Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

DAVID MAZA | BYOGRAFI

Trajedi frape fanmi an, men nou gen kè kontan ankò

Trajedi frape fanmi an, men nou gen kè kontan ankò

Apre m te fin etidye Labib e m te aplike prensip li yo, m te vin jwenn yon bagay m pa t janm panse k te posib anvan sa: kè kontan nan fanmi m. Madanm mwen avè m, ansanm ak twa pitit nou yo, te ini pandan n ap sèvi Jewova ak tout kè nou.

Nou pa t prepare pou trajedi ki t apral frape fanmi an nan dat 24 avril 2004 la.

 Lè Kaye, madanm mwen, te fè premye pitit fi nou an, Lauren, m pa t konnen ki jan pou m montre m se yon bon papa. Lè dezyèm pitit nou an te fèt, yon tigason ki rele Michael, m te santi m menm jan an tou. Maryaj paran m yo pa t mache byen, toutan yo te nan diskisyon. Finalman, yo te divòse. Se vre, m te vle pou m te yon bon chèf fanmi, men, m pa t konn ki jan pou m te fè sa.

 Sa k te pi grav la, lè m te jèn, m te esklav alkòl avèk dwòg. E pi devan, lavi m te vin san kontwòl. Mete sou sa, m te konn jwe jwèt lajan, sa te konn fè m pran anpil move desizyon. Bagay yo te vin pi mal lè Kaye, madanm mwen, te kite m. Li te ale ak toude timoun yo. Sa te kraze m nèt.

 Mwen te mande Kaye ki sa pou m fè pou l retounen. Lè sa a, li te gentan kòmanse etidye Labib avèk Gloria, yon Temwen Jewova. Repons li an te senp e l te dirèk: “Etidye Labib.” M pa t konnen sa sa vle di, men m te aksepte paske m te vle pou l retounen, e m te dakò pou m rankontre ak Gloria avèk Bill, mari l.

Yon konvèsasyon ki te chanje lavi m

 Lè Bill ak Gloria te vin lakay la, sa te gen gwo efè sou mwen pou jan yo te pwòch youn ak lòt. M te aprann yo gentan gen gwo pitit ki gen apeprè menm laj avè m k ap fè yon seri bagay ki enpòtan nan lavi yo. Pou premye fwa, m te vin kòmanse panse Labib kapab ede n pou n gen kè kontan nan fanmi nou.

 Lè Bill avèk Gloria te vin vizite nou lakay nou an, yo te pale sou pwoblèm mwen yo. Yo te montre m ki sa Bib la di nan Galat 6:7: “Kèlkeswa sa yon moun simen, se sa l ap rekòlte tou.” M te di tèt mwen, ‘Si m te aplike prensip sa a nan lavi m, sandout mwen pa t ap gen tout tètchaje m te genyen yo!’

Kaye ak David

 Tank tan t ap pase, m te vin wè lè m aplike prensip biblik yo, sa amelyore lavi m anpil. Mwen menm ak Kaye te sispann fimen, e m te jwenn èd pou m kite vye abitid m te genyen yo. An 1985, twazyèm pitit nou an te fèt. Se te yon tigason nou te rele David e nou te konn bay ti non Davey. Finalman, m te santi m konn sa pou m fè pou m vin yon bon papa.

Nou sèvi Jewova ansanm

 Antanke paran, mwen menm ak Kaye, nou te vin wè lè nou ede timoun nou yo pou yo renmen Jewova, nou menm tou, nou vin pi pwòch ak Jewova. Nou aprann anpil bagay nan piblikasyon nou yo, pa egzanp nan Annou koute gran Anseyan an! Pandan tout tan sa a, fanmi ki gen nan kongregasyon an te sèvi kòm yon bon modèl ni pou nou ni pou timoun nou yo.

Michael ak Diana, madanm li

 Rive yon lè, tout timoun nou yo te nan sèvis pyonye. Nan kòmansman ane 2004 la, Lauren te nan yon kongregasyon espayòl. Michael li menm te fèk kite Betèl la pou l marye e li menm avèk madanm li Diana, t apral deplase pou y al kontinye preche nan tèritwa Guam. Davey te gen 19 an. Li te fèk deplase al Repiblik dominikèn pou l al preche la.

 Mwen menm ak Kaye te fyè de pitit nou yo pou chwa yo te fè nan lavi yo. Nou te santi se kòmsi n ap viv pawòl nou jwenn nan 3 Jan 4 la: “Pa gen anyen ki fè m pi kontan pase lè m tande pitit mwen yo kontinye ap mache nan laverite.” Nou pa t konnen si lavi nou t apral chanje avèk yon apèl.

Yon trajedi ki lage nou nan tristès

 Jou ki te 24 avril 2004 la, mwen menm avèk Kaye te soti avèk kat lòt moun pou n al manje ansanm. E piske restoran an te nan yon distans plis pase 100 kilomèt parapò ak kay nou, nou toule sis te ale nan machin mwen an. Lè nou fin manje, mwen te depoze lòt moun yo nan yon lòt restoran pou nou pran yon ti desè e mwen menm, mwen t al pake machin nan. Se lè sa a telefòn mwen te sonnen. Se te yon zanmi. Nan vwa l, m te ka santi l pa t anfòm.

 Li di m: “Gen yon bagay grav ki rive. Davey fè aksidan.”

 M mande l: “Èske l grav?” Toutpandan m te pè sa l t apral di m nan.

 Pou kòmanse li pa t ka di m sa k rive a. Apre sa, li di m Davey mouri.

 Apre m te fin rakwoche telefòn nan, m te priye Jewova pou l ban m fòs. Apre sa, m te antre anndan restoran an e m te di lòt moun yo m pa santi m twò byen, l ap pi bon si n antre lakay nou. M pa t vle di Kaye sa k te rive Davey a devan lòt moun yo.

 Inèdtan edmi m te fè ap kondui pou n retounen lakay la te difisil anpil. M te ka tande Kaye k ap pale ak kè kontan ak moun yo pou l di yo jan l ap kontan lè Davey retounen vin wè nou. Pandan tan sa a, pandan Kaye potko menm konnen si pitit gason nou an te mouri, te gen yon pakèt mesaj kondoleyans ki te gentan ap monte sou telefòn mwen.

 Lè m te fin depoze lòt moun yo, m te retounen lakay nou. Kaye te annik gade m li te gentan konprann gen yon pwoblèm. Li mande m: “Sa k genyen?” M te konnen pawòl m t apral di yo t apral kraze Kaye menm jan apèl m te resevwa dezèdtan anvan sa a te kraze m nan.

N ap fè fas avèk tristès nou

 Mwen menm ak Kaye te rankontre lòt difikilte anvan sa, e nou te konnen Jewova ap toujou soutni pèp li a (Ezayi 41:10, 13). Men, fwa sa a, se te yon lòt kalite eprèv. M te kontinye ap panse ‘Kòman sa fè rive Davey, yon moun ki fè anpil travay konsa pou Jewova? Poukisa Jewova pa t pwoteje l?’

 Sa te kraze lòt timoun yo tou. Lauren te kòm yon dezyèm manman pou Davey e nouvèl lanmò Davey te boulvèse l. Sa te difisil pou Michael tou. Menm lè li te gentan kite kay la depi prèske senkan, li te vin rann li kont jan ti frè l la te vin yon moun ki gen matirite.

 Depi lè sa te rive, kongregasyon an te toujou la pou l sipòte nou. Pa egzanp, toutpandan Kaye t ap reprann li apre chòk pitit nou an ki mouri a, anpil zanmi nan kongregasyon an te la pou yo sipòte nou, pou yo rekonfòte nou (Pwovèb 17:17). M pap janm bliye lanmou yo te demontre pou nou!

 Pou nou fè fas avèk chagren nou, mwen menm ak Kaye te kenbe tout aktivite espirityèl nou yo, tankou lapriyè, etidye Labib ak asiste reyinyon yo. Sa pa t fè doulè nou sispann. Men, nou te konnen li enpòtan pou nou kontinye fè aktivite k ap ede nou pou relasyon nou ak Jewova rete djanm. — Filipyen 3:16.

Lauren ak Justin, mari l.

 Pandan tan sa a, Michael ak Diana te vin rete pi pre lakay la e Lauren li menm te retounen nan kongregasyon anglè a. E lefètke nou te kapab pase plizyè ane ansanm sa te ede nou pou nou kòmanse geri. Lè Lauren te vin marye apre sa, Justin, mari l, te ede nou anpil tou.

Yon vwayaj ki difisil

 Yon tikras tan apre lanmò Davey, nou te franchi yon lòt etap ki te ede nou lite kont chagren nou an. Se te yon vwayaj ki difisil anpil men ki t ap pote anpil benediksyon. Kaye ap rakonte nou.

 “Lè mari m te di m Davey mouri, se kòmsi m te tonbe nan yon twou nwa, e m te rete pandan yon bon tan konsa. M te tèlman chagren, m pa t menm ka fè aktivite m te konn fè chak jou yo. M t ap kriye toutan. Franchman, pafwa m te konn santi m an kòlè kont Jewova e kont tout moun ki vivan toujou. M te gen enpresyon m te pèdi ekilib mwen.

 “M te vle vwayaje al Repiblik dominikèn. M te vle ale kote Davey t ap sèvi Jewova nan dènye mwa l t ap viv yo. E anmenmtan, m te santi m frajil. M potko santi m prè pou m fè vwayaj sa a.

 “Yon bon zanmi te ede m lè l te di m zanmi Davey te gen nan Repiblik dominikèn yo t ap soufri tou, e yo te bezwen rankontre ak fanmi Davey yo. Ankourajman l te ban mwen an te ban m fòs pou m monte avyon an.

 “Vwayaj sa a, se egzakteman sa fanmi nou an te bezwen. Sa te fè nou konprann jan Davey te gen yon bon relasyon ak Jewova. Sèl ansyen ki nan kongregasyon Davey te ye a te di nou Davey se te yon moun serye li te toujou fè tout sa l kapab pou l akonpli responsablite l yo.

 “Pandan nou t ap mache nan lari kot Davey te rete a, moun yo te vin rankontre nou, yo te pale avèk nou sou bon bagay Davey te fè pou yo. M te toujou konnen Davey se yon moun ki janti, men eksperyans sa a te fè m konprann jan Davey t ap fè anpil efò pou l mache sou tras Jezi te kite yo.

Davey, pandan l t ap sèvi nan Repiblik dominikèn.

 “Nou te rankontre youn nan etidyan Labib Davey yo, se te yon mesye ki te malad, ki pa t ka soti, li te rete nan yon ti kay toupiti. Se te yon mesye ki te pòv, men frè ak sè yo te di nou jan Davey te toujou trete mesye a avèk anpil respè. Sa te fè m fyè de Davey!

 “Vwayaj sa a se te vwayaj ki te pi difisil pou mwen. Men, sa te pèmèt nou kriye ak moun ki te konnen Davey yo epi pou youn konsole lòt. Sa te fè nou santi nou yon tikras pi byen.”

Egzanp Davey a ankouraje yo

 Nan Reveye n! 8 janvye 2005 lan, gen yon atik ki te pale de sèvis Davey nan Repiblik dominikèn ak lanmò l. Nan epòk sa a, fanmi an pa t konnen ki jan atik sa a t apral ede moun ki pral li l yo. Pa egzanp, an me 2019, gen yon frè ki rele Nick ki te kontakte nou epi li te di nou:

 “Nan finisman ane 2004, m te nan inivèsite e m pa t gen okenn objektif nan sèvis Jewova a. M pa t gen kè kontan. M te priye Jewova, m te mande l pou l ede m pou m kapab byen itilize tan m pandan m jèn nan. Yon tikras tan apre, m te li eksperyans Davey a nan Reveye n! nan. Se te repons priyè m!

 “M te kite inivèsite a, e m te kòmanse sèvi kòm pyonye. M te vin gen objektif pou m aprann espayòl pou m deplase al sèvi nan yon peyi etranje. Apre kèk tan, m te al sèvi nan peyi Nikaragwa. M te asiste Lekòl pou evanjelizatè Wayòm yo avèk madanm mwen. Lè gen moun ki mande m ki sa k te pouse m vin pyonye, m rakonte yo eksperyans Davey a.”

 Nou te vin gen yon lòt sipriz ankò lè nou te rankontre yon sè ki rele Abi, nan menm otèl kote nou te ye a lè nou te delege nan kongrè entènasyonal ki t ap fèt Bwenozè, ann Ajantin, nan ane 2019 la. Lannmou l ak jantiyès li te gen gwo efè sou nou. Ni mwen ni Kaye te santi li fè nou sonje Davey.

Eksperyans Davey a te pouse Abi pou l antre nan sèvis aplentan an e pou l deplase al nan yon tèritwa ki lwen.

 Lè nou te retounen nan chanm otèl nou an, nou te voye lyen Reveye n! ki pale de Davey a bay Abi. Kèk minit apre, Abi te reponn nou. Li te bezwen vin pale avèk nou. Nou te rankontre nan saldatant otèl la. E la, Abi te di nou avèk dlo nan je, se eksperyans Davey a ki te pouse l vin pyonye an septanm 2011 e pou l al sèvi nan yon tèritwa izole. Li di: “Chak fwa m gen difikilte, mwen reli atik sa a.” Li te menm gen vèsyon enprime a nan men l!

 Eksperyans sa yo montre nou fè pati yon fanmi ki sou tout kò tè a. Pa gen okenn gwoup moun sou tè a ki gen inite menm jan ak sèvitè Jewova yo!

 Mwen menm ak Kaye te jwenn anpil ankourajman lè nou te wè gwo efè Davey te gen sou lòt moun yo. Vrèmanvre, se menm bagay la pou tout lòt jèn k ap depanse yo nan sèvis Jewova a. Petèt san yo pa rann yo kont, yo touche lòt moun k ap gade yo. Yo ankouraje lòt moun avèk zèl yo ak egzanp yo. Yo motive lòt moun pou yo vin sèvi Jewova, pou yo bay Jewova sa yo genyen ki pi bon an.

“Pou li, yo tout vivan”

 Nan Lik 20:37, Jezi te site pawòl Jewova yo lè Jewova te di li se “‘Bondye Abraram, Bondye Izarak ak Bondye Jakòb’ la”. Jewova pa t di li te Bondye yo lè yo te vivan, men li toujou Bondye yo. Poukisa? Men sa Jezi di nan vèsè 38 la: “Pou li, yo tout vivan.”

 Nan je Jewova, tout sèvitè fidèl li ki mouri yo vivan, sa montre jan Jewova gen gwo anvi pou l resisite yo (Jòb 14:15; Jan 5:28, 29). M gen konfyans Jewova santi l menm jan an pou Davey tou e pou tout lòt sèvitè l yo k ap dòmi nan lanmò.

 Se vre, mwen anvi wè Davey, men gen yon bagay mwen plis anvi wè, se pou Kaye rejwenn pitit li a. M pa janm wè yon moun soufri konsa. Pawòl ki nan Lik 7:15 lan gen anpil siyifikasyon pou mwen: “Epi mò a leve chita, li kòmanse pale, epi Jezi remèt manman l li.”

 An septanm 2005, m t al jwenn Kaye nan sèvis pyonye a. Ala yon bèl privilèj sa ye pou mwen, pou m sèvi antanke pyonye bò kote madanm mwen ansanm avèk pitit mwen yo ak moun yo marye yo. Antanke yon fanmi ki ini, nou youn soutni lòt e nou rete konsantre sou bèl espwa monn nouvo a, kote nou pral reyini ansanm ak Davey nou an.