Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Agoch: Ouragan Ian, Florid, USA, septanm 2022 (Sean Rayford/Getty Images); mitan: Yon manman ak pitit gason l k ap deplase kite zòn gè a, Donètsk, Ikrèn, jiyè 2022 (Alex Chan Tsz Yuk/SOPA Images/LightRocket via Getty Images); adwat: Moun k ap fè tès pou COVID, Beijing, Chin, avril 2022 (Kevin Frayer/Getty Images)

KONTINYE VEYE!

2022: Yon ane boulvès — Ki sa Bib la di?

2022: Yon ane boulvès — Ki sa Bib la di?

 Pandan ane 2022 a, nouvèl moun te plis tande se nouvèl lagè, pwoblèm ekonomik ak katastwòf natirèl. Se sèl Bib la ki bay yon bonjan esplikasyon pou tout bagay sa yo.

Rezon ki lakòz te gen tout boulvès sa yo an 2022

 Evènman ki pase ane sa a se yon lòt prèv ki fè nou wè n ap viv nan epòk Bib la rele “dènye jou yo”. (2 Timote 3:1.) Peryòd sa a te kòmanse nan ane 1914. Gade ki jan evènman ki sot pase yo ale nan menm sans ak sa Bib la te fè konnen ki t ap rive nan epòk nou an:

 “Lagè” — Matye 24:6.

  •   “Ane 2022 a se ane kalamite lagè pote te frape Ewòp ankò.” a

 Gade atik “Larisi anvayi peyi Ikrèn”.

 “Rate manje” — Matye 24:7.

  •   “2022: Se ane ki te gen plis moun ki soufri grangou.” b

 “Epidemi” — Lik 21:11.

  •   “Maladi polyo ki reparèt, pandan maladi yo rele varyòl senj lan ap vale teren e COVID-19 kontinye ap fè dega, montre jis nan ki pwen maladi trapan se yon bagay ki grav e jis nan ki pwen lèzòm frajil.” c

 “Bagay k ap fè [moun] pè” — Lik 21:11.

  •   “Gwo chalè, sechrès, gwo dife ak inondasyon. Se sèten, anpil moun ap sonje sezon ete 2022 a akoz tout dega katastwòf natirèl yo lakòz, akoz plizyè milye moun yo touye e akoz plizyè milyon moun ki oblije deplase.” d

 “Boulvès [oswadezòd; soulèvman”, nòt.].” — Lik 21:9.

  •   “Pandan ane 2022 a, se premye fwa te gen tout manifestasyon sa yo kont gouvènman yo akoz sitwayen peyi yo ki fache, sitou pou jan lavi chè a ap vale teren.” e

Ki sa ane k ap vini an ap pote?

 Pèsonn pa ka di egzakteman ki sa k pral pase an 2023. Sa nou konnen sèke talè konsa, Wayòm Bondye a, oswa gouvènman ki nan syèl la, pral dirije tè a (Dànyèl 2:44). Gouvènman sa a pral elimine sa ki lakòz lèzòm soufri e l pral fè volonte Bondye fèt sou tè a. — Matye 6:9, 10.

 Nou ankouraje w suiv konsèy Jezi Kris te bay pou nou “kontinye veye” pou n wè jan evènman k ap pase nan monn nan se pwofesi Bib la te anonse yo y ap reyalize (Mak 13:37). Tanpri kontakte nou pou w aprann plis sou fason Bib la kapab ede w depi kounye a ak fason li ka bay ou menm ak fanmi w bonjan espwa pou yon pi bon avni.

a AP News, “2022 Was Year the Horror of War Returned to Europe”, se Jill Lawless ki ekri l, 8 desanm 2022.

b Programme alimentaire mondial, “A Global Food Crises.”

c JAMA Health Forum, “Living in an Age of Pandemics — From COVID-19 to Monkeypox, Polio, and Disease X”, se Lawrence O. Gostin, Doktè an dwa, ki ekri l, 22 septanm 2022.

d Earth.Org, “What’s Behind the Record-Breaking Extreme Weather Events of Summer 2022?”, se Martina Igini ki ekri l, 24 oktòb 2022.

e Carnegie Endowment for International Peace, “Economic Anger Dominated Global Protests in 2022”, se Thomas Carothers ak Benjamin Feldman ki ekri l, 8 desanm 2022.