Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

JAY CAMPBELL | BYOGRAFI

Mwen soti byen ba pou m monte byen wo

Mwen soti byen ba pou m monte byen wo

 Lè m te piti, mwen te timid anpil. Mwen te pito ret anndan, mwen te konn kache pou moun, e souvan mwen te santi m pa gen okenn valè. Mwen pa t fasil pale ak moun an piblik, paske m te pè pou yo pa imilye m. Kite m rakonte nou istwa m.

 Nan mwa out 1967, alòske mwen te yon timoun 18 mwa ki an sante e ki te pase yon bon jounen, mwen te vin gen yon gwo lafyèv. Nan demen, lè m leve, janm mwen te fèb. Tès yo te fè pou mwen nan lopital Freetown, nan Syeraleyòn kote m t ap viv la, te montre mwen gen polyo, yon maladi se viris ki lakòz li e ki ka fè moun nan paralize, sitou timoun ki pi poko gen senkan. Terapi fizik pa t ede m rejwenn fòs nan janm mwen. Tikras pa tikras, yo te vin tèlman fèb, mwen pa t ka ni kanpe, ni mache. Papa m t ap plede di mwen se “yon mwatye moun” akoz andikap mwen an. Kòm se rale m te oblije rale pou m deplase e mwen te limite anpil, mwen pa t santi m gen okenn valè.

Lè m t ap grandi, mwen te konn rale atè

 M te grandi nan yon gwo lakou ak manman m ansanm ak plizyè lòt moun ki te pòv nan dènye degre. Moun yo te renmen m, men m te toujou anvi gen yon papa ki renmen m, paske papa m pa t renmen m. Gen moun ki te kwè maladi m nan pa t nòmal, yo te panse se fè yo t ap fè m. Gen yon kote ki te konn okipe timoun ki andikape, e gen moun ki te konn di manman m pou l depoze m devan pòt kote sa a. Yo te konn di l si l fè sa, li t ap libere paske m pa t ap yon chay pou li ankò. Manman m pa t janm okipe yo, li te toujou travay di pou l pran swen m.

 Kòm mwen pa t ka kanpe pou m mache, mwen te oblije rale. Men, nan rale atè, sa te konn lakòz mwen blese. Pou m pwoteje kò m, m te konn mete rad ki fèt ak twal pwès. Pou m pwoteje men m, mwen te konn sèvi ak pantouf ki te sèvi m gan. Annapre, m te sèvi ak moso bwa pou pi byen pwoteje men m lè m ap deplase. Pou m deplase, mwen te konn mete moso bwa yo devan m, apre sa, mwen rale rès kò m vini. Lè m resi fin fè yon “pa”, mwen te rekòmanse menm mouvman difisil la pou m ka avanse. Mwen te oblije fè anpil fòs sou bra m ak zepòl mwen. Mwen te tèlman oblije fè efò pou m deplase, sa te fè mwen prèske pa t janm kite lakou a. Mwen pa t ka al lekòl, nitou m pa t ka jwe ak lòt timoun. Mwen te konn mande tèt mwen ki jan m ap fè viv si manman m ta mouri.

 Mwen te priye Bondye pou m mande l ede m e pou l pa kite m vin yon mandyan. Mwen te santi si m te adore Bondye jan pou m adore l, li t ap pran swen m. Se sa k fè, an 1981, mwen te deside al nan yon legliz ki te nan menm ri kote m te rete a, menmsi sa te vrèman difisil pou mwen. Jan moun yo nan lari a t ap gade m nan te fè m santi m malalèz. Pastè a pa t byen akeyi m e l te pale mal ak manman m, li di l mwen te pran plas lòt moun te deja peye pou yo. Mwen te deside mwen pa pral kote konsa ankò.

Fason m te vin konn Papa m ki nan syèl la

 Chak jou, mwen te konn monte al chita bò yon fenèt pou m pase jounen an, konsa mwen te ka wè sa k ap pase deyò. Epi, yon jou maten, an 1984, lè sa a m te gen 18 an, m te deside desann al nan lakou a, yon kote ki pa abitye gen moun. Lè m te rive anba a, mwen te wè 2 mesye ki t ap preche kay an kay. Yo pale m de yon bèl avni kote sitiyasyon m ap chanje. Yo te li Ezayi 33:24 ak Revelasyon 21:3, 4 pou mwen. Apre sa, yo te ban m yon bèl bwochi ki gen anpil koulè ki te rele Viv alèz sou tè a pou toutan e yo te pwomèt y ap tounen pou yo aprann mwen plis toujou.

 Lè yo retounen, yo di m y ap vini ak yon misyonè ki fèk rive nan peyi a ki rele Pauline pou kontinye vizite m. Yo te fè sa, e mwen menm ak Pauline te vin tankou manman ak pitit. Manman m te ankouraje m kontinye etidye ak “nouvo manman m” nan ki te demontre li renmen m toutbon. Li te pasyan avè m, li te janti e l te toujou ap chèche konnen ki jan m ye. Li te aprann mwen li. Li te sèvi ak liv ki rele Liv istwa biblik mwen an pou l aprann mwen konn Jewova, Papa ki gen lanmou mwen te toujou anvi genyen an.

Pauline, yon misyonè, te etidye Labib avè m.

 Sa m te aprann nan Bib la te fè m kontan. Yon jou, mwen te mande Pauline si m te ka al nan reyinyon Temwen Jewova yo avèk li. Se te Etid liv kongregasyon a an ki te konn fèt kay yon Temwen Jewova ki te rete sou katye a. Pauline te dakò. Nan madi, li te vin chèche m. Li te ret tann mwen fin benyen epi met rad sou mwen pou n al nan reyinyon an ansanm. Gen yon moun ki te di m mande Pauline peye yon taksi pou mwen, men m te di: “M ap mache ak moso bwa m yo.”

 Lè lè a te rive pou m deplase, manman m ak vwazen yo te ret ap gade m, yo te enkyè. Pandan m ap travèse lakou a, gen kèk vwazen ki te rele byen fò, ki di Pauline: “Se fòse w ap fòse l!”

 Avèk jantiyès, Pauline te di m: “Jay, ou vle ale?” Nan moman sa a, mwen te dwe montre mwen gen konfyans nan Jewova (Pwovèb 3:5, 6). Mwen di l: “Wi, se desizyon pa m!” Vwazen yo te ret byen dousman ap gade e lè m te rive toupre baryè a, yo te vin pa enkyè ankò. Lè m ap travèse baryè a, yo te bat bravo.

 Mwen te renmen reyinyon an! Li te ankourajan! Tout moun te byen akeyi m. Pèsonn pa t gade m mal. M te santi m alèz. Depi lè a, m te toujou asiste reyinyon sa a. Yon ti tan apre, m te mande si m te ka asiste reyinyon ki fèt nan Sal Wayòm nan. Mwen te pòv, donk se de rad sèlman mwen te genyen ak yon pantouf. Malgre sa, mwen te konnen pèp Bondye a pa t ap rejte m. E se vre, yo pa t fè sa.

 Pou m al nan Sal Wayòm nan, sa te mande pou m rale ak moso bwa yo rive jis nan bout lari a. Apre sa, pou m pran yon taksi mete m nan pye mòn kote Sal Wayòm nan te ye a. Lè m rive, frè yo pote m mennen m anndan Sal la.

 Mwen te santi jan Jewova bon avè m, se sa k fè mwen te vle pran refij nan li. Mwen te pran desizyon pou m toujou asiste reyinyon yo (Sòm 34:8). Nan sezon lapli, souvan, mwen te konn rive nan Sal la tou mouye e sal ak labou. Mwen te oblije chanje rad sou mwen, men mwen pa regrèt!

 Yo te pale de mwen nan Liv aktivite Temwen Jewova yo — 1985. Gen yon sè ki rele Josette, k ap viv an Suis, ki te li istwa m nan e sa te pouse l voye yon chèz woulant pou mwen. Chèz la te gen 3 wou mwen te ka pedale ak men m, li te gen bagay pou anpeche labou vole sou mwen e li te gen koulè klere pa dèyè pou moun ka wè m lannuit. Avèk chèz sa a, mwen te ka deplase ak diyite. Timoun yo te kontan wè m k ap kondui bèl chèz mwen an, yo te konn di m chèlbè. Kòm mwen pa t oblije rale atè ankò, mwen pa t santi m san valè ankò, okontrè mwen te santi m tankou yon rèn tout moun respekte.

Jewova leve m wo

 Etandone mwen te deja ap mennen yon vi senp e m pa t gen move konduit, li te fasil pou m fè pwogrè. Lefètke m te vin gen chèz la, mwen te ka soti preche e nan dat 9 out 1986, mwen te batize. Batize m te batize a te chanje lavi m an byen. Se premye fwa m te santi m byen konsa. Mwen vin gen bonjan kè kontan ak satisfaksyon. Mwen santi m gen valè e m gen konfyans nan tèt mwen, paske m konnen mwen gen yon Papa ki renmen m e m chaje ak moun ki sousye de mwen toutbon.

 Mwen t ap chèche ki sa m ka bay Jewova pou tout sa l fè pou mwen. Se sa k fè mwen te panse pran sèvis pyonye pèmanan, men, mwen pa t sèten mwen t ap kapab rive fè lè a (Sòm 116:12). Mwen te priye sou sa, e m te deside eseye kanmenm. Mwen te kòmanse sèvis pyonye 1ye janvye 1988, e m pyonye depi lè a. Se pa ti benediksyon sa te ye pou mwen! Mwen gen yon seri frè ak sè ki renmen m e ki ede m bay lè a chak mwa. Epitou, mwen te wè jan Jewova te soutni m pa mwayen lespri sen l. — Sòm 89:21.

 Antanke pyonye, mwen te deplase plis e menmsi pye m te toujou fèb, sa ede yo. Apre yon ti tan, mwen te ale nan yon klinik ki te fèk ouvè pou m wè si yo te ka fè terapi pou mwen e pou m te enskri nan pwogram egzèsis yo genyen an. Men, gen yon enfimyè ki te di mwen pa bezwen fè tout bagay sa yo, paske m pap viv lontan. Gen yon lòt enfimyè ki te di m menm bagay la. Lè sa a, mwen te vin dekouraje. Lè m rive lakay mwen, mwen te priye Jewova pou l ede m konbat santiman dekourajman m te genyen an e pou l fè m jwenn yon terapi kèlkonk.

 Travay predikasyon an se pi bon terapi m te jwenn. Li te ede m fè anpil egzèsis. Kèk ane apre sa, gen youn nan enfimyè ki te di mwen pap viv lontan yo ki te wè m pandan l ap pase devan Sal Wayòm nan. Li te sezi wè mwen vivan toujou!

 Malgre sitiyasyon m, mwen te eseye rete aktif nan sèvis Jewova a. Frè yo te felisite m paske m chofe nan travay predikasyon an e paske m vin nan reyinyon yo bonè. Mwen toujou fè sa, paske sa ban m posiblite salye frè ak sè yo epi montre yo mwen sousye de yo.

 Mwen wè jan Jewova bon avè m e m wè jan l beni m. Mwen kontan paske m te gen posiblite etidye ak twa moun pou jis yo batize. Gen youn ladan yo ki t al Lekòl Galaad, nan 137yèm klas la, li rele Amelia. Mwen t al Lekòl pyonye plizyè fwa e m twouve se yon benediksyon Jewova ban nou! Jewova fè m vin gen kè kontan, mwen vin santi m gen valè e m gen konfyans nan tèt mwen. Moun respekte m kounye a. Mwen pa wont tèt mwen ankò. Mwen gen bon zanmi nan laverite. Se pa sèlman nan Freetown, kote m ap viv la, men se nan tout peyi a e toupatou sou tè a.

 Sa gen prèske 40 an depi m te aprann Bondye pwomèt pou l fè yon monn nouvo kote moun pap andikape ankò. Pwomès sa a ankouraje m jis kounye a e m pa ka tann pou m wè l reyalize. M ap tann Jewova, Bondye m nan, avèk pasyans paske m konnen li pap anreta (Miche 7:7). Lefètke m ret tann Jewova se yon benediksyon pou mwen, paske Jewova ede m fè fas ak anpil pwoblèm e ak anpil sitiyasyon difisil. Li toujou ede m nan bon moman. Lè m wè jan Jewova rale m sot byen ba, kote m te konn rale, pou l mete m yon kote ki wo, yon kote m pa t ap janm imajine m t ap ye, sa fè m gen kè kontan toutbon e sa toujou fè m souri.

a Kounye a, yo rele l Etid biblik kongregasyon an.