Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

MILTIADIS STAVROU | BYOGRAFI

“Nou santi jan Jewova pran swen nou e li gide nou”

“Nou santi jan Jewova pran swen nou e li gide nou”

Lè m te gen anviwon 13 an, mwen te renmen gade machin k ap pase bò lakay mwen nan vil Tripoli nan peyi Liban, menm jan ak tout timoun laj mwen yo. Youn nan machin m te pi renmen wè yo, se te yon bèl machin wouj ki te pou yon mesye siryen. Ou ka imajine jan m te sezi lè prèt nan Legliz òtodòks nan zòn nan te di nou pou n kalonnen machin sa a ak wòch paske mèt machin nan se Temwen Jewova!

 Nou te di prèt la si nou fè sa nou ka blese moun k ap kondui a. Li te di nou: “Touye l. Apre sa, sèvi ak rad mwen pou nou netwaye san an nan men nou!” Byenke mwen te fyè dèske mwen te nan relijyon òtodòks grèk la, pawòl sa yo ki te chaje ak kòlè te vin fè m kite legliz la annapre. Lè m ap reflechi sou sa k te pase a, mwen rann mwen kont sitiyasyon sa a te ede m jwenn laverite sou Jewova.

Mwen vin aprann laverite sou Jewova

 Toutpandan m t ap grandi, vil Tripoli ki gen yon pò ladan l, te chaje ak moun ki soti nan diferan kilti, ki gen diferan lang ak diferan relijyon. Chak fanmi te fyè pou kote yo soti e fanmi m tou. Gran frè m yo ansanm avè m te vin antre nan yon gwoup ki rele Sòlda lafwa a ki te opoze ak Temwen Jewova yo. Nou pa t janm rankontre okenn Temwen, men prèt nou an te di Temwen yo se yon gang ki te kont Legliz òtodòks grèk la e chèf yo a rele Jewova. Se toutan prèt nou an te konn ap di n depi nou wè Temwen yo se pou n atake yo.

 San m pa t konnen, gen twa nan frè m yo ki te rankontre ak Temwen Jewova yo. Men, olye frè m yo te fè vyolans sou yo, yo te aksepte etidye Labib avèk yo pou pwouve yo gen tò. Yon jou swa, mwen te antre lakay mwen, e m te jwenn salon an plen ak Temwen ki t ap pale de Bib la ak fanmi m e ak kèk vwazen. Se pa ti fache m te fache! Ki jan frè m yo te ka trayi Legliz òtodòks la konsa? Pandan m ap vire pou m ale, gen youn nan vwazen yo, yon dantis tout moun te konnen e ki te yon Temwen, ki te di m pou m fè yon ti chita pou m koute. Gen yon zanmi fanmi an ki t ap li Sòm 83:18 nan pwòp Bib pa m nan. Se nan moman sa a mwen te rann mwen kont, prèt nou an te ban nou manti. Jewova pa yon chèf gang, li se sèl vrè Dye a!

Yon ti tan apre batèm mwen.

 Mwen te vle konn plis bagay sou Jewova. Donk, mwen te kòmanse asiste etid biblik ki te konn fèt lakay nou an e se frè Michel Aboud ki te konn fè etid la. Yon jou, gen yon zanmi ki te la ki te poze yon kesyon mwen te toujou ap poze tèt mwen depi m toupiti. Li te di: “Di nou non, kiyès ki kreye Bondye?” Frè Aboud te atire atansyon nou sou yon chat ki te kouche sou yon kanape toupre a. Li te esplike nou chat yo pa ka konprann pawòl ak rezònman lèzòm yo. Menm jan an tou, nou pa kapab konprann anpil bagay sou Bondye. Esplikasyon byen senp sa a li te bay la te ede m konprann poukisa gen yon seri bagay mwen pa t ka byen konprann sou Jewova. Yon tikras tan apre sa, mwen te vwe lavi m bay Jewova Dye e m te batize an 1946 lè m te gen 15 an.

Sèvis pyonye a fè m jwenn objektif nan lavi m

 An 1948, mwen te kòmanse travay avèk Hanna, frè m, nan stidyo foto li te genyen an. Stidyo l la te toupre yon magazen penti ki te pou yon frè ki rele Najib Salem b. Najib se te yon pwoklamatè ki pa pè anyen e l te ret konsa jiskaske l mouri a 100 an. Lè m te konn al preche nan bouk yo ansanm avè l, mwen te ka wè jan l gen kouraj malgre opozisyon. Mete sou sa, li pa t pè pale sou Bib la ak okenn moun, kèlkeswa relijyon yo. Bèl egzanp li ak fason l te chofe nan travay predikasyon an, te gen yon bon enfliyans sou mwen.

Najib Salem (dènye ranje a, adwat) te gen yon gwo enfliyans sou mwen.

 Yon jou, pandan m te nan travay la, gen yon sè ki rele Mary Shaayah, ki te vizite nou. Se te yon sè Libanèz ki te soti Etazini. Nonsèlman se te yon manman ki gen anpil travay pou l fè, men tou li te yon pyonye ki chofe nan travay predikasyon an. Vizit sa a te chanje lavi m. Mary te fè plis pase dezèdtan ap pataje eksperyans li te fè nan travay predikasyon an avèk nou. Anvan Mary ale, li gade m epi l di: “Milto, kòm ou selibatè, sa k fè w pa pran sèvis pyonye a?” Mwen te di l mwen pa ka vin pyonye paske fò m travay pou m jwenn yon ti kòb pou m viv. Apre sa, Mary di m: “Konbyen tan m te pase ansanm avèk nou maten an?” Mwen te di: “Anviwon dezèdtan.” Epi li di m: “M pa t wè w ap fè anpil travay pandan tan sa a. Si w preche pandan apeprè menm kantite tan an chak jou, ou ka vin yon pyonye. Eseye l omwen pou yon ane, epi wa deside si w ap kontinye.”

 Byenke nan kilti pa m gason pa fasil pran konsèy nan men fi, konsèy li te ban m nan te fè sans. De mwa apre sa, an janvye 1952, mwen te pran sèvis pyonye. Apre anviwon 18 mwa, mwen te resevwa envitasyon pou m asiste 22yèm klas Lekòl Galaad la.

Fanmi m ak zanmi m k ap di m orevwa lè m t apral asiste Lekòl Galaad an 1953.

 Apre m te fin gradye, yo te ban m asiyasyon pou m sèvi nan Mwayenn Oryan. Mwens pase yon ane apre sa, mwen te marye ak Doris Wood, yon misyonè ki gen kè kontan ki soti Angletè ki t ap sèvi nan Mwayenn Oryan tou.

Predikasyon nan peyi Siri

 Yon ti tan apre mwen menm ak Doris te fin marye, yo te asiyen nou pou nou sèvi nan vil Alèp nan peyi Siri. Kòm yo te mete entèdiksyon sou travay predikasyon an nan peyi sa a, pifò moun nou te jwenn pou n fè etid avè yo se lòt moun ki te mete nou an kontak avèk yo.

 Yon jou, nou t al vizite yon dam ki te montre li enterese fè yon etid nan Bib la. Li te ouvri pòt la tou ap tranble e l te di nou: “Fè atansyon, lapolis fèk sot vin la a. Yo te vle konnen ki kote n ap viv.” Nou te konprann sèvis sekrè ki gen nan lapolis yo te konnen nou t ap fè etid Labib ak moun yo. Nou te rele frè ki t ap sipèvize travay predikasyon nan Mwayenn Oryan yo, e yo te ankouraje nou pou n kite peyi a osito sa posib. Menm lè nou te tris paske nou t ap kite etidyan nou yo, nou te wè jan Jewova renmen nou e li pwoteje nou.

Nou wè fason Jewova dirije nou nan peyi Irak

 An 1955, yo te ban nou asiyasyon pou n al sèvi nan vil Bagdad nan peyi Irak. Byenke nou te ka preche tout moun nan peyi Irak san nou pa atire atansyon sou nou, nou te fè plis efò pou n ede moun ki te nan yon relijyon ki kretyen.

Mwen menm avèk kèk lòt misyonè nan peyi Irak.

 Mete sou sa, nou te eseye fè konvèsasyon ansanm ak moun ki Mizilman yo nan mache oswa nan lari. Byen souvan, Doris te konn pale sou sijè ki kapab enterese moun k ap koute l yo. Pa egzanp, li te konn di: “Papa m te toujou konn di nou tout gen pou rann Bondye kont pou aksyon nou yo.” ​(Women 14:12). Apre sa, li konn di: “Pawòl sa yo te toujou ede m nan lavi m. E ou menm, ki sa w panse?”

 Nou te pran plezi sèvi nan vil Bagdad pandan prèske twazan. Nou te ede frè yo ki nan zòn nan pou yo òganize travay predikasyon an ki te dwe fèt san yo pa atire twòp atansyon. Nou te konn sèvi ak mezon misyonè a pou n fè reyinyon nan lang arab la. Se pa ti kontan nou te kontan akeyi moun sensè ki soti nan kominote Asiryen an, kote pifò moun fè konnen yo se kretyen. Lè yo te wè jan gen lanmou ak tèt ansanm nan reyinyon nou yo, yo te konprann se nou menm ki vrè disip Jezi yo. — Jan 13:35.

Nou te fè reyinyon yo nan mezon misyonè ki te nan vil Bagdad la.

 Pami moun ki pa t pran tan pou yo aksepte mesaj lapè nou t ap preche a, te gen Nicolas Aziz, yon papa ki dou e ki gen imilite, ki te desandan moun Ameni ak Asiri. Nicolas ak Helen, madanm li, te aksepte sa Bib la anseye sou Jewova ak Jezi, Pitit li a, byen rapid, yo te aksepte yo chak yo se yon moun apa (1 Korentyen 8:5, 6). Jis jodi a, mwen sonje jou Nicolas ak 20 lòt moun te batize nan rivyè Efrat la.

Nou te wè men Jewova k ap ede nou nan peyi Iran

Nan Iran, an 1958.

 Yon ti tan apre koudeta yo te fè nan dat 14 jiyè 1958, kote yo te touye wa Faisal II, ki te wa peyi Irak la, yo te depòte nou e n te oblije al viv nan peyi Iran. Lè nou te rive la, nou te kontinye travay predikasyon nou an avèk prekosyon e n te fè sis mwa ap preche etranje yo.

 Yon ti tan anvan m te kite vil Teyeran, ki se kapital peyi Iran, yo te mennen m nan yon komisarya polis pou yo te pase m entèwogatwa. Sa te fè m wè lapolis t ap veye nou. Apre entèwogatwa a, mwen te kontakte Doris e m te di l lapolis ap veye nou. Nou te wè, pou sekirite nou, l ap pi bon pou m pa tounen lakay e chak moun t ap ret yon bò jis jou pou n kite peyi a rive.

 Doris te jwenn yon kote l te an sekirite e l te rete la jis lè a te rive pou n rankontre nan ayewopò a. Men, kòman l t ap fè rive nan ayewopò a san pèsonn pa wè l? Doris te priye Jewova sou sa.

 Bridsoukou, yon gwo lapli pran tonbe e tout moun t al chèche yon kote pou yo pare lapli a, menm polisye yo tou. Lè sa a pa t gen pèsonn nan lari a, konsa, Doris te kapab deplase byen alèz. Doris di: “Gwo lapli sa a, se te vrèman yon mirak!”

 Apre nou te fin kite Iran, yo te asiyen nou nan yon lòt tèritwa, kote nou te preche moun ki soti divès kote e ki gen divès relijyon. An 1961, nou te nan travay sikonskripsyon an e nou te konn vizite frè ak sè n yo divès kote nan Mwayenn Oryan.

Nou wè lespri sen Jewova k ap travay

 Mwen te gen plizyè okazyon pou m wè fason lespri sen Jewova kapab ede nou gen tèt ansanm nan travay predikasyon nou t ap fè nan Mwayenn Oryan an. Jis jodi a, mwen sonje bèl konvèsasyon mwen te genyen pandan m t ap etidye Labib ansanm avèk de Palestinyen ki rele Eddy ak Nicolas. Yo toule de te renmen asiste reyinyon nou yo. Men, yo te kite etid la byen vit poutèt pwennvi yo nan domèn politik. Mwen te priye pou Jewova ouvri kè yo. Lè yo te vin konprann nonsèlman Bondye pral rezoud pwoblèm Palestinyen yo men tou li pral rezoud pwoblèm tout moun sou tè a, yo te rekòmanse fè etid yo a (Ezayi 2:4). Yo te sispann panse se nasyon pa yo a ki pi bon e yo te vin batize. Pi devan, Nicolas te vin yon siveyan sikonskripsyon ki chofe nan travay l ap fè a.

 Toutpandan mwen menm avèk Doris t ap vwayaje sot nan yon peyi al nan yon lòt, kè nou te vrèman touche lè n te wè jan frè ak sè n yo te demontre lafwa kèlkeswa sitiyasyon yo. Kòm yo te gen anpil bagay y ap andire, mwen te pran detèminasyon pou m ankouraje yo pandan vizit m ap fè antanke siveyan sikonskripsyon yo (Women 1:11, 12). Pou m rive fè sa, mwen te toujou fè efò pou m sonje mwen pa pi siperyè pase frè m ak sè m yo (1 Korentyen 9:22). Mwen te jwenn anpil satisfaksyon nan ankouraje frè ak sè m yo ki te bezwen sa.

 Se pa ti kontan nou te kontan wè anpil nan moun nou te etidye Labib avèk yo ki te vin sèvi Jewova fidèlman. Kèk nan yo te deplase al viv aletranje ansanm ak fanmi yo pou yo chape anba vyolans ki te gen nan peyi yo. Men, yo te vin tounen yon benediksyon pou kongregasyon arab ki nan Ostrali, Kanada, Ewòp ak Etazini yo. Nan dènye ane ki sot pase yo, kèk nan pitit yo ki fin gran kounye a te retounen nan Mwayenn Oryan pou yo sèvi kote yo bezwen plis pwoklamatè ki gen kouraj. Doris avè m vrèman kontan pou nou wè nou gen tout pitit ak pitit pitit espirityèl sa yo!

N ap konte sou Jewova pou toutan

 Pandan tout vi nou, nou te santi jan Jewova te pran swen nou e l te dirije nou divès fason. Mwen gen anpil rekonesans pou Jewova paske l ede m sispann gen prejije epi sispann panse se peyi pa m ki pi bon, yon seri santiman m te genyen lè m te jèn gason. Fòmasyon mwen te resevwa nan men kwayan parèy mwen ki gen kouraj e ki pa gen patipri te prepare m pou m pataje verite ki nan Bib la avèk moun ki soti divès kote. Tank mwen menm ak Doris t ap vwayaje sot nan yon peyi al nan yon lòt, nou te jwenn divès kalite difikilte e anpil fwa nou pa t konn sa ki t apral rive annapre. Sa te aprann nou pou n pa konte sou tèt nou, men pou n konte sou Jewova Dye nèt. — Sòm 16:8.

 Lè m ap panse ak plizyè dizèn ane mwen te pase nan sèvis Jewova a, mwen rann mwen kont mwen gen yon gwo dèt pou Papa m ki nan syèl la. Mwen dakò avèk madanm mwen Doris, ki toujou di anyen pa ta dwe fè nou sispann bay Jewova yon atachman ki san pataj, pa menm menas lanmò. N ap toujou gen rekonesans pou Jewova, paske li te ede nou gaye yon mesaj lapè nan Mwayenn Oryan (Sòm 46:8, 9). N ap tann lavni avèk konfyans paske nou konnen Jewova ap toujou kontinye dirije moun ki konte sou li e l ap toujou kontinye pwoteje yo. — Ezayi 26:3.

a Pou w jwenn plis enfòmasyon sou gwoup sa a, gade Annuaire 1980 des Témoins de Jéhovah paj 186-188.

b Byografi Najib Salem te parèt nan Toudegad 1ye septanm 2001, paj 22-26 (fransè).