Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

FASON N ITILIZE OFRANN NOU YO

Fason moun ka tande e wè yon seri bagay pandan kongrè a

Fason moun ka tande e wè yon seri bagay pandan kongrè a

1YE JIYÈ 2024

 Depi plis pase 130 an, Temwen Jewova nan epòk pa nou an ap reyini chak ane pou kongrè yo. Kounye a, pwogram kongrè yo vin gen plis pase 40 diskou, ansanm ak mizik, entèvyou ak videyo. Pou moun k ap asiste pwogram nan ka byen pwofite l epi jwenn ankourajman, yo bezwen byen “tande” e byen “wè”. (Lik 2:20.) Ki fason n itilize ofrann nou yo pou n asire n tout moun ka byen pwofite kongrè yo, kèlkeswa kote y ap viv?

Sistèm odyo/videyo ki adapte pou chak kote ki gen kongrè

 Nan peyi oksidantal yo, anpil gwo stad ak kote pou akeyi anpil moun deja gen sistèm odyo/videyo pa yo. Donk, poukisa lè n lwe yon kote pou n fè yon kongrè, souvan nou konn enstale ekipman sonorizasyon pa nou? David, yon frè ki travay nan Depatman Broadcasting nan syèj mondyal la, di: “Pa gen anpil lokal nou lwe ki fèt pou anpil moun vin byen tande sa k ap di nan yon pwogram ki sitou gen oratè pandan plis pase sizèdtan. Pa egzanp, nan lokal tankou stad yo, yo konn itilize sistèm sonorizasyon an sitou pou yo fè anons ki kout e pou yo pase ti mizik. Ekran pou yo pase videyo yo se pou moun wè skò match yo, reklam yo ak repriz yo. Men sa diferan pou nou, nou ta renmen pou moun ki vin nan kongrè yo gade videyo ki pi long, epitou pou yo tande e konprann chak mo oratè a ap di.”

 Tout lokal nou fè kongrè yo pa menm, se sa k fè yo bezwen adapte sistèm odyo/videyo pou chak lokal sa yo. Yonfwa nou chwazi yon kote pou n fè yon kongrè, Depatman Broadcasting nan filyal yo egzamine pou yo wè ki kote moun yo pral chita, selon kantite moun yo prevwa ki pral asiste kongrè a e kantite moun lokal la ka pran. Frè yo byen gade ki kote pou yo mete baf yo, ekran yo e ki jan y ap konekte yo. Apre sa, yo fè yon lis tout bagay y ap bezwen pou yo asire yo tout moun kapab wè e tande pwogram nan.

Kèk frè nan Depatman Broadcasting nan yon filyal (LBD) k ap byen suiv yon plan yo te ba yo.

 Kote pwogram kongrè a ap fèt nan plizyè lang, sistèm odyo/videyo yo ap vin pi konplike. Si y ap entèprete pwogram nan nan yon lòt lang, moun k ap sèvi kòm entèprèt la bezwen tande e wè pwogram nan. Epi, y ap voye sa l entèprete a sou yon estasyon radyo pou moun ki pale lang lan. Grasa yon seri sistèm espesyal ki egziste, yo ka pase yon videyo pou tout moun ki nan asistans lan wè menm videyo a, menmsi moun yo ta ap tande odyo a nan uit lang. Men sa David di: “Sistèm sa yo vrèman konplike e volontè ki jere sistèm sa yo bezwen anpil fòmasyon.”

 Pifò filyal yo gen yon kantite ekipman odyo/videyo ki la pou yo itilize chak ane. Kote se konsa sa ye, frè yo fè aranjman pou yo transpòte yon gwoup ekipman sot nan yon kongrè al nan yon lòt kongrè. Nan filyal Etazini an sèlman, yo depanse plis pase 200 000 dola a chak ane jis pou yo transpòte tout ekipman kongrè yo. Men, sa koute mwens kòb pase si nou t ap achte epi chèche jere lòt ekipman. Steven, yon frè ki ede nan sipèvize ekip odyo/videyo nan yon kongrè nan Kanada, di: “Ekip odyo/videyo nou an te fè tout sa yo kapab pou asire yo genyen tout ekwou, boulon, kab ak lòt pyès yo bezwen. Epitou, yo asire yo yo anfòm e yo byen anbale yo, konsa materyèl yo pare pou pwochen kongrè a.”

Achte e pran swen ekipman yo

 Sa koute chè anpil pou n lwe ekipman odyo/videyo. E pifò fwa, ekipman sa yo pa bon kalite oubyen moun yo pa byen pran swen yo. Se sa k fè, an jeneral, nou achte ekipman nou bezwen. Kounye a, yon ekran LED yo fè pou met nan mi ki anndan kay, ki mezire senk mèt pa twa mèt, koute anviwon 24 000 dola, e menm yon sèl kab mikwo ki gen longè 15 mèt (50 pye) koute anviwon 20 dola. Se pou rezon sa a Depatman Broadcasting nan travay ansanm ak Sèvis acha a pou yo “kalkile konbyen sa ap koute” anvan yo achte nenpòt ekipman (Lik 14:28). Pa egzanp, yo mande tèt yo: Konbyen moun ki pral pwofite ekipman sa a? Èske se achte yon nouvo ekipman ki pi bon? Èske n gen ase espas pou n mete ekipman an epi èske n gen ase zouti ak volontè ki deja resevwa fòmasyon pou yo pran swen ekipman an?

 Pou ekipman odyo/videyo yo ka dire plis tan epi pou n pa gaspiye ofrann volontè yo, se regilyèman nou repare materyèl nou yo. Anplis de sa, lè n ap voye ekipman yo yon lòt kote, nou mete yo nan bwat ki solid pou anpeche yo vin gen pwoblèm, epi nou konn repare bwat yo lè sa nesesè.

Lè nou pran swen e repare ekipman odyo\videyo yo, sa fè yo dire plis tan.

Yon bon temwayaj e yon pwogram ki bèl

 Sa fè gwo efè sou moun ki pa Temwen lè y ap gade kalite son ak videyo ki gen nan kongrè nou yo. Pa egzanp, nan yon kongrè, yon moun ki travay pou youn nan pi gwo konpayi nan monn nan ki travay nan kesyon odyo ak videyo te pale sou kalite ak kantite videyo nou yo. Jonathan, yon frè ki ede nan enstale epi jere ekipman odyo/videyo pou kongrè yo, di: “Mesye sa a te sezi lè l tande tout moun nan ekip la se volontè e yo pa pwofesyonèl. Anplis de sa, li di sa t ap pran moun nan konpayi pa l la senk jou pou yo enstale bagay nou te enstale nan sèlman yon jou edmi.” Nan yon lòt kongrè, mesye ki responsab lokal la te di: “Gen anpil pwofesyonèl nan kesyon mizik ak videyo ki pase la a, men m pa janm wè moun ki fè yon kalite travay wo nivo yon fason ki pwofesyonèl tankou nou menm!”

Frè ak sè k ap byen pwofite pwogram nan.

 Èske w byen pwofite sistèm odyo/videyo nan kongrè w la? Petèt ou gen menm santiman ak David k ap viv ann Angletè. Li di: “M gen 88 an e mwen toujou asiste kongrè yo. Men kounye a, li pi fasil pase nenpòt lòt lè pou m konsantre nèt sou pwogram nan. Grasa bèl videyo yo, nan yon bat je, pwogram nan pase, mesaj la pi klè e se toujou menm mesaj la nan kèlkeswa lang nan.” Micheal, k ap viv nan Nijerya, di: “Piske li pi fasil pou frè nou yo tande oratè a oswa gade videyo yo, yo kapab konsantre sou pwogram nan san yo pa distrè.”

 Ane sa a, pandan w ap asiste kongrè rejyonal ak kongrè spesyal “Anonse bon nouvèl la!”, pran yon ti tan pou w reflechi sou tout travay ki te fèt pou w te ka tande e wè pwogram nan. N ap di nou mèsi paske nou te fè ofrann volontè, san wete ofrann nou te fè pa mwayen donate.pr418.com ki pèmèt pwogram nan posib. Mèsi anpil.

a Tout dola nou pale nan atik sa a se dola ameriken.