ak twa pitiit gason yo: Christopher, Steve ak Patrick. Chris Kanada, li se yon ansyen. Steve se yon enstriktè nan lokal pou Lekòl biblik ki nan Palmkost, nan Florid. E Patrick se yon manm komite filyal nan Taylann. Mwen menm ak Eugene te rete bon zanmi ak fanmi sa a pandan tout ane sa yo. Mwen vrèman kontan dèske mwen te gen posiblite jwe yon wòl toupiti pou m ede yo konn Jewova.

Soti nan vizit nan lopital rive nan Komite lyezon ospitalye

 Pandan nou te Kanada a, Jewova te bay Eugene yon lòt privilèj ki vrèman enteresan e ki te bay bon rezilta. Kite m pale nou de sa.

 Sa gen kèk ane, moun te mal konprann pozisyon nou anrapò ak kesyon san an e sa te lakòz moun fè anpil kòmantè negatif sou nou. Nan tout Kanada te gen jounal ki t ap rakonte yon seri istwa kòmkwa Temwen yo kite pitit yo mouri paske yo pa vle ba yo san. Mari m te gen privilèj pou l fè moun yo konnen pawòl sa yo se manti.

 Yon tikras tan anvan kongrè entènasyonal ki te fèt Boufalo, Nouyòk an 1969 la, Eugene ansanm ak plizyè lòt frè te ale nan tout gwo lopital nan zòn nan pou yo fè yo konnen t ap gen anviwon 50 000 Temwen Jewova k ap soti Kanada ak nan tout zòn Etazini pou asiste kongrè a. Donk, yo te vle doktè yo byen konprann pozisyon nou anrapò ak san an e pou yo wè li pa derezonab pou si jamè ta gen yon ijans. Frè yo te bay doktè yo atik ki soti nan yon seri jounal moun byen konnen ki pale sou fason pou yo trete moun san yo pa ba yo san. Doktè yo te byen reyaji e sa te ankouraje Eugene ak kèk lòt frè pou yo pran inisyativ vizite lopital yo nan peyi Kanada. Epitou, yo te ede frè yo nan zòn nan pou pi byen jere ijans nan domèn medikal.

 Tikras pa tikras, tout efò sa yo te bay rezilta. Anfèt, sa te mennen nan yon bagay nou pa t ap janm imajine! Ban m esplike nou.

Mwen te renmen travay nan sèvis kouti a.

 Nan mitan ane 1980 yo, Eugene te resevwa yon apèl frè Milton Henschel ki t ap sèvi nan Syèj mondyal la, nan Nouyòk. Kolèj santral la te vle pou frè ki te deja gen yon pwogram Ozetazini k ap bay doktè yo enfòmasyon k ap byen mache pou yo fè menm bagay la nan lòt peyi. Se konsa, mwen menm ak Eugene te bwote al rete Bwouklin, e an janvye 1988, Kolèj santral la te mete yon depatman sou pye nan Syèj mondyal la ki rele Sèvis enfòmasyon ospitalye. Annapre, mari m ansanm ak de lòt frè te jwenn asiyasyon pou yo fè seminè pou frè yo. Yo te kòmanse Ozetazini, annapre yo te fè yo nan lòt peyi. Anvan lontan, yo te mete sou pye Depatman enfòmasyon ospitalye nan plizyè filyal ak Komite lyezon ospitalye nan plizyè vil. Mwen pa ka imajine kantite Temwen Jewova ak pitit yo ki te benefisye bèl aranjman sa a ki demontre lanmou Jewova te mete sou pye. Lè Eugene t ap fè seminè yo e l t ap vizite lopital yo, mwen te konn travay nan Betèl yo e byen souvan, se te konn nan kouti oswa nan kuizin.

Yon klas pou Komite lyezon ospitalye, Japon.

Pi gwo eprèv mwen te jwenn

 An 2006, mwen te jwenn pi gwo eprèv nan lavi m lè Eugene mouri. Se pa ti sonje m sonje l! Ki sa ki ede m andire eprèv sa a? Gen plizyè bagay ki ede m. Pa egzanp, mwen priye e m li Bib la regilyèman, sa ki ede m rete pwòch ak Jewova. Mwen koute kòmantè fanmi Betèl la fè chak maten sou tèks pou jounen an. Mwen li tout chapit nan Bib la kote vèsè a soti a. Mwen kontinye fè travay mwen nan Betèl la nan Depatman kouti a, e m konsidere travay sa a kòm yon privilèj. Kèk ane anvan sa, mwen te gen posiblite ede fè rido pou Sal asanble nan Noujèze ak nan Nouyòk. Kounye a, mwen nan Betèl Fichkil la e mwen ranje rad oswa lòt travay ki pa twò gwo. b

 Pou mwen, bagay ki pi enpòtan nan lavi a se renmen Jewova, fè sa li menm ak òganizasyon l lan mande m fè (Ebre 13:17; 1 Jan 5:3). Mwen kontan dèske mwen menm ak Eugene te bay bagay sa yo premye plas nan lavi nou. Se sa k fè, mwen gen konfyans total Jewova ap beni nou lè l ban nou lavi pou toutan nan paradi a sou tè a, e youn nan benediksyon yo, se pral kè kontan n ap genyen lè youn pral wè lòt ankò. — Jan 5:28, 29.

a Siveyan sikonskripsyon yo vizite kongregasyon yo, men siveyan distri a vizite sikonskripsyon yo e l bay diskou nan asanble sikonskripsyon yo.

b Sè Camilla Rosam mouri an mas 2022 pandan nou t ap prepare atik sa a. Li te gen 94 an.