KONTINYE VEYE!
Rezon pou n gen espwa an 2023 — Ki sa Bib la di?
Pandan ane 2023 a ap kòmanse, nou tout swete tout bagay ale byen ni pou nou ni pou fanmi nou. Sa k fè nou ka gen espwa?
Labib bay espwa
Bib la fè konnen pwoblèm n ap rankontre jodi a la pou yon ti tan sèlman, talè konsa yo pral rezoud. Dayè, “yo te ekri [Bib la] pou enstriksyon nou, yon fason pou nou ka gen esperans […] grasa konsolasyon nou jwenn nan Ekriti yo”. — Women 15:4.
Pou w jwenn plis enfòmasyon sou pwomès Bib la fè yo, li atik “Bonjan espwa pou lavni”.
Yon esperans ki ka ede w depi kounye a
Esperans Bib la bay la tankou “yon lank batiman pou vi nou”. (Ebre 6:19, nòt.) Esperans sa a kapab fè nou rete djanm. Li ka ede nou fè fas ak pwoblèm n ap rankontre jodi a, li ka ede nou rete pozitif e l ka ede nou gen bonjan kè kontan an. Pa egzanp:
Chèche konnen ki jan espwa Bib la bay la te ede yon mesye ki te esklav alkòl. Gade videyo Mwen te bouke ak fason m t ap viv.
Chèche konnen ki jan espwa Bib la bay la kapab ede nou lè yon moun nou renmen mouri. Gade videyo Konsolasyon pou moun ki gen moun pa yo ki mouri.
Fè esperans ou genyen an vin djanm
Gen anpil moun ki swete bon bagay rive nan lavi yo, men yo pa gen okenn garanti sa yo espere yo ap reyalize. Men, pwomès Bib la fè yo ap reyalize. Sa k fè nou di sa? Paske se Jewova Dye a, li menm ki “pa ka bay manti” a ki fè pwomès sa yo (Tit 1:2). Se Jewova sèlman ki gen pouvwa pou l reyalize tout pwomès li fè; li ka fè “sa l vle”. — Sòm 135:5, 6.
Nou ankouraje w pou w byen pwofite espwa Bib la bay la ki garanti. Ou kapab vin gen plis konfyans nan Bib la lè w “byen egzamine Ekriti yo”. (Travay 17:11.) Chèche jwenn repons yo lè w fè yon etid Labib avèk èd yon anseyan, li gratis. Konsa, w ap kòmanse ane 2023 a avèk yon bèl esperans!