Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

DORINA CAPARELLI | BYOGRAFI

Menm lè m timid, m pa t ap chanje anyen!

Menm lè m timid, m pa t ap chanje anyen!

Mwen te toujou timid anpil, se sa k fè mwen ri lè m panse ak kèk bèl eksperyans mwen te fè nan sèvis Jewova a.

 Mwen fèt an 1934 nan vil Pescara, yon vil ki nan mitan kot ès peyi Itali, bò lanmè Adriyatik. Paran m yo te gen kat pitit fi e m se dènye a. Papa m te chwazi ban nou non nan lòd alfabetik, donk, kòm mwen se katriyèm, non m te kòmanse avèk lèt “D”.

 Papa m te toujou enterese aprann konn Bondye. Se an jiyè 1943 li te rankontre ak Temwen Jewova yo pou premye fwa. Lè sa a, se te yon mesye ki rele Liberato Ricci, ki t ap etidye ak Temwen yo ki te pale l de Bib la e ki te prete l yon Toudegad. Nan yon tikras tan, papa m te gentan chofe pou l pale ak lòt moun sou bagay li t ap aprann yo. Manman m te aksepte laverite tou. Menm lè li pa t konn li, li menm tou, li te pataje esperans li te fèk genyen an avèk lòt moun. Li te konn resite yon seri vèsè biblik li te aprann pakè.

 Ti kay nou an te vin chaje ak aktivite. Se ladan l nou te konn fè reyinyon yo. E menm lè l te piti, nou te konn loje siveyan sikonskripsyon yo ak pyonye yo.

 De pi gran sè m yo pa t twò enterese nan Bib la. Rive yon lè, yo te kite kay la pou y al marye. Men, mwen menm ak sè m nan, Cesira, te renmen koute papa nou k ap li Bib la. Mete sou sa, nou te pran plezi koute diskou frè ki te konn vizite ti gwoup nou an te konn bay yo.

 Byen souvan m te konn soti preche ak papa m e avèk lòt moun. Men, mwen te tèlman timid, sa te pran m plizyè mwa pou m te rive gen kouraj pou m di yon bagay. Malgre sa, lanmou m gen pou Jewova te grandi e m te batize an jiyè 1950. Gen yon frè ki te vin bay diskou a lakay nou e apre sa, batèm nan te fèt nan lanmè a. Nan ane ki te vin apre a, gen yon mari ak madanm li ki te vin sèvi kòm pyonye espesyal nan zòn nan, e byen souvan, m te konn preche avèk yo. Plis m te pase tan ap preche, se plis sa te vin fasil pou mwen. Se pa ti renmen m te vin renmen bèl privilèj sa a!

Yon desizyon ki chanje lavi m nèt

 Premye siveyan sikonskripsyon nou te genyen an te rele Piero Gatti a. Li te ankouraje m, nonsèlman pou m pran sèvis pyonye a, men tou, pou m te deplase al viv kote yo plis bezwen pwoklamatè Wayòm nan. Se yon bagay ki potko janm pase nan tèt mwen. Nan zòn kote m t ap viv la, an jeneral, jèn fi yo rete lakay yo jiskaske yo marye. Se sa k fè, an mas 1952, mwen te kòmanse sèvi kòm pyonye toutpandan m lakay paran m. Nan moman an, mwen pa t reyalize jan desizyon sa a t apral gen efè sou tout rès vi m.

 Apeprè nan menm epòk la, gen yon jèn sè ki rele Anna ki te vle vin pyonye tou. Li te vin viv avèk nou, yon fason pou n te ka soti preche ansanm. An 1954, yo te nome nou pyonye espesyal nan vil Pewouz, ki te nan yon distans 250 kilomèt parapò ak lakay la e nan zòn sa a pa t gen Temwen.

Mwen menm ak Anna ansanm ak papa m, yon ti tan anvan nou kite Pewouz.

 Se te yon gwo bagay pou mwen! Mwen te gen 20 an sèlman, e sèl fwa m te kite vil kote m te fèt la, se te pou m t al nan kongrè avèk paran m yo. Kounye a, se kòmsi m t ap travèse ale nan dènye bout tè a! Papa m te yon ti jan pè pou mwen menm ak Anna t al viv poukont nou, donk li te vin avèk nou pou l ede nou jwenn yon kote pou n rete. Nou te lwe yon chanm ki te jwe wòl Sal Wayòm tou. Men, pandan yon ti tan, se nou de a sèlman ki te konn asiste reyinyon yo. Malgre sa, nou te pase bon moman ap preche nan Pewouz ak nan vil ak bouk ki te toupre l yo e efò nou te fè yo te kòmanse pote fwi. Anviwon ennan apre sa, te gen yon frè ki te demenaje vin viv Pewouz e se li ki te konn kondui reyinyon yo pou nou. An 1957, lè n te kite zòn nan pou n al nan yon lòt asiyasyon, te deja gen yon ti kongregasyon nan zòn nan.

Mwen menm avèk madanm yon siveyan sikonskripsyon ak Anna, toupre yon ansyen fontèn dlo ki rele Fontana Maggiore nan Pewouz an 1954.

 Pwochen asiyasyon nou te genyen an, se te nan yon ti vil ki rele Tèni, nan mitan peyi Itali. Nou te kontan preche nan vil Tèni, paske te gentan gen anpil moun ki enterese nan zòn nan. Men, nou te jwenn defi tou. Menm lè rejim fachis la te tonbe an 1943, gen kèk otorite ki te kontinye fè efò pou yo anpeche Temwen Jewova yo gaye mesaj ki nan Bib la, e yo te egzije pou n gen yon lisans pou n preche pòt an pòt.

 Byen souvan, lapolis te konn suiv Temwen Jewova yo. Pafwa, nou te konn fofile kò nou nan mitan yon foul moun, yon fason pou yo pa t ka jwenn nou. Men, sa pa t toujou mache. Yo te arete m an de fwa. Premye fwa a, m t ap preche ak siveyan sikonskripsyon an. Polisye a te arete nou e li te mennen nou nan komisarya a, kote yo te akize nou kòmkwa nou t ap preche san otorizasyon legal e yo te ban nou yon amann. Nou pa t aksepte peye amann nan paske nou pa t vyole okenn lwa. Kè m te tèlman ap bat fò, m te prèske ka tande l k ap bat. M te di Jewova mèsi paske m pa t poukont mwen. M te sonje pawòl ankourajan ki nan Ezayi 41:13 yo: “Ou pa bezwen pè, m ap ede w.” Yo te lage nou e lè ka a te parèt devan tribinal, jij la te di nou pa t fè anyen ki ilegal. Sis mwa apre sa, yo te arete m yon dezyèm fwa. Fwa sa a, mwen te poukont mwen, men fwa sa a tou, yo te lage m.

Mwen jwenn plis opòtinite pou m sèvi Jewova

 M sonje jan m te kontan asiste yon kongrè ki te fèt an 1954 nan vil Nap, nan sid peyi Itali. Lè m te rive, mwen te mete m disponib pou m patisipe nan netwayaj lokal la. Yo te ban m asiyasyon pou m travay toupre estrad la. Pandan m t ap netwaye a, m te wè yon bèl jèn frè, ki te manm sèvis akèy ki rele Antonio Caparelli. Se te yon pyonye nan peyi Libi. Fanmi l te deplase kite peyi Itali al viv nan peyi Libi nan fen ane 1930 yo.

Antonio sou motosiklèt li te genyen nan peyi Libi a.

Jou maryaj nou.

 Antonio te gen anpil enèji e l te gen kouraj. Li te konn antre fon nan dezè Libi a sou moto l pou l al preche Italyen ki t ap viv nan dezè a. Pafwa, nou te konn ekri youn lòt. Men, nan kòmansman ane 1959, li te retounen nan peyi Itali. Li te pase kèk mwa nan Betèl la, nan vil Wòm, e apre sa yo te nome l pyonye espesyal nan vil Vitèb, nan sant peyi Itali. Nou te vin pi pwòch youn ak lòt e nou te marye nan dat 29 septanm 1959. Epi, m t al jwenn Antonio nan vil Vitèb.

 Nou te bezwen yon kote pou n rete e pou n fè reyinyon. Finalman, nou te lwe yon pyès kay, ki te tankou yon ti biznis ki te gen yon ti twalèt pa dèyè. Nou te mete kabann nou nan yon kwen nan pyès kay la e nou te bare l ak yon separatè. Se te chanm nou. Kanta pou rès espas la, swa li te jwe wòl kizin ak salon, swa li te jwe wòl Sal Wayòm selon jou a. Li pa t fasil pou n viv nan ti chanm sa a e m pa t ap chwazi viv ladan l poukont mwen. Men, m te kontan viv ladan l paske m te ansanm ak Antonio.

Nou menm ki devan separatè ki te bare “chanm” nou an.

 An 1961, yo te nome Antonio siveyan sikonskripsyon. Men, anvan sa, li te dwe asiste yon lekòl ki t ap dire yon mwa pou sèvitè kongregasyon oswa ansyen. Sa te vle di m te oblije rete poukont mwen pou yon mwa. Mwen dwe admèt mwen te santi m tris anpil, sitou leswa lè m te poukont mwen nan ti chanm nou an. Men, mwen te kontan paske Jewova t ap sèvi ak Antonio. E m te bat pou m rete okipe, konsa tan an te pase byen vit.

 Lefètke nou te nan sèvis sikonskripsyon an, sa vle di nou te bezwen vwayaje anpil. Nou te soti Venesi, ki nan nò peyi Itali pou n ale Sisil ki nan sid Itali. Okòmansman nou pa t gen machin, donk nou te konn sèvi ak transpò piblik. Yon fwa, apre nou te fè yon vwayaj nan wout kraze nan yon zòn andeyò sou zile Sisil, frè yo te vin chèche nou nan estasyon bis la e yo te vin ak yon bourik pou transpòte malèt nou yo. Antonio te gen yon kostim ak kravat sou li e mwen menm, mwen te gen yon bèl wòb sou mwen. Alewè moun yo te byen ri nou k ap mache byen bwòdè ansanm avèk plizyè kiltivatè, epi tout malèt nou ak yon machin a tape sou do yon bourik.

 Frè yo te montre yo vrèman donan avèk nou e yo te pataje kèlkeswa sa yo te genyen avèk nou, menmsi yo pa t gen anpil. Gen kèk kay ki pa t gen twalèt oubyen ki pa t gen dlo tiyo. Yon fwa, nou te dòmi nan yon chanm ki te rete fèmen pandan plizyè ane. Pandan nuit lan, mwen te tèlman ap bat kò m nan dòmi an Antonio te oblije reveye m. Lè nou te leve dra a, se pa ti sezi nou te sezi wè matla a te chaje ak ti bèt sou li. Nan mitan nuit lan, pa t gen anpil bagay nou te ka fè, donk nou te annik retire valè ti bèt nou te ka retire sou matla a epi nou te eseye retounen dòmi ankò.

Mwen menm avèk Antonio nan travay sikonskripsyon an nan ane 1960 yo.

 Poutan, se pa bagay sa yo m te twouve ki pi difisil pou mwen. Pi gwo pwoblèm mwen se paske m te timid. Lè nou te konn vizite yon kongregasyon pou premye fwa, mwen te twouve li difisil pou m fè nouvo zanmi, men mwen te vrèman vle ankouraje sè yo epi ede yo. Donk, mwen te fè anpil efò pou m fè sa. Avèk èd Jewova, distans pou fen semèn nan rive, mwen te toujou santi m pi alèz. Se te yon gwo privilèj pou m travay ansanm ak frè ak sè yo e pou m wè jan yo donan, jan yo fidèl e jan yo renmen Jewova.

 An 1977, apre nou te fin fè kèk ane nan sèvis sikonskripsyon an ak nan sèvis distri a b, yo te envite nou nan Betèl Wòm nan pou nou ede nan preparasyon yo t ap fè pou kongrè entènasyonal ki te gen tit “La foi victorieuse” ki t ap fèt an 1978 la. Apre kèk mwa, nou te vin manm fanmi Betèl la. Yon tikras tan apre sa, yo te nome Antonio manm komite filyal.

 Betèl la te yon nouvo eksperyans pou mwen e yon lòt fwa ankò, gen moman timidite a te konn fè li difisil pou m alèz nèt. Men, grasa èd Jewova e grasa èd lòt Betelit yo, m pa t pran tan pou m santi Betèl la se lakay mwen.

Mwen jwenn nouvo eprèv

 Nan ane ki te vin apre yo, nou te jwenn yon nouvo kalite eprèv, anpalan de pwoblèm sante. An 1984, yo te fè Antonio yon operasyon nan kè e anviwon dizan apre sa, li te vin gen lòt pwoblèm sante. Epi, an 1999, li te aprann li gen yon kansè. Li te toujou yon moun aktif, men li pa t rive geri anba maladi terib sa a. Kè m te fann lè m te wè l ap vin pi fèb chak jou. Mwen te priye Jewova ak tout kè m, mwen te mande l fòs pou l ede m soutni mari m. Epi, mwen te konn li Sòm yo souvan, sa te ede m jwenn konsolasyon lè m te santi m enkyè. Antonio te mouri nan dat 18 mas 1999. Nou te prèske gen 40 an maryaj.

 M te santi m vrèman poukont mwen, malgre te gen yon pakèt moun bò kote m. Se vre, mwen te resevwa anpil lanmou ak anpil konsolasyon nan men lòt Betelit yo e nan men lòt frè nou te rankontre lè n te nan sèvis sikonskripsyon ak sèvis distri a. Men, malgre sa, gwo tristès m te gen nan kè m, sitou leswa lè m ap retounen nan chanm Betèl la ki vid, te fè m mal yon fason m pa t ka esplike. Men, lapriyè, etid ak tan k ap pase te ede m geri. Anfèt, rive yon lè, m te menm santi se yon plezi sa ye pou m sonje lavi m avèk Antonio. Jis kounye a, m renmen sonje aktivite nou te konn fè ansanm yo e m gen asirans Antonio nan memwa Jewova e m ap wè l ankò lè l resisite.

 Mwen te gen anpil asiyasyon nan Betèl la. Pou kounye a, asiyasyon m genyen se nan depatman kouti. Mwen vrèman kontan fè yon travay ki itil frè m ak sè m yo nan Betèl la. Mete sou sa, mwen fè efò pou m rete okipe nan travay predikasyon an. Se vre, kounye a mwen pa ka fè menm kantite bagay mwen te konn fè lontan yo, men, m toujou pran plezi pataje bòn nouvèl Wayòm nan, yon privilèj mwen te vin renmen lè m te jèn. Se poutèt sa, mwen toujou ankouraje jèn yo pou yo antre nan sèvis pyonye, paske mwen konnen jan travay sa a ka bay anpil kè kontan.

“Mwen vrèman kontan fè yon travay ki itil frè m ak sè m yo nan Betèl la.”

 Mwen prèske gen 70 an nan sèvis aplentan, e lè m panse ak ane sa yo, mwen wè jan Jewova ede m e li beni m. Mwen toujou timid, donk mwen konnen, si se te ak pwòp fòs pa m, mwen pa t ap janm rive fè bagay mwen te fè yo. Mwen t al yon seri kote ki byen lwen, mwen te wè anpil bagay e mwen te viv anpil bagay epi mwen te rankontre moun ki te anseye m yon seri bagay ki enpòtan. Mwen kapab di, san m pa gen okenn dout, si m te gen pou m rekòmanse, mwen t ap fè tout bagay menm jan an.

a Byografi Piero Gatti, ki gen tit “Mwen te pè lanmò” a, nan Toudegad 15 jiyè 2011.

b Yon siveyan distri te konn vizite plizyè sikonskripsyon ki fòme yon distri.